Pati 11: Dènye ministè piblik la nan Jérusalem
Soti vandredi anvan Semèn Pasyon an rive madi nan semèn sa a, nan prentan ane 30 apre Kris (oswa ane 29 apre Kris). Jis anvan Pak
Jésus rive Béthanie toupre Jérusalem
Vandredi apremidi
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Jean 11:55–12:1, 9–11
11:55 Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye. 56 Konsa, yo t ap di youn ak lòt pandan yo kanpe nan tanp lan: “Kisa nou panse. Èske Li p ap menm vini nan fèt la?” 57 Alò, chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.
12:1 Pou sa a, sis jou avan fèt la Jésus te vini nan Béthanie, kote Lazare, moun Li te fè leve sòti nan lanmò a te ye a.
9 Konsa, gran foul Jwif yo te dekouvri ke Li te la, e yo te vini non sèlman akoz Jésus, men pou yo ta ka wè Lazare ke Li te leve sòti nan lanmò a.
10 Men chèf prèt yo te mete tèt yo ansanm pou yo ta kapab anplis mete Lazare a lanmò. 11 Paske akoz li menm, anpil nan Jwif yo t ap kite e t ap kwè nan Jésus.
Jésus antre Jérusalem an triyonf kòm Mesi a
La a nou jwenn deplasman ak ansèyman Sovè a nan dimanch, lendi ak madi: fen ministè piblik li, eksepte ti sa li te di pandan pwosè devan Jwif yo ak Women yo. Tout ansèyman li bay apre sa se pou disip li yo.
Soti Béthanie rive Jérusalem epi tounen (dimanch). Yon jou demonstrasyon mesyanik
Matthieu 21:1–3, 6–7, 4–5, 8–11, 14–17
21:1 Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo,
2 epi te di yo: “Ale nan vilaj anfas nou an, epi nou va twouve yon bourik ki mare la avèk pitit li. Demare yo, e mennen yo ban Mwen.
3 Epi si yon moun di nou yon bagay, nou va di li konsa: ‘Senyè a gen bezwen yo’, epi lapoula, l ap voye yo.”
6 Epi disip yo te ale fè tout sa Li te mande yo.
7 Konsa yo te mennen bourik la avèk Pitit li a e te mete vètman yo, epi konsa, sou vètman yo Li te chita.
4 Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:
5 “Pale a fi Sion an,
Men gade, Wa ou ap vin kote ou,
dou, e monte sou yon bourik,
yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.
8 Pifò nan foul la te plase vètman yo louvri sou wout la, e kèk lòt t ap koupe branch nan bwa yo pou plase sou wout la.
9 Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana nan pi wo a!”
10 Lè Li te antre Jérusalem, tout vil la te byen boulvèse e t ap di: “Ki moun sa ye?” 11 Epi foul la t ap di: “Sa se pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.
14 Avèg yo avèk bwate yo te vin kote L nan tanp lan, e Li te geri yo.
15 Men lè chèf prèt yo avèk skrib yo te wè tout mèvèy ke Li te fè yo, epi timoun nan tanp yo ki t ap kriye: “Ozana a Fis a David la!”, yo te ankòlè anpil. 16 Epi yo te di Li: “Ou pa tande kisa timoun sa yo ap di?” Jésus te reponn yo: “Wi, nou pa janm konn li ‘Nan bouch a timoun avèk ti bebe k ap tete yo, nou prepare lwanj pou Ou menm’”?
17 Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.
Marc 11:1–11
11:1 Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te bay komisyon a de nan disip Li yo.
2 Li te di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Pandan n ap antre, nou ap twouve yon ti bourik mare, ki poko menm monte. Demare li e mennen l isit la.
