Pye fig frans lan modi epi tanp lan netwaye ankò

Pye fig frans ki pa bay fwi a modi, epi tanp lan netwaye pou dezyèm fwa.

Béthanie ak Jérusalem (lendi). Yon jou pouvwa mesyanik

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 21:18–19, 12–13

21:18 Alò nan maten, Li te retounen nan vil la. Li te vin grangou.

19 Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.

12 Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo.

13 Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”

Marc 11:12–18

11:12 Nan demen, lè yo te kite Béthanie, Li te vin grangou.

13 Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi. 14 E Li te pale a li: “Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!”

E disip Li yo te tande l.

15 Konsa yo te rive Jérusalem. Li te antre nan tanp lan e te kòmanse voye deyò sila ki t ap achte ak vann nan tanp lan. Li te chavire tab a sila ki t ap chanje lajan yo ak chèz a sila ki t ap vann toutrèl yo. 16 Li pa t ap kite pèsòn pase nan tanp lan ki pote yon chaj.

17 Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo: “Èske li pa ekri: ‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”

18 Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li. Paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.

Luc 19:45–48

19:45 Jésus te antre nan tanp lan e te kòmanse pouse mete deyò sila ki t ap vann yo,

46 Li te di yo: “Li ekri. ‘Lakay Mwen va yon kay lapriyè, men nou fè l vin yon kav vòlè.’”

47 Chak jou Li t ap enstwi nan tanp lan, men chèf prèt ak skrib yo avèk direktè yo pami pèp la t ap eseye detwi Li. 48 Men yo pa t kab twouve anyen ke yo ta kab fè, paske tout pèp la t ap akwoche sou chak pawòl Li te pale.

Kèk Grèk vle wè Jésus

Lefètke kèk Grèk vle wè Jésus mete disip yo nan konfizyon. Sa mennen Jésus, ak nanm li boulvèse, pou l esplike lavi ak lanmò kòm sakrifis, epi pou l montre kijan, lè yo “leve l anlè”, li pral atire tout moun vin jwenn li.

Jérusalem (lendi)

Jean 12:20–50

12:20 Konsa, te gen sèten Grèk pami yo ki t ap monte pou adore nan fèt la. 21 Yo te ale kote Philippe ki te sòti nan Bethsaïda nan Galilée, e te kòmanse mande li: “Mesye, nou vle wè Jésus.”

22 Philippe te vin di André. E André ak Philippe te di Jésus sa.

23 Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa.

24 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi. 25 Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.

26 “Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.

27 “Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a. 28 Papa, ke non Ou kapab resevwa glwa!”

Yon vwa te sòti nan syèl la: “Mwen te non sèlman bay li glwa a, men Mwen va bay li glwa ankò.”

29 Foul la ki te kanpe la epi te tande sa, te di ke yo tande loraj. Lòt yo te di: “Yon zanj pale avèk Li.”

30 Jésus te reponn e te di: “Vwa sa a pa t vini pou kòz pa M, men pou kòz pa nou. 31 Koulye a jijman vini sou mond sa a. Koulye a mèt mond sa a va jete deyò. 32 E Mwen, si Mwen gen tan leve wo anwo tè a, Mwen va atire tout moun kote Mwen menm.” 33 Men Li te di sa pou montre ki kalite mò Li ta pral mouri an.

34 Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke Kris la ap la jis pou janmen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?”

35 Akoz sa, Jésus te di yo: “Pou yon ti tan anplis, limyè a pami nou. Mache pandan nou gen limyè a, pou tenèb la pa gen tan pran nou. Sila ki mache nan tenèb la pa konnen kote l ap prale. 36 Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.

37 Men malgre ke Li te fè tout sign sa yo devan yo, toujou yo pa t kwè nan Li. 38 Pou pawòl a pwofèt la, Ésaïe, ta kapab akonpli lè l te di:

“Senyè, kilès ki kwè nan rapò nou?

E a kilès bra Letènèl la devwale?”

39 Pou rezon sa, yo pa t kab kwè. Paske Ésaïe te di ankò:

40  “Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di,

sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo,

epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”

41 Bagay sa yo, Ésaïe te di paske li te wè glwa Li, e akoz ke li te wè glwa Li, li te pale sou Li.

42 Malgre sa, menm anpil nan gran chèf yo te kwè nan Li, men akoz Farizyen yo, yo pa t konfese sa a, akoz krent ke yo ta vin mete deyò nan sinagòg la. 43 Paske yo te gen lanvi pou lwanj a lòm olye lwanj Bondye.

44 Jésus te kriye e te di: “Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an. 45 Sila a ki wè M, wè Li menm ki te voye Mwen an. 46 Mwen te vini kon yon limyè nan mond lan, pou tout moun ki kwè nan Mwen pa rete nan tenèb.

47 “Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn.

48 “Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.

49 “Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di. 50 E Mwen konnen ke kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”

Yo jwenn pye fig frans ki pa bay fwi a cheche

Sou wout soti Béthanie pou ale Jérusalem. (Madi)

Matthieu 21:20–22

21:20 Lè yo wè sa, disip yo te etone. Yo te di: “Kijan fig frans sa a fè vin fennen nan yon moman konsa?”

21 Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt. 22 Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”

Marc 11:19–26

11:19 Lè aswè te rive, Li te kite vil la.

20 Pandan yo t ap pase lantre nan granmmaten, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.

21 Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: “Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.

22 Jésus te reponn e te di yo: “Mete lafwa nan Bondye. 23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive. 24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.

25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo. 26  Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”

Luc 21:37–38

21:37 Alò pandan jounen an, Li t ap enstwi nan tanp lan; men nan aswè, Li te konn ale deyò pou pase nwit lan sou mòn ki rele Olivye a.

38 Epi tout pèp la te toujou leve granmmaten pou vin kote Li nan tanp lan pou koute Li.