Kalamite anonse davans poutèt idolatri Juda

Yon prediksyon sou kalamite ki t ap vin tonbe sou Juda poutèt idolatri li ak ipokrizi li.

710 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ésaïe 56:9–59:15

9 Nou tout, bèt a chan yo,

vin manje,

ak tout bèt a forè yo.

10 Gadyen Li yo avèg.

Tout nan yo san konprann.

Se chen bèbè ki pa ka jape;

moun k ap kouche fè rèv,

ki renmen somèy.

11 Wi, chen yo voras.

Yo pa janm jwenn ase.

Se bèje yo ye san konprann.

Yo tout vire tounen nan pwòp chemen pa yo,

yo chak nan ranmase byen de tout katye.

12 “Vini”, yo di: “Annou twouve diven;

annou bwè anpil bwason fò.

Epi demen n ap fè menm jan ak jodi a!

Plis menm!”

57:1 Moun dwat la peri,

men pèsòn pa pran sa a kè.

Sila ak mizerikòd vin retire,

men pèsòn pa konsidere

ke moun dwat la retire pou anpeche mal la rive l.

2 Li antre nan lapè.

Chak antre nan pwòp kabann pa l;

tout sila ki te mache dwat nan chemen li yo.

3 “Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo,

desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.

4 Se kont kilès nou fè plezi a?

Kont kilès nou ouvri bouch nou laj

e lonje lang nou an?

Se pa desandan a rebèl nou ye,

ak pòtè a desepsyon?

5 Kap limen tèt nou pami bwadchenn yo,

anba tout gwo bwa vèt,

ki fè masak timoun yo nan ravin yo,

anba fenèt wòch gwo falèz yo?

6 Pami wòch swa nan ravin nan se pòsyon pa w;

pou yo menm ou te voye osò a.

Menm pou yo menm, ou te vide yon ofrann bwason.

Ou te fè yon ofrann sereyal.

Èske M ta dwe ralanti konsènan bagay sa yo?

7 Sou yon gwo mòn byen wo, ou te fè kabann ou.

Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis.

8 Dèyè pòt la ak chanbrann pòt la, ou te fè monte souvni ou;

ou te ouvri ou menm a yon lòt sof ke mwen.

Konsa, ou te monte.

Ou te ale fè kabann ou byen laj.

Konsa ou te antann ou avèk yo.

Ou te byen renmen sa ou te wè sou kabann yo.

9 Ou te ale kote wa a ak lwil,

e ou te ogmante pafen ou yo;

ou te voye mesaje ou yo rete lwen,

e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo.

10 Ou te fatige akoz wout ou te long,

men ou pa t di: ‘Nanpwen espwa.’

Ou te jwenn fòs renouvle.

Ou pa t febli menm.

11 De kilès ou te pè e twouble a,

ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an,

ni menm panse a Mwen an?

Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan

ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?

12 Mwen va deklare ladwati ou ak zèv ou yo,

men yo p ap nan avantaj ou.

13 Lè ou vin kriye fò, kite zidòl ou yo delivre ou.

Men van an va pote yo ale.

Yon souf va rale yo monte.

Men sila ki kache nan Mwen an va eritye peyi a.

Li va posede mòn sen Mwen an.”

14 Li va di: “Fè l monte, fè l monte, prepare chemen an!

Retire obstak la ki nan wout pèp Mwen an.”

15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,

Sila ki viv jis pou tout tan an,

non a Li se Sila ki Sen an, pale:

“Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,

anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb,

pou fè leve lespri a enb yo,

e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.

16 Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan,

ni se pa pou tout tan ke M ap fache a;

paske lespri a ta vin fèb devan M,

ak nanm a sila ke M te fè yo.

17 Akoz inikite gwo lanvi li,

Mwen te fè kòlè, e Mwen te frape li.

Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache.

Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an.

18 Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li;

Mwen va mennen li e restore konsolasyon

a li menm ak sila k ap lamante pou li.

19 Mwen kreye fwi a lèv yo:

“Lapè, lapè, pou sila ki lwen yo,

ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di:

“Epi Mwen va geri yo.”

20 Men mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse.

Li p ap ka kalme, e dlo yo

rale fè monte fatra ak labou.

21 “Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di:

“pou mechan yo”.

58:1 “Kriye fò, ni pa rete!

Leve vwa ou tankou yon twonpèt!

Deklare a pèp Mwen transgresyon yo,

e a lakay Jacob la, peche yo.

