Laglwa ak triyonf legliz la nan lavni (continued)

710 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ésaïe 62–64

1 Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans

e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl,

jiskaske ladwati li vin parèt tankou gran limyè

e sali li tankou yon tòch k ap brile.

2 Nasyon yo va wè ladwati ou

e tout wa yo glwa ou.

Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay.

3 Anplis, ou va yon kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a ,

e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a.

4 Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”,

ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”;

men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: “Marye”.

Paske SENYÈ a pran plezi nan ou

e a Li menm, peyi ou va marye.

5 Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj,

konsa fis ou yo va marye avèk ou;

epi menm jan jennonm maryaj la

ap rejwi ak jenn fi maryaj la,

konsa Bondye ou a va rejwi ak ou.

6 Sou miray ou yo, O Jérusalem,

Mwen te plase gadyen yo.

Tout lajounen ak tout lannwit,

yo p ap janm rete an silans.

Nou menm ki raple SENYÈ a,

pa pran repo pou tèt nou;

7 ni pa bay Li repo jiskaske Li etabli

e fè Jérusalem yon lwanj sou tout tè a.

8 SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li

e pa men pwisan Li:

“Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò

kon manje pou lènmi ou yo;

ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf

pou sila ou te depanse fòs ou a.”

9 Men sila ki ranmase li,

se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a.

Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou

sanktyè pa Mwen an.

10 Antre ladann, antre nan pòtay yo!

Netwaye chemen an pou pèp la!

Bati, bati chemen an!

Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.

11 Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a:

“Di a fi Sion an: ‘Men sali ou a rive!

Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’”

12 Konsa, yo va rele yo: “Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”.

Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a,

Yon Vil Ki Pa Abandone.”

63:1 Se kilès sa ki sòti Edom an,

avèk vètman Botsra byen kolore a?

Kilès sila a, ak abiman majeste Li,

k ap mache nan grandè ak fòs li a?

“Se Mwen menm ki pale nan ladwati,

ki pwisan pou delivre a.”

2 Poukisa abiman Ou wouj

e vètman Ou tankou sila

k ap mache nan kivèt diven an?

3 “Mwen te foule nan kivèt diven an sèl,

Pami pèp yo, pa t gen moun avè M.

Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen,

e Mwen te mache kraze yo nan kòlè Mwen an.

Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen

e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.

4 Paske jou vanjans lan te nan kè M;

e ane racha a M yo rive.

5 Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede;

Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen.

Akoz sa pwòp bra M te pote Sali Mwen

e kòlè Mwen te fè M kanpe.

6 Mwen te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen;

Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen.

Mwen te vide san lavi yo sou tè a.”

7 Mwen va pale de lanmou dous SENYÈ a,

ak lwanj SENYÈ a.

Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou,

ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo,

selon labondans konpasyon li,

epi selon gran mizerikòd Li.

8 Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen,

fis ki p ap aji nan manti.”

Pou sa, Li te devni Sovè yo.

9 Nan tout afliksyon yo, Li te aflije

e zanj a prezans Li an te sove yo.

Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li,

Li te rachte yo.

Li te leve yo, e te pote yo

pandan tout ansyen jou yo.

10 Men yo te fè rebèl

e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris.

Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo;

Li te goumen kont yo pou kont Li.

11 Men konsa, Li te vin sonje ansyen jou yo

ak Moïse e pèp Li.

Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè

ak bèje a bann mouton Li yo?

Kote Li, Sila ki te mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?”

12 Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la?

Ki te divize dlo yo devan yo

pou fè pou pwòp tèt Li

yon non ki ta dire pou tout tan?

13 Ki te mennen yo atravè fon yo

tankou cheval nan dezè a,

pou yo pa chape tonbe?

14 Tankou bèt ki te desann nan vale yo,

Lespri SENYÈ a te bay yo repo.

Konsa, Ou te mennen pèp Ou a

pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa.

15 Gade anba depi nan syèl la

e wè soti nan abitasyon sen Ou

ki plen ak glwa Ou.

Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo?

Santiman a kè ou ak konpasyon Ou

te vin anpeche de mwen.

16 Paske Ou se Papa nou,

malgre Abraham pa rekonèt nou,

ni Israël pa rekonèt nou.

Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou,

Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.

17 Poukisa, O SENYÈ, Ou fè nou egare kite chemen Ou yo?

E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou?

Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.

18 Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan;

advèsè nou yo te foule li ba nèt.

19 Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo,

tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.

64:1 O ke Ou ta chire syèl yo,

ke Ou ta desann,

ke mòn yo ta tranble devan prezans Ou—

2 tankou dife anflame touf bwa chan an,

tankou dife fè dlo bouyi.

Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo,

pou nasyon yo ka tranble devan prezans Ou!

3 Kon lè Ou te fè bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo;

Ou te desann.

Mòn yo te tranble devan prezans Ou.

4 Depi nan jou ansyen yo, yo pa t tande ni sezi ak zòrèy,

ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou,

k ap aji pou sila k ap tann Li an.

5 Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat,

ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo.

Gade byen, Ou te fache paske nou te peche,

nou te kontinye nan peche pandan anpil tan.

Èske nou va sove?

6 Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp.

Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt;

konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy,

e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.

7 Nanpwen moun ki rele non Ou,

ki leve pou atache a Ou menm;

paske Ou te kache figi Ou a nou menm

e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.

8 Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou,

nou se ajil la e se Ou ki mèt kanari a;

nou tout se zèv men Ou yo.

9 Pa vin fache depase, O SENYÈ,

ni sonje inikite nou yo pou tout tan.

Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.

10 Vil sen Ou yo te vin yon dezè;

Sion te vin yon dezè,

Jérusalem yon kote dezole.

11 Bèl kay sen nou an,

kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo,

te brile ak dife;

epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.

12 Èske Ou va ralanti Ou menm, devan bagay sa yo, O SENYÈ?

Èske Ou va rete an silans e bannou lapèn ki depase mezi a?