Yon Farizyen ki ekspè nan lalwa poze Jésus kesyon

Farizyen yo kontan poutèt defèt Sadiseyen yo, epi yon ekspè nan lalwa ki se yon Farizyen poze Jésus yon kesyon sou Lalwa.

Nan lakou tanp lan. (Madi)

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 22:34–40

22:34 Men lè Farizyen yo te tande ke Li gen tan fè Sadiseyen yo sispann pale, yo te reyini ansanm.

35 Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv.

36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?”

37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

Marc 12:28–34

12:28 Youn nan skrib yo te vini e te tande y ap diskite. Akoz ke li te konprann ke Li te reponn yo byen, li te mande L: “Ki kòmandman ki pi enpòtan an?”

29 Epi Jésus te reponn: “Pi enpòtan an se ‘Tande O Israël! SENYÈ, Bondye nou an se Yon Sèl SENYÈ a.

30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”

34 Lè Jésus te wè ke li te reponn avèk bon konprann, Li te di li: “Ou pa lwen wayòm Bondye a”.

Apre sa, pèsòn pa t tante poze Li okenn lòt kesyon.

Jésus fè lènmi l yo fè silans sou kesyon Fis David la

Pou kè kontan foul la, Jésus fè lènmi l yo fè silans ak kesyon byen vize sa a: kijan Mesi a fè yon desandan David epi anmenmtan li se Senyè David?

Nan lakou tanp lan. (Madi)

Matthieu 22:41–46

22:41 Alò, pandan Farizyen yo te ansanm, Jésus te poze yo yon kesyon.

42 Li te mande yo: “Kisa nou panse de Kris la? Se Fis a kilès Li ye?”

Yo te reponn Li: “Fis a David la”.

43 Li te di yo: “Ebyen, ki jan konsa ke nan Lespri a, David te rele Li ‘Senyè’ lè li te di:

44 “SENYÈ a di a Senyè mwen an,

‘Chita sou men dwat Mwen,

jouk lè Mwen mete lènmi ou yo anba pye ou’?

45 “Si David li menm rele Li ‘Senyè’, kijan Li fè kapab Pitit Li?”

46 Pèsòn pa t kapab reponn Li yon mo, ni yo pa t tante mande Li anyen depi jou sa a.

Marc 12:35–37

12:35 Jésus te kòmanse di pandan Li t ap enstwi nan tanp lan: “Kijan sa rive ke skrib yo di ke Kris la se fis a David la?

36 Menm David te di nan Lespri Sen an:

‘Senyè a te di a Senyè Mwen an,

chita sou men dwat Mwen,

jouk lè ke M mete tout lènmi Ou yo anba pye Ou.’

37 “David li menm rele Li ‘Senyè’, e nan ki sans Li kapab fis Li?”

Gwo foul pèp la te kontan tande Li.

Luc 20:41–44

20:41 Alò Li te di yo, “Kijan sa fèt ke yo di ke Kris la se Fis a David?

42 Paske David, li menm di nan liv Sòm Yo:

‘Senyè a te di a Senyè mwen an, chita bò dwat Mwen,

43 Jiskaske M fè lènmi ou yo yon ti ban pou lonje pye ou.”

44 Konsa, David rele Li Senyè, e kijan se fis Li ke li ye a?’”