3 Si yon moun di nou: ‘Poukisa n ap fè sa?’, di l: ‘Senyè a gen bezwen li’. Konsa, l ap voye l vini isit la.”
4 Yo te ale, e te twouve yon ti bourik mare toupre pòt la, deyò nan lari a, e yo te demare li.
5 Konsa, kèk nan sila ki te la yo t ap di yo: “Kisa nou ap fè la a? N ap demare ti bourik la?”
6 Yo te pale yo jan Jésus te di a, e yo te bay yo dwa pran l.
7 Yo te pote ti bourik la bay Jésus. Yo te mete vètman yo sou li, e Li te chita sou li.
8 Konsa, anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap poze branch fèy yo te koupe nan chan sou wout la. 9 Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye fò: “Ozana! Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a!
10 Beni se wayòm zansèt nou David, k ap vini an! Ozana nan pi wo a!”
11 Jésus te antre Jérusalem e te antre nan tanp lan. Lè Li te fin gade sou tout bagay, Li te kite la pou Béthanie avèk douz yo akoz ke lè a te deja fè ta.
Luc 19:29–44
19:29 Lè L te pwoche Bethphagé ak Béthanie, toupre mòn ki rele Mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo devan.
30 Li te di: “Ale nan vil anfas ou a. La, pandan nou ap antre, nou va twouve yon jenn bourik, sou li, moun poko monte menm. Demare l, mennen l vin isit la.
31 Si Nenpòt moun mande nou poukisa nou ap demare li, se konsa nou va reponn: ‘Senyè a gen bezwen li.’”
32 Donk sila ki te voye yo te ale, e yo te twouve li jan ke li te di yo a.
33 Pandan yo t ap demare jenn bourik la, mèt li te mande yo: “Poukisa nou ap demare jenn bourik la?”
34 Yo te di: “Senyè a gen bezwen li.”
35 Yo te mennen l kote Jésus, epi yo te voye rad pa yo sou bourik la, e te mete Jésus sou li.
36 Pandan li t ap prale, yo t ap ouvri rad yo sou wout la.
37 Lè L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te wè yo.
38 Yo t ap rele: “Beni se Wa a ki vini nan non Senyè a! Lapè nan syèl la, avèk glwa nan trè wo a!”
39 Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la, te di Li: “Mèt, reprimande disip ou yo!”
40 Men Li te reponn e te di: “Mwen di nou, si sila yo rete an silans, menm wòch yo va pran rele.”
41 Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li. 42 Li t ap di: “Si ou te konnen nan jou sa, menm ou menm, bagay ki konn fè lapè! Men koulye a, bagay sa yo kache de zye ou.
43 “Paske jou yo ap vini sou ou lè lènmi ou yo va fè monte yon barikad devan ou, antoure ou, e kwense nou ladann tout kote. 44 Konsa, yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann. Ni yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt lè ou te vizite a.”
Jean 12:12–19
12:12 Nan jou aprè a, yon gran foul ki te vini nan fèt la, lè yo tande ke Jésus t ap vini nan Jérusalem,
13 te pran branch pye palmis, e te ale rankontre Li, e te kòmanse kriye “Ozana, ozana, beni sila a ki vini nan non Senyè a, Wa Israël la.”
14 Jésus te twouve yon jenn bourik e te chita sou li. Tankou li ekri, 15 “Pa pè, O fi a Sion. Gade byen, Wa ou ap vini, byen chita sou yon jenn bourik.”
16 Nan kòmansman, disip Li yo pa t konprann bagay sa yo, men lè Jésus te resevwa glwa, Yo sonje ke yo te ekri sou Li e ke yo te fè L bagay sa yo.
17 Konsa, pèp la ki te avè L lè Li te rele Lazare deyò nan tonm nan, e te fè l leve sòti nan lanmò a, t ap toujou fè temwayaj de Li.
18 Pou koz sa, foul la te ale rankontre Li, paske yo te tande ke Li te fè sign sila a.
19 Akoz sa a, Farizyen yo te di youn ak lòt: “Nou wè ke nou p ap fè anyen ki bon. Gade, lemonn ap kouri dèyè Li.”