Yo Anonse Davans Restorasyon Jwif yo
597 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 2 “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv. 3 Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”
4 Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda: 5 Paske konsa pale SENYÈ a:
“Mwen te tande son a yon gwo laperèz,
a yon gwo krent;
pa gen lapè.
6 Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit.
Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo,
konsi se fanm k ap fè pitit?
Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?
7 Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li.
Li se lè a gwo doulè Jacob la;
men li va sove de li.
8 “Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo:
ke Mwen va kraze jouk li a soti sou kou nou.
Mwen va chire kòd yo,
e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.
9 Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a
e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.
10 Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a:
“Epi pa pèdi kouraj, O Israël;
paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen
e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo.
Jacob va retounen,
Li va kalm, alèz,
e nanpwen moun k ap fè l pè.
11 Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou;
paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo,
sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt.
Men m ap fè ou korije fil a mezi;
Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
12 Paske konsa pale SENYÈ a:
“Blesi ou yo pa kab geri,
e kondisyon ou byen grav.
13 Nanpwen moun ki pou plede koz ou;
pa gen gerizon pou maleng nan, ni ou p ap ka refè.
14 Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou,
yo pa chache ou;
paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi,
ak pinisyon a yon moun ki mechan,
akoz inikite ou gran e peche ou anpil.
15 Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo?
Doulè ou a pa gen gerizon.
Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil,
Mwen te fè ou sa a.
16 Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore;
epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite.
Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm,
e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo,
va vin viktim yo menm.
17 Paske M ap fè ou reprann lasante,
e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a:
“Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:
‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladann.’”
18 Konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo,
e gen konpasyon pou lakay li yo;
vil la va rebati sou ranblè li yo
e palè a va kanpe nan pwòp plas li.
19 Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo.
Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye;
anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;
20 Pitit pa yo tou va tankou oparavan,
e kongregasyon yo va etabli devan M.
Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.
21 Chèf pa yo va youn nan yo,
e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo.
Mwen va mennen li toupre,
e li va vin toupre Mwen;
paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.
22 “Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”
23 Gade byen, tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt,
yon tanpèt k ap ravaje;
li va eklate sou tèt a mechan yo.
24 Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè,
jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li.
Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”
31:1 “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “Mwen va vin Bondye a tout fanmi Israël yo, e yo va vin pèp Mwen.”
2 Konsa pale SENYÈ a: “Pèp ki te chape de nepe a, te jwenn gras nan dezè a— Israël la menm, lè M te bay li repo li.”
3 SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di:
“Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini.
Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.
4 Yon lòt fwa ankò, Mwen va bati ou,
e ou va vin rebati, O vyèj Israël la!
Yon lòt fwa, ou va reprann tanbouren ou yo.
Ou va vin parèt nan dans a sila k ap fete yo.
5 Yon lòt fwa, ou va plante chan rezen yo sou kolin Samarie yo.
Plantè yo va plante e yo va kontan ak fwi li.
6 Paske jou a va rive lè gadyen
sou kolin Éphraïm yo va kriye fò:
‘Annou leve! Annou monte Sion, kote SENYÈ a, Bondye nou an.’”
7 Paske konsa pale SENYÈ a:
“Chante anlè ak kè kontan pou Jacob,
e kriye fò pami chèf nasyon yo.
Pwoklame, bay lwanj epi di:
‘O SENYÈ sove pèp Ou a, retay Israël la!’
8 Gade byen, Mwen ap mennen yo sòti nan peyi nò a,
e Mwen va ranmase yo soti nan pati pi lwen latè a.
Pami yo, avèg ak bwate yo,
fanm lan ak pitit li,
ak sila ki gen doulè tranche ansanm.
Yon gran konpanyen, yo va retounen isit la.
9 Ak dlo nan zye, yo va vini.
Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo;
Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo,
sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a;
paske Mwen se yon Papa pou Israël.
Éphraïm se premye ne Mwen.”
10 “Tande pawòl SENYÈ a, O nasyon yo!
E deklare nan peyi kot byen lwen yo,
epi di: ‘Sila ki te gaye Israël la, va ranmase li,
e kenbe li kon yon bèje k ap gade bann mouton li.’
11 Paske SENYÈ a te rachte Jacob.
Li te rachte l soti nan men a sila ki te pi fò pase l.
12 Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo,
e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a,
sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil
e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a.
Nanm yo va tankou yon jaden wouze.
Yo p ap janm soufri tristès ankò.
13 Epi vyèj la va rejwi nan dans lan,
ansanm ak jennonm yo ak ansyen yo;
paske Mwen va fè tristès yo vin tounen lajwa.
