Sédécias Vin Wa

Sédécias monte sou twòn nan. Yo anonse davans restorasyon Jwif yo.

599 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jérémie 52:1–3

1 Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a e li te renye pandan onz ane Jérusalem. Non manman l te Hamuthal, fi a Jérémie nan Libna a. 2 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou tout sa ke Jojakim te fè yo. 3 Paske akoz kòlè SENYÈ a, bagay sa a te rive Jérusalem ak Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li.

Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.

Jérémie 24

1 Pawòl SENYÈ a te montre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone. 2 Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.

3 Konsa, SENYÈ a te di m: “Kisa ou wè, Jérémie?”

Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.”

4 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 5 “Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo. 6 Paske Mwen va fikse zye M sou yo pou byen e Mwen va mennen yo ankò nan peyi sa a. Mwen va bati yo, e Mwen p ap rale fè yo desann. Mwen va plante yo e Mwen p ap rache yo. 7 Mwen va bay yo yon kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”

8 “Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo. 9 Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon madichon tout kote ke M gaye yo. 10 Mwen va voye nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”

Yo Anonse Davans Konbyen Tan Kaptivite a Ap Dire 597 anvan Christ

Jérémie 29:1–14

1 Alò, sila yo se pawòl a lèt ke Jérémie, pwofèt la, te voye soti Jérusalem bay lòt ansyen an egzil yo, ansanm ak prèt yo, pwofèt yo ak tout moun ke Nebucadnetsar te pran pou fè antre an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo, 2 ( lè Wa Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.) 3 Lèt la te voye pa men Éleasa, fis a Schaphan ak Guemaria a, fis a Hilkija a, ke Sédécias, fis wa Juda a, te voye Babylone kote wa Nebucadnetsar. Li te di:

4 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, a tout egzile ke m te voye an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo: 5  “Bati kay e viv nan yo. Plante jaden e manje pwodwi yo. 6 Pran madanm e vin papa a fis ak fi. Pran madanm pou fis nou yo e bay a fi nou yo mari yo, epi vin miltipliye la e pa diminye. 7 Chache bonè a peyi sa a kote Mwen te voye nou an egzil la, e priye a SENYÈ a pou li; paske nan bonè pa li, ou va jwenn bonè.” 8 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Pa kite pwofèt ki rete nan mitan nou yo ak divinò nou yo twonpe nou, ni pa koute rèv ke yo fè. 9 Paske yo fè fo pwofesi bannou nan non Mwen. Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a. 10 Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”

Jérémie 29:16–20

16 Pou sa, pale SENYÈ a konsènan wa ki chita sou twòn David la, e konsènan tout moun ki rete nan vil sa yo, frè nou yo ki pa t antre ak nou an egzil yo— 17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen ap voye sou yo nepe ak gwo grangou, ensèk ak maladi pou ravaje chan yo, Mwen va fè yo tankou fig etranje ki louvri pete fann, e ki pa ka manje akoz yo pouri nèt. 18 Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo, 19 akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a.

20 Pou sa, nou menm, koute pawòl SENYÈ a, nou menm ki ekzile yo, ke M te voye ale kite Jérusalem pou rive Babylone yo.

Jérémie 29:15

15 Akoz nou te di: “SENYÈ a te fè leve pwofèt yo pou nou Babylone”—

Jérémie 29:21–32

21 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsènan Achab, fis a Kolaja a, e konsènan Sédécias, fis a Maaséja a, k ap fè fo pwofesi bannou nan non Mwen, ‘Gade Byen, Mwen va livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va touye yo devan zye nou. 22 Akoz yo menm, yon madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a, 23 akoz yo te aji ak foli an Israël. Yo te komèt adiltè ak madanm a vwazen yo, e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè. Mwen se Sila ki konnen, e Mwen se temwen,” deklare SENYÈ a.’”

24 A Schemaeja, Nechelamit lan, ou va di: 25 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te voye lèt nan pwòp non pa w a tout pèp Jérusalem nan, a Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, epi a tout prèt yo, epi di: 26 “SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou mete li nan sèp ak nan kolye an fè. 27 Alò, konsa, poukisa ou pa t repwoche Jérémie a Anathoth ki fè pwòp tèt li pwofèt ou menm nan? 28 Paske, li te voye nou Babylone e li te di: Egzil la va byen long. Bati kay pou viv. Plante jaden pou manje pwodwi yo.”’”

29 Sophonie, prèt la, te li lèt sa a bay Jérémie, pwofèt la. 30 Epi pawòl a SENYÈ a te vini a Jérémie ki te di: 31 “Voye kote tout egzile yo e di: ‘Konsa pale SENYÈ a konsènan Schemaeja, Nechelamit lan: “Akoz Schemaeja te pwofetize a nou menm, malgre Mwen pa t voye l e li te fè nou kwè nan yon manti,” 32 Akoz sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou pini Schemaeja, Nechelamit lan, ak desandan li yo. Li p ap gen pèsòn k ap viv pami pèp sa a, ni li p ap wè bonte ke Mwen prèt pou fè pou pèp Mwen an,” deklare SENYÈ a: “akoz li te preche rebelyon kont SENYÈ a.”’”