Konsèy la konteste otorite Jésus
Dirijan yo (Konsèy la) konteste ofisyèlman otorite Jésus kòm yon anseyan ki gen otorizasyon (raben).
Nan lakou tanp lan. (Madi) Yon jou polemik
Jésus baze otorite li kòm moun sou Jean Baptiste, sila ki te vini anvan l lan e ki te batize l la, epi li mande Konsèy la sa li panse sou batèm Jean an. Kesyon byen vize sa a li poze kòm repons lan paralize dirijan Jwif yo, epi Jésus fè agiman li a byen klè avèk twa parabòl: (a) parabòl de Fis yo; (b) parabòl move lokatè yo; (c) parabòl resepsyon maryaj pou Fis wa a.
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 21:23–22:14
21:23 Lè Li te fin antre nan tanp lan, chèf prèt yo avèk lansyen pami pèp la te vin kote L pandan Li t ap enstwi pou mande L: “Pa ki otorite Ou fè bagay sa yo? Se kilès ki te bay ou otorite sila a?”
24 Jésus te reponn yo: “M ap mande nou yon bagay tou, e si nou reponn Mwen, M ap fè nou konnen pa ki otorite Mwen fè bagay sila yo.
25 Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?”
Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’
26 Men si nou di ‘lòm’, nou pè foul la, paske yo tout kwè ke Jean te yon pwofèt.”
27 Yo te reponn Jésus. Yo te di: “Nou pa konnen”.
Li te reponn yo: “Ni Mwen menm p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo.”
28 “Men kisa nou panse? Yon nonm te gen de fis. Li te vini a premye a, e te di l: ‘Fis mwen, ale travay pou mwen jodi a nan chan rezen an.’”
29 “Li te reponn: ‘M p ap prale’. Men, apre li te regrèt sa, e li te ale.
30 “Nonm nan te rive kote dezyèm nan, e te di menm bagay la. Men li menm te reponn, e te di: Avozòd! Men li pa t ale. 31 Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?”
Yo te reponn: “Premye a”.
Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm. 32 Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.
33 “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.
34 “Lè lè rekòlt la te rive, li te voye esklav li yo jwenn kiltivatè yo pou resevwa pwodwi pa li a.
35 Konsa, kiltivatè yo te pran esklav li yo, te bat youn, te touye yon lòt, e yo te kalonnen twazyèm lan avèk kout wòch.
36 “Ankò lite voye yon lòt ekip esklav pi gran pase premye yo, e yo fè yo menm bagay la.
37 “Men anfen, li te voye fis li a. Li te di: ‘Y ap respekte fis mwen an.’
38 Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’
39 Konsa, yo te pran li, voye li deyò chan an e yo te touye li.”
40 “Akoz sa, lè mèt tèren an vini, kisa l ap fè avèk kiltivatè sa yo?”
41 Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”
42 Jésus te di yo:
“Èske nou pa janm li nan Ekriti Sen yo,
‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a,
te devni wòch ang prensipal la.
Sa te sòti nan Senyè a, e se te yon mèvèy nan zye nou.’?”
43 “Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li.
44 Epi sila ki tonbe sou wòch sila ap kraze an mòso, men sou sila ke li tonbe a, l ap gaye li tankou poud.”
45 Lè chèf prèt ak Farizyen yo te tande parabòl Li yo, yo te konprann ke Li t ap pale de yo menm.
46 Lè yo te chèche mwayen sezi Li, yo te krent foul la paske yo te konsidere Li kon yon pwofèt.
22:1 Ankò Jésus te reponn yo e pale ak yo an parabòl. Li te di: 2 “Wayòm syèl la tankou yon wa ki fè yon fèt maryaj pou fis li. 3 Li te voye esklav li yo deyò pou rele sila yo ki te envite nan fèt maryaj la, men yo pa t dakò vini.
4 “Ankò li voye lòt esklav pou di: “Gade, mwen prepare anpil manje. Bèf avèk anpil lòt bèt gra gen tan fin kòche. Tout bagay prè. Vini nan fèt maryaj la.
5 “Men yo pa t okipe li. Yo fè wout yo. Youn ale nan chan li, yon lòt pou okipe afè l. 6 Konsa, rès yo te sezi esklav li yo, e te maltrete e touye yo. 7 Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.
8 “Apre, li te di a esklav li yo: ‘Maryaj la prepare, men sila ki te envite yo pa dign. 9 Pou sa, ale nan gran wout yo, epi tout sila nou twouve la yo, envite yo nan fèt maryaj la.’
10 “Konsa, esklav sila yo te ale deyò nan lari yo pou te ranmase tout sa yo te twouve, ni mechan, ni bon, epi chan maryaj la te ranpli avèk moun envite yo.
11 “Men lè wa a te vini pou wè sila ki te vini yo, li twouve yon nonm ki pa abiye avèk vètman maryaj la. 12 Li te di li: ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Moun nan pa t kab menm pale.
13 “Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan. 14 Paske gen anpil moun k ap resevwa apèl la, men pa anpil moun kap chwazi.”
Marc 11:27–12:12
11:27 Konsa, yo te rive ankò Jérusalem. E pandan Li t ap mache nan tanp lan, chèf prèt yo avèk skrib yo ak ansyen yo te vin kote L.