Mwen va rekonfòte yo,
e bay yo kè kontan pou ranplase tristès yo.
14 Mwen va ranpli nanm a prèt yo ak abondans,
e pèp Mwen an va satisfè ak bonte Mwen,” deklare SENYÈ a.
15 Konsa pale SENYÈ a,
“Yon vwa vin tande nan Rama, lamantasyon yo
ak gwo kriye dlo k ap sòti nan zye yo.
Rachel ap kriye pou pitit li yo.
Li refize rekonfòte pou pitit li yo,
akoz yo pa la ankò.”
16 Konsa pale SENYÈ a:
“Anpeche vwa ou k ap kriye,
ak zye ou ap fè dlo;
paske travay ou va vin rekonpanse,” deklare SENYÈ a:
“Yo va retounen sòti nan peyi ènmi an.
17 Gen espwa davni pou ou,” deklare SENYÈ a:
“Pitit ou yo va retounen nan peyi pa yo.
18 “Anverite, Mwen te tande Éphraïm ap kriye ak doulè:
‘Ou te fè m sibi chatiman.
Mwen te sibi chatiman
tankou yon jenn bèf ki poko fin donte.
Mennen m pou m ka restore,
paske se Ou menm ki SENYÈ a, Bondye mwen an.
19 Paske lè m te retounen, mwen te repanti.
Epi apre mwen te enstwi.
Mwen te frape pwòp kwis mwen.
Mwen te vin wont e twouble menm;
paske mwen te pote repwòch jenès mwen.’
20 Èske Éphraïm se fis Mwen?
Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi?
Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou;
konsa kè M gen gwo dezi pou li.
Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.
21 “Plase pou ou menm ransèyman chemen yo;
mete pou kont ou poto k ap dirije.
Konsantre tout panse ou sou direksyon gran chemen an,
wout sou sila ou te ale a.
Retounen, O vyèj Israël;
retounen kote vil sila yo, vil pa w yo.
22 Pou konbyen de tan ou va fè ale retou,
O fi ki enfidèl?
Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè:
yon fanm va antoure yon nonm.”
23 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Yon fwa ankò, yo va pale pawòl sa a nan peyi Juda ak nan vil li yo lè M fin restore bonè li: ‘Ke SENYÈ a beni ou, O kay ladwati a, O mòn sen an!’ 24 Juda ak tout vil li yo va demere ansanm ladann, kiltivatè a ak sila k ap deplase ak bann mouton li yo. 25 Paske Mwen rafrechi chak nanm ki fatige ak tout moun ki pèdi fòs yo.”
26 Nan moman sa a, mwen te reveye nan dòmi, e mwen te gade; dòmi an te tèlman dous pou mwen.
27 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè M va plante lakay Israël ak lakay Juda avèk semans a lòm e avèk semans a bèt. 28 Konsi Mwen te veye sou yo pou rache yo, pou kraze yo, pou boulvèse yo, pou detwi yo, e pou mennen gwo dezas; se konsa mwen va veye sou yo pou bati e pou plante,” deklare SENYÈ a. 29 “Nan jou sa yo, yo p ap di ankò:
‘Papa yo te manje rezen si,
e dan timoun yo vin kanpe apik.’
30 Men chak moun va mouri akoz pwòp inikite pa li. Chak moun ki manje rezen si yo, se pwòp dan pa l k ap vin kanpe apik.
31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32 pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:
“Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”
deklare SENYÈ a,
“paske Mwen va padone inikite yo,
e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
35 SENYÈ a ki bay solèy kon limyè nan lajounen
e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè,
ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde—
SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di:
36 “Si lòd sa a vin deregle devan M, deklare SENYÈ a:
“Alò desandan Israël yo osi va sispann
kon yon nasyon devan M, jis pou tout tan.”
37 Konsa pale SENYÈ a: “Si syèl anwo yo ka mezire,
e fondasyon tè yo ka kontwole pa anba;
alò, Mwen va osi jete tout desandan Israël yo nèt
pou tout sa yo te fè yo,” deklare SENYÈ a.
38 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “Lè vil la va rebati pou SENYÈ a, soti nan fò Hananeel la jis rive nan Pòtay Kwen an. 39 Konsa lign mezi a va kontinye ale tou dwat jis rive nan kolin Gareb, epi li va vire Goath. 40 “Konsa tout vale kadav yo ak sann yo, e tout chan yo jis rive nan flèv Cédron nan, pou rive nan kwen Pòtay Cheval la, vè lès, va sen a SENYÈ a. Konsa, li p ap rache retire, ni jete ba ankò, jis pou tout tan.”