2 Malgre yo chache Mwen de jou an jou

e te fè gwo lanvi pou konnen chemen Mwen yo,

konsi se yon nasyon ki fè ladwati,

e ki pa t abandone règleman a Bondye yo.

Yo mande Mwen pou fè desizyon ki jis.

Yo pran plezi nan pwoksimite Bondye a.

3 ‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè?

Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’

“Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo

e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.

4 Gade byen, nou fè jèn pou konfli ak kont;

pou nou frape ak ponyèt mechan an.

Kalite jèn nou fè la jodi a p ap fè vwa ou tande anwo a.

5 Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan?

Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm?

Pou bese tèt li kon wozo,

e gaye twal sak ak sann kon kabann anba l?

Èske se yon jèn ke ou rele sa;

menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?

6 “Se pa jèn sila a ke M pito;

pou lache lyann mechanste yo,

pou demare kòd jouk la,

pou lese oprime yo pran libète

e kase tout jouk yo?

7 Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo,

e mennen endijan yo antre nan kay?

Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l;

epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?

8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten,

e gerizon ou va vòltije vit devan ou.

Ladwati ou va ale devan ou,

e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.

9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn.

Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’.

“Si ou retire jouk la nan mitan nou,

sispann pwente dwat sou lòt

e sispann pale mechanste;

10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou,

e satisfè dezi a aflije a;

nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa,

e tristès ou va klere kon gran lajounen.

11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan,

satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo,

e bay fòs a zo ou yo.

Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze

e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.

12 Sila ki pami ou yo va rebati ansyen mazi yo.

Ou va fè releve ansyen fondasyon yo.

Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la,

Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.

13 “Si, nan Saba a, ou vire pye ou,

pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an,

e rele Saba a yon gwo plezi,

epi jou sen a SENYÈ a onorab,

e bay li onè,

olye chache chemen pa ou,

olye pwòp plezi pa ou,

ak pale pwòp pawòl pa w,

14 konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a,

e Mwen va fè ou monte sou wotè latè yo.

Mwen va bay ou manje,

e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a,

paske bouch SENYÈ a pale sa a.”

59:1 Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout

pou l pa ka sove;

ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.

2 Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an,

e se peche nou yo

ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.

3 Paske men nou souye ak san vèse,

e dwèt nou ak inikite.

Lèv nou fin pale sa ki fo,

e lang nou plenyen mechanste.

4 Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati,

ni ki fè plent ak entegrite.

Yo mete konfyans nan vanite,

e yo pale manti.

Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.

5 Yo kale ze koulèv yo,

e trese fil arenye yo.

Sila ki manje ze yo va mouri;

e nan sa ki kraze a, yon koulèv va pete vin parèt.

6 Fil pa yo p ap fè rad;

ni zèv yo p ap ka kouvri yo.

Zèv pa yo se zèv inikite,

e se zak vyolans ki rete nan men yo.

7 Pye pa yo kouri vè mal,

e yo fè vit pou vèse san inosan an.

Panse pa yo se panse inikite,

e destriksyon ak dega sou chemen yo.

8 Yo pa konnen chemen lapè,

e nanpwen jistis nan yo.

Yo te fè wout kwochi;

nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.

9 Akoz sa, lajistis rete lwen nou,

e ladwati pa fin rive sou nou.

Nou espere jwenn limyè pou klere nou,

men nou mache nan fènwa.

10 Nou tatonnen akote mi an tankou moun avèg.

Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo.

Nou kilbite a midi konsi se nan aswè.

Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.

11 Epi nou tout gwonde tankou lous,

e plenyen ak tristès kon toutrèl.

Nou espere lajistis, men nanpwen;

pou delivrans, men li lwen nou.

12 Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou,

e peche nou yo temwaye kont nou.

Paske transgresyon nou yo rete avèk nou

e nou konnen inikite nou yo:

13 Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a.

Nou vire kite Bondye nou an,

ak pawòl opresyon ak rebèl.

Nan kè a, nou fòmante

e fè vin parèt pawòl manti.

14 Lajistis vin detounen

e ladwati vin kanpe byen lwen.

Paske verite a fin glise tonbe nan lari

e ladwati p ap ka antre.

15 Wi, verite a manke;

epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la,

fin fè pwòp tèt li yon viktim.

Alò, SENYÈ a te wè

e sa pa t fè plezi devan zye L,

ke pa t gen jistis.