28 Yo te di L: “Pa ki otorite W ap fè bagay sa yo; oubyen kilès ki te bay Ou otorite sa a pou fè bagay sa yo?”
29 Jésus te di yo: “M ap poze nou yon kesyon, e nou va reponn Mwen; epi konsa, Mwen menm, M ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo.
30 Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oubyen nan lòm? Reponn Mwen.”
31 Yo te rezone pami yo menm pou di: “Si nou di ‘nan syèl la’, l ap di poukisa nou pa t kwè li?
32 Men si nou di de lòm?” Konsa, yo te pè foul la, paske tout moun te konsidere ke Jean te vrèman yon pwofèt.
33 Yo te reponn Jésus e te di: “Nou pa konnen”.
Konsa, Jésus te di yo: “Nonplis, Mwen p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo”.
12:1 Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi.
2 Nan lè rekòlt la, li te voye yon esklav li kote kiltivatè yo pou l ta kapab resevwa kèk nan pwodwi jaden an nan men a kiltivatè yo.
3 Konsa, yo te pran li, yo te bat li, e te voye li ale men vid.
4 Ankò li te voye yon lòt esklav. Yo te blese li nan tèt, e te maltrete l byen maltrete.
5 Epi li voye yon lòt. Sila a yo te touye. E anpil lòt; kèk yo te bat, e kèk yo te touye.
6 “Li te gen youn anplis, yon fis byeneme. Konsa, an dènye lye, li te voye li bay yo. Li te di: ‘Yo va respekte fis mwen an’.
7 “Men kiltivatè rezen sa yo te di youn ak lòt: ‘Sa se eritye a; vini, annou touye l e jete l deyò jaden an, e eritaj la ap vin pou nou!’
8 Epi yo te pran li, yo te touye li, e te jete li deyò jaden an.
9 “Kisa mèt jaden an ap fè? Li va vin detwi kiltivatè rezen yo, e li va bay jaden an a lòt moun.
10 Èske nou pa t menm li Ekriti sila a?:
‘Wòch ke moun ki t ap bati yo te refize a;
sila a te devni wòch ang prensipal la.
11 Sa te vin rive soti nan Bondye,
e se yon mèvèy nan zye nou.’?”
12 Konsa, yo t ap chache sezi li; malgre yo te pè foul la, paske yo te konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm. Konsa, yo te kite Li e te ale.
Luc 20:1–19
20:1 Nan youn nan jou ke Li t ap enstwi pèp la nan tanp lan, e preche bòn nouvèl la, chèf prèt yo avèk skrib yo avèk ansyen yo te vin parèt devan Li.
2 Yo te mande Li: “Fè nou konnen pa ki otorite Ou fè bagay sa yo, oswa se kilès ki te bay Ou otorite sa a?”
3 Jésus te reponn yo: “Mwen ap poze nou yon kesyon, epi fè M konnen: 4 Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oswa nan lòm?”
5 Yo te rezone pami yo, e te di: “Si nou di ‘Nan syèl la’, l ap di: “Ebyen, poukisa nou pa t kwè li?
6 Men si nou di: ‘Nan lòm’, tout pèp la va lapide nou avèk wòch jiskaske nou mouri, paske yo konvenk ke Jean te yon pwofèt.”
7 Konsa, yo te reponn ke yo pa t konnen kote sa sòti.
8 Jésus te reponn yo: “Ni Mwen p ap di nou pa ki otorite ke M fè bagay sa yo.”
9 Li te kòmanse di pèp la parabòl sila a: Yon mesye te plante yon chan rezen. Li te lwe li a kiltivatè yo, e li te ale nan yon vwayaj ki te dire anpil.
10 Nan tan rekòlt la, li te voye yon esklav kote kiltivatè yo pou yo ta kapab bay li kèk nan rekòlt chan an. Men ouvriye ki okipe lyàn rezen yo te bat li, e te voye li ale men vid.
11 Alò, li te eseye voye yon lòt esklav. Yo te bat li tou, e te maltrete l jiskaske se te yon eskandal. Konsa, yo te voye li ale men vid.
12 Konsa, li te eseye voye yon twazyèm. Sila a osi yo te blese e te mete l deyò.
13 Mèt chan an te di: “Kisa pou m ta fè la a? M ap voye fis byeneme mwen an. Petèt yo va respekte li.
14 Men lè ouvriye ki te okipe lyàn rezen yo te wè li, yo te rezone youn avèk lòt konsa: ‘Sa se eritye a. Annou touye li pou eritaj la kapab pou nou.’
15 Donk yo te jete li deyò chan rezen an, e te touye li. Pou sa, kisa mèt chan rezen an ap fè yo?
16 Li va vin detwi ouvriye chan sa yo, e li va bay chan rezen an a lòt.”
Lè yo te tande li, yo te di: “Pa janm kite sa fèt!”
17 Alò, Li te gade yo, e te di: “Ebyen sou kilès sa ekri:
‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a;
sila a te devni lang prensipal la.’?
18 Tout moun ki tonbe sou wòch sa a,
va kraze an mòso; men sou nenpòt
moun ke li menm tonbe,
l ap gaye li tankou pousyè.”
19 Skrib yo avèk chèf prèt yo te eseye mete men sou Li, nan menm lè sa a, men yo te pè pèp la. Paske yo te byen konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm.