Laglwa ak triyonf legliz la nan lavni
710 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
16 Li te wè ke pa t gen pèsòn,
e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede.
Akoz sa a, pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li,
e ladwati Li te bay Li soutyen.
17 Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak,
e ak kas sali a sou tèt Li.
Li te mete vètman vanjans kon abiman,
e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.
18 Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo:
jijman ak kòlè a advèsè Li yo,
rekonpans a lènmi Li yo;
a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.
19 Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès
e glwa Li soti kote solèy leve a;
paske Li va vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid.
Se van SENYÈ a kap pouse l.
20 “Yon Redanmtè va vini nan Sion,
e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a.
21 “Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”
60:1 “Leve, briye; paske limyè ou fin parèt
e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.
2 Paske gade byen, tenèb va kouvri latè
e pwofon tenèb tout pèp yo.
Men SENYÈ a va vin leve sou ou,
e glwa li va parèt sou ou.
3 Nasyon yo va vin kote limyè ou a,
e wa yo nan klète lè ou leve a.
4 “Leve zye ou toupatou e gade;
yo tout rasanble ansanm;
yo vin kote ou.
Fis ou yo va vini soti lwen,
e fi ou yo va pote nan bra yo.
5 Epi ou va wè, ou va plen ak limyè;
kè ou va kontan e ou va rejwi.
Paske abondans lanmè a va vire vè ou;
gran richès a nasyon yo va rive kote ou.
6 Anpil chamo va kouvri ou,
jenn chamo a Madian ak Épha yo.
Tout sila soti Séba yo va vini.
Yo va pote lò ak lansan,
e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.
7 Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou.
Belye a Nebajoth yo va sèvi ou;
yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an,
e Mwen va glorifye kay Mwen an
ki plen lonè ak mayifisans.
8 “Se kilès sa yo ki vole tankou yon nwaj
ak tankou toutrèl vè fenèt pa yo?
9 Anverite, peyi kot yo va tann Mwen;
gwo bato Tarsis yo va vini premyèman
pou mennen fis ou yo soti lwen;
ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a
e pou Sila Ki Sen an Israël la,
akoz Li te bay ou glwa.
10 “Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo,
epi wa pa yo va fè sèvis pa yo.
Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou
e nan gras Mwen, Mwen te fè ou mizerikòd.
11 Pòtay ou yo va vin louvri nèt tout tan;
yo p ap fèmen ni lajounen, ni lannwit,
pou yo kapab pote bay ou richès a tout nasyon yo,
ak wa yo kon kaptif.
12 Paske nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri;
wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt.
13 “Glwa a Liban an va rive kote ou,
bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan
pou anbeli plas sanktyè Mwen an.
Mwen va fè plas pye Mwen yo vin plen glwa.
14 Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou
e tout sila ki te meprize ou yo
va bese yo menm devan pla pye ou.
Yo va rele ou vil SENYÈ a,
Sion a Sila Ki Sen an Israël la.
15 “Konsi, ou te abandone e rayi, pou pèsòn pa pase ladann,
Mwen va fè ou vin plen ak majeste,
yon objè lajwa de jenerasyon an jenerasyon.
16 Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo,
e ou va souse tete a wa yo.
Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a,
se Sovè ou e Redanmtè ou,
Sila Ki Pwisan a Jacob la.
17 Olye bwonz, Mwen va pote lò;
olye fè, Mwen va pote ajan;
olye bwa, Mwen va pote bwonz
e olye wòch, Mwen va pote fè.
Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou
e ladwati kon konseye ou.
18 Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou,
ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou;
men ou va rele miray ou yo: “Sali” e pòtay ou yo: “Lwanj”.
19 Ou p ap sèvi solèy la pou limyè lajounen ankò,
ni klate lalin nan pou ba ou limyè;
men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl
e Bondye ou kon glwa ou.
20 Solèy ou p ap bese ankò,
ni lalin nan p ap febli;
paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl
e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.
21 Epi tout moun ou yo va dwat,
Yo va posede peyi a jis pou tout tan;
branch ke M te plante a, zèv a men M yo,
pou M kapab resevwa glwa.
22 Pi piti a va devni yon gran pèp
e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan.
Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l.”
61:1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an;
pou konsole tout moun ak kè ki tris,
3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;
pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,
ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,
ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.
Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,
yon plantasyon SENYÈ a,
pou Li kapab resevwa glwa.
4 Yo va rebati ansyen mazi yo,
yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo.
Yo va repare vil ki te detwi yo,
dezolasyon de anpil jenerasyon yo.
5 Etranje yo va kanpe pou okipe bann mouton nou yo,
e pitit a etranje yo va kiltivatè tè nou,
ak chan rezen nou yo.
6 Men nou va rele kon prèt SENYÈ a;
Lèzòm va rele nou sèvitè a Bondye nou an.
Nou va manje richès a nasyon yo,
e nan richès pa yo, nou va vante tèt nou.
7 Olye de wont nou, nou va gen yon pòsyon doub;
olye de imilyasyon, yo va rele ak lajwa sou pòsyon pa yo.
Akoz sa, yo va posede yon pòsyon doub nan peyi yo;
lajwa etènèl la va pou yo.
8 Paske Mwen, SENYÈ a, renmen lajistis;
Mwen rayi vòl ak malfezans.
Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo,
e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.
9 Desandan pa yo va rekonèt pami nasyon yo,
e posterite yo nan mitan a tout pèp yo.
Tout moun ki wè yo va rekonèt yo,
akoz yo se desandan ke SENYÈ a te beni yo.
10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;
nanm mwen va rejwi anpil nan Bondye mwen an,
paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.
Li te vlope m nan yon manto ladwati,
tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn;
e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
11 Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la,
jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi,
konsa Senyè BONDYE a va fè ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.