Yo anonse imilyasyon Kris ak elevasyon li nan laglwa
Yo anonse imilyasyon Kris, soufrans li ak elevasyon li nan laglwa.
710 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
13 Gade byen, sèvitè Mwen an va aji avèk sajès.
Li va leve wo, e vin egzalte anpil.
14 Menm jan ke anpil moun te etone de ou—
konsa aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun,
e fòm li plis ke fis a lòm yo.
15 Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon.
Wa yo va pe bouch yo pou koz Li;
paske sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l,
e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.
53:1 Se kilès ki te kwè mesaj nou yo?
Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?
2 Paske Li te grandi devan nou kon yon boujon vèt,
e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk.
Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li,
ni majeste pou nou ta gade sou Li,
ni aparans pou nou ta atire a Li.
3 Li te meprize e abandone pa lòm;
yon nonm ak gwo tristès
ki te konnen gwo soufrans,
ak tout maladi.
Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,
Li te vin meprize,
e nou pa t bay Li okenn valè.
4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
frape pa Bondye e aflije.
5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.
Li te kraze pou inikite nou yo.
Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,
e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.
Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,
men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
7 Li te vin oprime e aflije;
malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li.
Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa,
e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila
k ap taye lenn li yo,
konsa Li pa t ouvri bouch Li.
8 Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt.
Selon jenerasyon Li,
yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo,
ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.
9 Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo,
men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li,
malgre Li pa t fè okenn vyolans,
ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.
10 Men SENYÈ a te kontan brize Li;
pou mete Li nan gwo soufrans,
pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite,
pou L ta wè desandan Li yo.
Li va pwolonje jou Li yo,
e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.
11 Apre gwo doulè nanm Li an,
Li va wè limyè a,
e Li va satisfè.
Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun
akoz konesans Li anvè Li menm;
e Li va pote inikite yo.
12 Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo.
Li va divize piyaj ak moun pwisan yo,
akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò,
e Li te konte avèk malfektè yo;
malgre Li te pote peche a anpil moun,
e te entèsede pou koupab yo.
Yo anonse kwasans ak triyonf legliz la
1 “Chante, O esteril la!
Ou menm ki pa t kapab fè pitit!
Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò,
ou menm ki pa t gen doulè ansent lan!
Paske fis fanm abandone an va depase fis a
fanm ki marye yo”, SENYÈ a di.
2 “Agrandi anplasman tant ou;
lonje rido lakay ou, pa ralanti!
Fè kòd yo pi long e fòtifye pikèt yo.
3 Paske ou va gaye toupatou, ni adwat, ni agoch.
Konsa, desandan ou yo va posede nasyon yo.
Yo va rete ankò nan vil abandone yo.”
4 “Pa pè, paske ou p ap vin wont.
Pa santi ou imilye, paske ou p ap desi.
Ou p ap sonje wont jenès ou
ak repwòch tankou vèv.
Sa va bliye nèt.
5 Paske mari ou se Kreyatè ou a;
yo rele L SENYÈ dèzame yo.
Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la.
Yo rele Li Bondye a tout latè a.
6 Paske SENYÈ a te rele ou
kon yon madanm abandone e atriste nan lespri,
menm kon yon madanm nan jenès li
lè l abandone,” di Bondye ou.
7 “Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou;
men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.
8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,
men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,
Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.
9 “Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo.
Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò,
konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou,
ni ke Mwen p ap repwoche nou.
10 Paske mòn yo kapab deplase,
e kolin yo ka disparèt,
men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.
Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,”
di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
11 O sila ki aflije a, balote pa tanpèt la e san konsolasyon an;
gade byen, Mwen va monte bijou ou ak bon kòl
ki fèt pou bijou bèl koulè yo,
epi fondasyon ou yo va poze ak pyè safì.
12 Anplis, Mwen va fè ranpa ou ak bijou ribi,
pòtay nou yo ak pyè kristal,
e tout miray ou yo ak pyè presye.
13 Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a;
pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.
14 Nan ladwati, ou va etabli;
ou va rete lwen opresyon,
paske ou p ap gen lakrent.
Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou.
15 Si nenpòt moun atake ou, se pa kote M sa va sòti.
Nenpòt moun ki atake ou va tonbe akoz ou menm.
16 “Gade byen, se Mwen menm ki te kreye bòs fòjewon
ki pou soufle dife chabon an,
e fè sòti yon zam pou travay li.
Mwen te kreye destriktè a pou l ka detwi.
17 Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi;
epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo.
Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo.
Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.
Benediksyon abondan levanjil la
Plenitid ak ekselans benediksyon levanjil la.
1 “Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!
Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.
Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.
2 Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,
ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?
Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon
e pran plezi nou an abondans.
3 Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.
Koute pou nou ka viv.
Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,
selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
4 Gade byen, Mwen te bay li kon yon temwen a pèp la,
yon chèf ak kòmandè pou pèp la.
5 Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt;
yon nasyon ki pa rekonèt ou va kouri bò kote ou,
akoz SENYÈ Bondye ou a,
ak Sila Ki Sen an Israël la;
paske Li te bay ou glwa.”
6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a.
7 Kite mechan an abandone chemen li an,
ak pechè a, panse li yo.
Kite li retounen kote SENYÈ a
e Li va gen mizerikòd sou li;
anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,
ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.
9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,
konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,
e panse Mwen yo ke panse pa w yo.
10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,
e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,
pou fè l donnen e boujonnen,
pou fè l bay semans pou kiltivatè,
ak pen pou sila k ap manje a;
11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.
Li p ap retounen kote Mwen vid,
san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,
san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.
12 Paske ou va sòti ak kè kontan
e mennen sòti ak lapè.
Mòn yo ak kolin yo va eklate
nan gwo kri lajwa devan ou,
e tout bwa nan chan yo va bat men yo.
13 Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve;
olye machacha, bwa jasmen va leve.
Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a,
kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.
56:1 Konsa pale SENYÈ a:
“Konsève sa ki jis
e fè sa ki dwat,
paske sali Mwen an prèt pou rive
e ladwati Mwen va vin revele.
2 A la beni nonm ki fè sa a beni,
e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm;
ki pa janm derespekte Saba a,
e ki anpeche men l fè mal la.”
3 Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di:
“Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.”
Ni pa kite enik lan di:
“Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.
4 Paske konsa pale SENYÈ a:
“A enik yo ki kenbe Saba Mwen yo,
ki chwazi sa ki fè M plezi,
e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,
5 a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an;
anndan miray Mwen yo, yon memoryal
e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo.
Mwen va bay yo yon non
k ap dire nèt jis pou letènite,
ki p ap janm disparèt.”
6 “Anplis, etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a,
pou sèvi Li,
pou renmen non a SENYÈ a,
pou vin sèvitè Li,
yo tout ki pa derespekte Saba a,
e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;
7 menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an,
e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an.
Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an;
paske kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”
8 Senyè BONDYE a, ki rasanble dispèse a Israël yo, deklare:
“Mwen va rasanble lòt yo anvè yo,
lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”