Farizyen ak Ewodyen yo eseye pran Jésus nan pyèj sou kesyon taks
Farizyen yo ak Ewodyen yo eseye pran Jésus nan pyèj sou kesyon peye César taks.
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 22:15–22
22:15 Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo.
16 Yo te voye disip pa yo ansanm avèk Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn. 17 Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?”
18 Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye!
19 Montre M kòb ke nou sèvi pou peye taks la.”
Yo te pote bay Li yon denye.
20 Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”
21 Yo reponn Li: “Se pou César”.
Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”
22 Lè yo tande sa, yo te etone e yo te kite Li ale.
Marc 12:13–17
12:13 Yo te voye kèk nan Farizyen yo ak Ewodyen yo kote Li, pou yo ta kapab pran l nan pèlen avèk pwòp pawòl Li.
14 Yo te vini, e te mande L: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite a, e Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite: Èske li pèmi pou peye taks a César; wi, oubyen non?
15 “Èske n ap peye, oubyen èske nou p ap peye?”
Men Li menm ki te konnen se ipokrit yo t ap fè, Li te di yo: “Poukisa nou ap tante Mwen? Pote ban m yon denye (kòb jounalye peyi a) pou M gade l.”
16 Epi yo te pote l.
Li te di yo: “Se imaj ak non a ki moun ki la a?”
Yo te di Li: “Se pou César”.
17 Konsa, Jésus te di yo: “Bay César bagay sila a ki pou César yo, e a Bondye bagay ki pou Bondye yo.” E yo te etone de Li menm.
Luc 20:20–26
20:20 Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a.
21 Yo te poze Li kesyon. Yo te mande l: “Mèt, nou konnen ke Ou pale e enstwi byen dwat, ke Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite.
22 Èske Li pèmi pou nou peye taks a César, oubyen non?”
23 Men Li te konprann koken yo. Li te reponn yo:
24 “Montre M yon kòb denye. Se pòtre avèk enskripsyon a kilès moun li genyen?” Yo te di: “César”.
25 Li te di yo: “Pou sa, bay a César sa ki pou César, e a Bondye, sa ki pou Bondye.”
26 Yo pa t kapab kenbe L nan yon pawòl nan prezans a pèp la; e byen etone pa repons Li, yo te vin rete an silans.
Devinèt Sadiseyen yo sou rezirèksyon an
Sadiseyen yo poze Jésus yon kesyon ki difisil pou reponn sou rezirèksyon an.
Nan lakou tanp lan. (Madi)
Matthieu 22:23–33
22:23 Nan menm jou sa a, kèk nan Sadiseyen yo (ki di pa gen rezirèksyon) te vin kote L pou poze L kesyon.
24 Yo te di: “Mèt, Moïse te di: ‘Si yon nonm mouri, li pa gen pitit, frè li, nan fanmi ki pi prè a va marye avèk madanm li, pou l elve yon Pitit pou frè li.’
25 Konsa, te gen sèt frè avèk nou. Premye a te marye. Li mouri san fè Pitit e li te kite madanm li pou frè l la.
26 Konsa tou, dezyèm lan, twazyèm nan, jouk rive nan setyèm frè a.
27 An dènye lye, fanm nan te mouri.
28 Konsa nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske yo tout te genyen l.”
29 Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.
30 Paske nan rezirèksyon an, yo pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo.
31 Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou: 32 ‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”
33 Lè foul la te tande sa, yo te etone de jan Li te enstwi a.
Marc 12:18–27
12:18 Alò, Sadiseyen yo, ki di ke nanpwen rezirèksyon, te vin kote L e te kesyone L. Yo te di:
19 “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke ‘Si frè a yon nonm mouri, e kite dèyè l madanm li, san li pa gen pitit, ke frè l la dwe pran madanm nan pou fè yon eritye pou frè li a.’
20 Te gen sèt frè; epi premye a te pran yon madanm, e li te mouri san fè eritye.
21 Epi dezyèm nan te pran l, e te mouri san kite eritye; epi twazyèm nan menm jan an, 22 Epi menm jan an tout sèt yo, san kite eritye. An dènye lye, fanm nan te mouri tou.
23 Nan rezirèksyon an, lè yo leve ankò, se madanm a kilès l ap ye? Paske tout sèt yo te genyen l kòm madanm.”
24 Jésus te di yo: “Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye?
25 Paske lè yo leve soti nan lanmò, yo p ap marye, ni bay moun nan maryaj, men yo ap tankou zanj nan syèl yo.
26 Men konsènan fè ke mò yo leve ankò a, èske nou pa t li nan pasaj liv Moïse la, devan ti bwa brile a, ke Bondye te pale l e te di l: ‘Mwen menm se Bondye Abraham nan, Bondye Isaac ak Bondye Jacob la’?
27 “Li pa Bondye a mò yo, men a vivan yo. Nou menm nou byen twonpe nou.”
Luc 20:27–40
20:27 Alò kèk nan Sadiseyen yo te vin kote L, (sa yo ki di ke pa gen rezirèksyon).
28 Yo te kesyone L, konsa: “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke si frè a yon mesye mouri avèk yon madanm, san li pa fè pitit, frè li a ta dwe pran madanm li, e fè reyisi yon posterite pou frè li a.
29 Alò, konsa, te gen sèt frè. Premye a te pran yon madanm, e li te mouri san pitit.
30 Konsa, dezyèm nan, 31 epi twazyèm nan te pran l. Epi menm jan an, tout nan sèt yo te pran l, e tout te mouri san kite pitit.
32 Finalman, fanm nan te mouri tou.
33 Konsa, nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske toule sèt moun yo te genyen li kòm madanm.”
34 Jésus te di yo: “Fis a laj sila yo marye e bay moun nan maryaj. 35 Men sila yo ki konsidere dign pou rive nan laj sila a, e rezirèksyon a mò yo, pa marye, ni yo pa bay moun nan maryaj.
36 Ni, yo pa kapab mouri ankò, paske yo tankou zanj, e se fis a Bondye, fis a rezirèksyon an.
37 Men ke mò yo leve, te montre menm pa Moïse nan pasaj sou touf bwa ki t ap boule a, kote li rele Senyè a Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la ak Bondye a Jacob la. Alò, Li pa Bondye a mò yo, men Bondye a vivan an, pou tout sila ki
38 viv de Li yo.”
39 Kèk nan skrib yo te reponn e te di: “Mèt, Ou pale byen.” 40 Paskeyo pa t gen kouraj pou poze L kesyon sou anyen ankò.