Yo anonse yo pral rejte Kris

Yon pwofesi sou rejè Kris ak sou legliz li a k ap leve nan laglwa alafen.

710 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ésaïe 50:1–52:12

1 Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila

Mwen te voye manman ou ale a?

Oswa èske Mwen te vann ou bay yo?

Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo,

e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.

2 Poukisa pa t gen moun lè M te vini an?

Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn?

Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte?

Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun?

Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen;

Mwen fè rivyè yo vin dezè.

Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.

3 Mwen abiye syèl yo ak fènwa

e kouvri yo ak twal sak.”

4 Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo,

pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige.

Li fè M leve maten apre maten,

Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.

5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen.

Mwen pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.

6 Mwen te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo,

ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo;

Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.

7 Paske Senyè BONDYE a va fè M sekou.

Pou sa, Mwen pa t twouble menm.

Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks.

Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.

8 Sila ki jistifye Mwen an toupre;

se kilès ki mennen ka a kont Mwen?

Kite li rale pre M.

9 Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou;

se kilès ki kondane Mwen?

Gade byen, yo tout va vin vye;

epwize tankou yon vètman.

Mit papiyon twal yo va manje yo.

10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a,

ki obeyi vwa a sèvitè Li a,

ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a?

Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a

e depann de Bondye li a.

11 Gade byen, nou tout ki limen yon dife,

ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo;

mache nan limyè dife nou te fè a,

e pami tòch yo nou te limen an.

Men sa nou va jwenn nan men Mwen an:

Nou va kouche pou fè lamantasyon.

51:1 “Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a,

k ap chache SENYÈ a:

Gade vè wòch sou sila nou te taye a,

vè min wòch kote nou te retire a.

2 Gade vè Abraham, papa nou an

ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant.

Lè li te yon sèl, Mwen te rele li,

Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”

3 Anverite, SENYÈ a te konsole Sion;

Li te rekonfòte tout kote dezole li yo.

Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden,

e dezè yo tankou jaden Senyè a.

Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo;

remèsiman ak son melodi chanson.

4 “Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an

e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an;

paske yon lwa va sòti nan Mwen

e Mwen va poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo.

5 Ladwati Mwen toupre a.

Sali Mwen te voye deyò.

Se bra M kap jije pèp yo.

Peyi kot yo va tann Mwen,

e bra M va jije pèp yo.

6 Leve zye nou vè syèl la

e gade anba vè latè;

paske syèl la va disparèt tankou lafimen;

latè va epwize tankou yon vètman.

Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri;

men delivrans Mwen va la jis pou tout tan,

e ladwati Mwen p ap janm sispann.

7 “Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati,

yon pèp ki gen lalwa M nan kè yo.

Pa pè repwòch a lòm,

ni dekouraje lè y ap meprize nou.

8 Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman,

e mit va manje yo tankou len.

Men ladwati Mwen va jis pou tout tan,

e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”

9 “Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a;

leve tankou nan jou lansyen yo.

Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a,

ki te frennen dragon an nèt la?

10 Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a,

dlo a gran fon yo;

ki te fè pwofondè lanmè yo yon chemen

pou rachte yo ta ka travèse lòtbò?

11 Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen;

vini ak gwo kri lajwa a Sion yo.

Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo.

Yo va jwenn kè kontan ak lajwa,

e tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.

12 “Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an.

Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri,

ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?

13 Èske ou te bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a,

ki te rale ouvri syèl yo

e te poze fondasyon latè yo?

Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a,

pandan l ap prepare pou detwi?

Men ki kote kòlè opresè sila a?

14 Toutalè egzile a va libere.

Li p ap mouri nan kacho a,

ni li p ap manke pen.

15 Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a,

ki fè boulvèse lanmè a,

Ki fè lanm li yo gwonde.

SENYÈ dèzame yo se non Li.

16 Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou

e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen,

pou etabli syèl yo, fonde latè a

e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’”

17 Leve ou menm! Leve ou menm!

Kanpe, O Jérusalem!

Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li.

Gode ki pou fè ou kilbite a,

ou fin bwè jis rive nan kras anba l.

18 Nanpwen moun ki pou gide fi a

pami tout fis li te fè yo,

ni nanpwen moun ki pou pran l pa lamen

pami tout fis li te leve yo.

19 Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou—

se kilès ki va kriye pou ou?—

devastasyon ak destriksyon,

gwo grangou, ak nepe.

Kijan pou m ta konsole ou?

20 Fis ou yo vin endispoze;

yo kouche atè sou pwent a chak ri,

tankou antilòp ki kenbe nan pèlen.

Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a,

ak repwòch Bondye ou a.

21 Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki aflije,

ki sou, men pa avèk diven:

22 Konsa pale Senyè ou a,

SENYÈ a, menm Bondye ou,

ki pran plede kòz pou pèp Li a:

“Gade byen, Mwen te retire tas kilbite a,

gode kòlè Mwen an soti nan men ou;

ou p ap janm bwè l ankò.

23 M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo,

ki te di nanm ou: ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’.

Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a;

tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”

52:1 Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion.

Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an;

paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo

p ap antre kote ou a ankò.

2 Souke leve kò ou sòti nan pousyè a,

O kaptif Jérusalem nan!

Retire chenn sa yo nan kou ou,

O fi kaptif a Sion an.

3 Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi

e ou va rachte san vèse lajan.”

4 Paske konsa pale SENYÈ a:

“Pèp Mwen an nan kòmansman,

te desann an Égypte pou rezide la,

epi Asiryen yo te oprime yo san koz.

5 Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a,

“konsi pèp Mwen an te retire san koz?”

Ankò deklare SENYÈ a:

“Konsi, pèp Mwen rachte pou ryen,

epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan,

e non Mwen blasfeme tout lajounen,

6 pou sa, pèp Mwen an va konnen non Mwen.

Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale.

Gade byen, se Mwen!”

7 A la bèl sou mòn yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la,

ki anonse lapè,

ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan,

ki anonse Sali,

ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”

8 Gadyen ou yo leve vwa yo.

Yo rele fò ak kè kontan ansanm;

paske yo va wè ak pwòp zye yo

lè SENYÈ a retounen nan Sion an.

9 Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo,

paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.

Li te rachte Jérusalem.

10 SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè.

Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.

11 Sòti! Sòti! Kite kote sa a!

Pa touche anyen ki pa pwòp!

Sòti nan mitan li!

Vin pirifye nou menm!

Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.

12 Nou p ap kite ak gran vites,

ni nou p ap kouri devan moun;

paske SENYÈ a va ale devan nou

e Bondye Israël la va fè gad an aryè.