Yo Pini Fo Pwofèt Hanania

Yo bay yon apèsi davans sou sò nasyon ki ozalantou yo. Yo pini Hanania, fo pwofèt la, ak lanmò.

595 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jérémie 27–28

1 Nan kòmansman règn wa Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a, epi te di, 2 Konsa SENYÈ a pale ak mwen: “Fè pou kont ou lyen ak jouk e mete yo sou kou ou. 3 Epi voye pawòl kote wa Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a. 4 Kòmande yo ale kote mèt pa yo e di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa nou va di a mèt nou yo, 5 “Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen. 6 Koulye a, Mwen te bay tout peyi sila yo nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone, sèvitè Mwen an e Mwen te bay li, anplis, bèt sovaj chan yo pou sèvi li. 7 Tout nasyon yo va sèvi li e fis li ak gran fis li jis rive nan lè pwòp peyi li vini. Nan moman sa a, anpil nasyon ak anpil wa va fè li vin sèvitè yo.”’”

8 “Li va rive ke nasyon oswa wayòm ki refize sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e ki pa mete kou li anba jouk a wa Babylone nan, Mwen va pini nasyon sa a ak nepe a, ak gwo grangou e ak envazyon ensèk k ap ravaje tout chan yo,” deklare SENYÈ a: “jiskaske Mwen fin detwi nasyon sa a pa men li.

9 “Men pou nou menm, pa koute pwofèt nou yo, divinò nou yo, moun ki fè rèv yo, moun k ap devine yo, ni sila ki fè wanga yo, k ap di: ‘Nou p ap sèvi wa Babylone nan’. 10 Paske pwofesi pa yo se manti y ap bannou pou yo deplase nou ale lwen peyi nou, pou fè M ta pouse bourade nou deyò e nou va peri. 11 Men nasyon an ki bese kou li anba jouk wa Babylone nan e ki sèvi li, Mwen va kite li nan peyi li,” deklare SENYÈ a. “Konsa, yo va travay tè a pou viv ladann.”

12 Mwen te pale pawòl tankou sila yo a Sédécias, wa Juda a. Mwen te di l: “Mennen kou nou anba jouk a wa Babylone nan pou sèvi li ak pèp li a, e viv! 13 Poukisa nou va mouri, nou menm avèk pèp nou an, pa nepe, gwo grangou, ak ravaj bèt ki manje tout chan yo, kon SENYÈ a te pale a nasyon sa a ki refize sèvi wa Babylone nan? 14 Konsa, pa koute pawòl a pwofèt k ap pale ak nou, k ap di: ‘Nou p ap oblije sèvi wa Babylone nan,’ paske y ap fè pwofesi manti a nou menm. 15 Paske Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a: “Yo fè fo pwofesi nan non Mwen, pou m ka pouse bourade nou deyò pou nou ka peri, nou menm ak pwofèt ki fè pwofesi sa yo bannou yo.”

16 Apre, mwen te pale ak prèt yo e a tout pèp sa a. Mwen te di: “Konsa pale SENYÈ a: Pa koute pawòl a pwofèt nou yo ki fè pwofesi bannou ki di: ‘Gade byen, veso lakay SENYÈ yo va retounen rapid soti Babylone;’ paske yo fè pwofesi manti bannou. 17 Pa koute yo. Sèvi wa Babylone nan e viv! Poukisa vil sa a ta dwe detwi nèt? 18 Men si se pwofèt yo ye, e si pawòl SENYÈ a avèk yo, kite yo koulye a fè demann a SENYÈ dèzame yo, pou veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo pa ale Babylone. 19 Paske se konsa pale SENYÈ dèzame yo konsènan pilye yo, konsènan lanmè a, konsènan baz yo e konsènan tout lòt veso ki rete nan vil sa a, 20 ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pa t pran lè l te pote Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, te fè sòti Jérusalem pou rive Babylone, ak tout gwo moun Juda ak Jérusalem yo. 21 Wi, se konsa SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, te pale konsènan veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo, 22 ‘Yo va pote rive Babylone e yo va la jis rive jou ke m vizite yo a,’ deklare SENYÈ a. ‘Apre, Mwen va mennen yo retounen e restore yo nan plas sa a.’”

28:1 Alò, nan menm ane a, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, nan katriyèm ane, nan senkyèm mwa Hanania, fis a Azzur a, pwofèt ki te sòti nan Gabaon an, te pale ak mwen lakay SENYÈ a, nan prezans a prèt yo e a tout pèp yo. Li te di: 2 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ‘Mwen te kraze jouk wa Babylone nan. 3 Pandan dezan Mwen va fè rive nan plas sa a, tout veso lakay SENYÈ yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran fè sòti nan plas sa a pou te pote Babylone yo. 4 Anplis, Mwen va mennen fè retounen nan plas sa a, Jeconia, fis a Jojakim nan, wa a Juda a ak tout egzile Juda ki te ale Babylone yo,’ deklare SENYÈ a, ‘paske Mwen va kraze fado a wa a Babylone nan.’”

5 Answit pwofèt Jérémie te pale ak pwofèt Hanania nan prezans a prèt yo, e nan prezans a tout moun ki te kanpe lakay SENYÈ yo, 6 epi pwofèt Jérémie te di: “Amen! Ke SENYÈ a fè l konsa. Ke SENYÈ a kapab konfime pawòl ke ou te pale yo, pou fè mennen retounen veso lakay SENYÈ yo, e tout moun ki ekzile yo, sòti Babylone pou antre nan plas sa a. 7 Malgre sa, tande pawòl sa a ke m prèt pou pale nan tande pa w ak tande a tout pèp la! 8 Pwofèt ki te avan mwen yo, e avan ou depi nan tan ansyen an, te pwofetize kont anpil peyi e kont gwo wayòm, pou lagè, pou kalamite ak envazyon ensèk ki ta ravaje peyi yo. 9 Pwofèt ki te pwofetize lapè a, lè pwofesi sa a vin rive; alò, pwofèt sa a va vin rekonèt kon yon pwofèt ke SENYÈ te vrèman voye.”

10 Alò Hanania, pwofèt la, te retire jouk la sou kou Jérémie e te kraze li. 11 Hanania te pale nan prezans a tout pèp la e te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Menm konsa, avan dezan, Mwen va kraze jouk Nebucadnetsar, wa Babylone nan, fè l sòti sou kou a tout nasyon yo.’” Alò, pwofèt Jérémie te al fè wout li.

12 Pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè Hanania te fin kraze jouk la sou kou pwofèt Jérémie an. Li te di: 13 “Ale pale ak Hanania e di: ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou te kraze jouk ki fèt an bwa yo, men ou fè rive olye de yo, jouk yo ki fèt an fè.” 14 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Mwen te mete yon jouk fèt an fè sou kou a tout nasyon sila yo, pou yo ka sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan; epi yo va sèvi li. Anplis, Mwen te bay li bèt chan yo.”’”

15 Epi Jérémie, pwofèt la, te di a Hanania, pwofèt la: “Koute koulye a, Hanania, SENYÈ a pa t voye ou e ou te fè pèp sa a kwè nan yon manti. 16 Pou sa, se konsa SENYÈ a pale: ‘Gade byen, Mwen prèt pou retire ou sou sifas tè a. Ane sa a, ou va mouri, akoz ou te konseye rebelyon kont SENYÈ a.’” 17 Se konsa Hanania, pwofèt la, te mouri nan menm ane sa a nan setyèm mwa a.