Jésus geri Bartimée ki avèg la ansanm ak konpayon li

Nan Jéricho

29 rive 30 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 20:29–34

20:29 Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.

30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”

31 Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.

32 Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”

33 Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.

34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.

Marc 10:46–52

10:46 Konsa yo te rive Jéricho. E pandan Li t ap kite Jéricho avèk disip Li yo, ansanm ak yon gwo foul la, yon avèg ki t ap mande, ki te rele Bartimée, fis a Timée, te chita akote wout la.

47 Lè l tande ke se te Jésus, Nazareyen an, li te kòmanse kriye fò e te di: “Jésus, Fis a David la, gen pitye pou mwen!”

48 Konsa, anpil moun t ap pale ak li sevèman pou li ta pe la, men li te kriye pi fò: “Fis a David la: gen pitye pou mwen!”

49 Konsa, Jésus te rete la, e te di: “Rele Li.”

Yo te rele avèg la. Yo te di l: “Pran kouraj! Leve kanpe! L ap rele ou!” 50 Li te jete akote gwo vètman li, te vòltije kanpe byen vit, e te rive kote Jésus.

51 Jésus te reponn li, e te di l: “Kisa ou vle M fè pou ou?”

Mesye avèg la te di L: “Rabouni (ki vle di Mèt), mwen vle wè ankò!”

52 Jésus te di l: “Ale! Lafwa ou fè ou geri.”

Lapoula, li te wè ankò, e li t ap swiv Li sou wout la.

Luc 18:35–43

18:35 Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.

36 Alò, li te tande foul la ki t ap pase, e te kòmanse mande kisa sa te ye.

37 Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.

38 Konsa, li te kòmanse rele fò, e te di: “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”

39 Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”

40 Jésus te kanpe, e te bay lòd pou yo voye l kote Li. Lè l te vin toupre, Li te kesyone l:

41 “Kisa ou vle M fè pou ou?”

Epi Li te di: “Senyè, mwen vle vin wè ankò.”

42 Jésus te di li: “Resevwa vizyon ou; lafwa ou fè ou geri.”

43 Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.

Jésus vizite Zachée

Jésus vizite Zachée, li rakonte parabòl min yo, epi li pati pou Jérusalem.

Jéricho

Luc 19:1–28

19:1 Li te antre Jéricho e t ap travèse.

2 La te gen yon mesye yo te rele Zachée. Li te chèf a kolektè kontribisyon yo, e li te rich. 3 Zachée t ap fè efò pou ta kab wè kilès Jésus te ye, paske li te piti nan tay. 4 Donk li te kouri devan yo, e li te monte yon pyebwa ki relesikomò pou l ta kapab wè Li, paske Li te gen pou pase pa la.

5 Lè Jésus te rive nan lye a, Li te gade anlè, e te di: “Zachée, fè vit desann, paske jodi a fòk Mwen rete lakay ou.”

6 Li te kouri desann, e te resevwa Li avèk jwa.

7 Lè yo te wè sa, yo tout te kòmanse plenyen pou di: “Li vin rete lakay a yon pechè.”

8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”

9 Jésus te di li: “Jodi a delivrans gen tan vini nan kay sa a, paske li menm tou, se yon fis Abraham. 10 Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”

11 Pandan yo t ap koute bagay sa yo, Li te kontinye bay yon parabòl, akoz ke Li te toupre Jérusalem, e yo te sipoze ke wayòm a Bondye a t ap parèt imedyatman. 12 Akoz sa a, Li te di: “Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen. 13 Konsa, li te rele dis nan esklav li yo, e te bay yo dis min, e te di yo: “Fè biznis avèk sa jiskaske Mwen retounen.

14 “Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’

15 “Lè l te retounen, apre li te resevwa wayòm nan, li te kòmande ke esklav sa yo ke li te bay kòb la, vin kote l pou li ta kapab konnen ki biznis yo te reyisi fè.

16 “Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an fè dis min anplis.”

17 “Li te di li: ‘Trè byen fèt, bon esklav! Akoz ke ou fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.’

18 “Dezyèm nan te vini, e te di: ‘Min ou an Mèt, li fè senk min anplis.’ 19 Li te di li osi: ‘E w ap vin responsab senk vil.’

20 “Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa; 21 paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’

22 “Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen? 23 ‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’

24 “Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, ‘Tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.’

25 “Men yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’

26 “Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis y ap resevwa, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.

27 “Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”

28 Lè L fin pale bagay sa yo, Li te pran devan pou monte vè Jérusalem.