Laglwa ak triyonf legliz la nan lavni (continued)

710 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ésaïe 65–66

1 “Mwen te chache pa sila

ki pa t mande pou Mwen yo;

Mwen te twouve pa sila

ki pa t chache M.

Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’

a yon nasyon ki pa t rele non Mwen.

2 Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl,

ki mache nan chemen ki pa bon,

k ap swiv pwòp panse pa yo,

3 Yon pèp ki pwovoke M tout tan nan figi M,

k ap ofri sakrifis nan jaden yo

e k ap brile lansan sou brik yo;

4 ki chita nan mitan tonm yo

e ki pase nwit lan kote kache yo;

ki manje chè kochon,

ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.

5 Ki di: ‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen;

mwen pi sen pase ou’!

Sila yo se lafimen nan nen Mwen,

yon dife ki brile tout lajounen.

6 “Gade byen, li ekri devan Mwen:

Mwen p ap rete an silans,

men Mwen va bay rekonpans;

Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo,

7 ni pou pwòp inikite pa yo

ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a.

“Akoz yo te brile lansan sou mòn yo

e te moke M sou kolin yo;

pou sa, Mwen va mezire zèv yo te fè,

jis rive nan lestonmak yo.”

8 Konsa pale SENYÈ a;

“Menm jan diven tounèf twouve nan yon grap rezen,

e yon moun di, ‘pa detwi l, paske gen benefis ladann’:

konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo,

pou M pa detwi yo tout.

9 Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo

e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda.

Menm chwazi pa M yo va eritye l

e sèvitè Mwen yo va demere la.

10 Saron va yon peyi ki fè patiraj

pou bann mouton yo,

e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze,

pou pèp Mwen ki chache Mwen an.

11 “Men nou menm ki abandone SENYÈ a,

ki bliye mòn sen Mwen an,

ki ranje yon tab pou Gran Chans,

ki plen tas ak diven mele pou Desten an;

12 Mwen va ranje desten nou ak nepe,

e nou tout va bese devan masak la.

Akoz Mwen te rele nou, men nou pa t reponn;

Mwen te pale, men nou pa t tande.

Epi nou te fè mal devan zye M,

e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”

13 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a:

“Gade byen, sèvitè Mwen yo va manje,

men nou va rete grangou.

Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè,

men nou va rete swaf.

Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi,

men nou va twouve gwo wont.

14 Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan,

men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè,

e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.

15 Ou va kite non nou kon yon malediksyon

a moun chwazi pa Mwen yo,

e Senyè BONDYE a va touye nou.

Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.

16 Paske sila ki beni sou tè a,

va beni pa Bondye verite a;

epi sila ki sèmante nan tout tè a,

va sèmante pa Bondye verite a;

paske ansyen twoub yo fin bliye

e paske yo kache devan zye M.”

17 Paske gade byen,

Mwen va kreye yon syèl tounèf,

ak yon tè tounèf;

epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò,

ni p ap menm antre nan panse.

18 Men fè kè kontan e rejwi nou

jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo;

paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans,

e pèp li a pou kè kontan.

19 Anplis, Mwen va rejwi de Jérusalem.

Mwen va fè kè kontan nan pèp Mwen an.

Epi p ap tande ankò nan li

vwa kriye ak son moun k ap kriye.

20 “P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou,

ni granmoun ki pa fin fè tout jou li yo;

paske jenn yo va mouri nan laj santan

e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi.

21 Yo va bati kay yo pou yo viv ladann;

anplis, yo va plante chan rezen yo e manje fwi yo.

22 Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann,

yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje.

Paske kon lavi a yon pyebwa, se konsa

jou a pèp Mwen an va ye,

e moun chwazi pa M yo va gen tan

rejwi nan pwòp zèv men yo.

23 Yo p ap travay an ven, ni fè pitit pou mizè;

paske yo se desandan a sila ki beni pa SENYÈ a,

e anplis, desandan yo, menm jan.

24 Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn;

epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.

25 Lou ak ti mouton va manje ansanm.

Lyon an va manje pay kon bèf.

Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an.

Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,”

di SENYÈ a.

66:1 Konsa pale SENYÈ a:

“Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M.

Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen?

Epi ki kote pou M ta ka repoze?

2 Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo;

se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a.

“Men, anvè sila Mwen va gade;

sila ki enb ak kè ki repanti a,

e ki tranble devan pawòl Mwen yo.

3 Men sila ki touye yon bèf la,

li tankou sila ki touye yon moun nan;

sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an,

li tankou yon moun ki kase kou a yon chen;

sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an;

sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la.

Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo,

e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.

4 Konsa, Mwen va deziye pinisyon yo,

e Mwen va mennen sou yo sa ke yo plis pè a.

Paske Mwen te rele, men pèsòn pa t reponn;

Mwen te pale, men yo pa t koute,

men se mal yo te fè devan zye M,

e yo te chwazi sa ki pa t fè M plezi.”

5 Tande pawòl SENYÈ a,

nou menm ki tranble devan pawòl Li yo:

“Frè nou ki rayi nou yo, ki rejte nou akoz non Mwen,

Yo te di:

‘Kite SENYÈ a resevwa glwa,

pou nou ka wè nou fè kè kontan.’

Men sila yo k ap wont.

6 Yon vwa gwo boulvèsman soti nan vil la,

yon vwa soti nan tanp lan;

vwa SENYÈ a k ap rann rekonpans a lènmi Li yo.

7 “Avan fi a gen doulè, li te anfante;

avan gwo doulè a te rive li, li te fè yon gason.

8 Se kilès ki te tande yon koze konsa a?

Kilès ki te wè yon bagay konsa?

Èske yon peyi kapab fèt nan yon sèl jou?

Èske yon nasyon ka vin parèt nan yon enstan?

La menm Sion te vin gen doulè,

li te fè fis li yo vin parèt.

9 Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an,

pou mwen pa livre pitit la?” pale SENYÈ a.

“Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a,

ta fèmen vant lan?” pale Bondye nou an.

10 “Fè kè kontan ak Jérusalem,

e rejwi de li, nou tout ki renmen li yo.

Fè kè kontan anpil, nou tout ki te fè kè tris pou li yo,

11 pou nou kapab souse e jwenn satisfaksyon nan tete li,

pou nou kapab souse pou jwenn plezi nan gwo lestonmak li a.”

12 Paske konsa pale SENYÈ a:

“Gade byen, Mwen lonje bay fi a lapè tankou yon rivyè

e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde.

Nou va vin pran tete,

nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.

13 Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l,

se konsa Mwen va rekonfòte nou;

epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”

14 Nou va wè sa;

kè nou va kontan e zo nou

va fleri tankou zèb vèt tounèf.

Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo;

men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo.

15 Paske gade byen, SENYÈ a va vini avèk dife,

e cha Li yo va tankou van toubiyon.

Li va rann kòlè Li ak gwo raj

e repwòch Li ak flanm dife.

16 Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak dife

e avèk nepe Li sou tout chè;

e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.

17 “Sila ki sanktifye e pirifye tèt pou ale nan jaden yo, k ap swiv moun mitan an, ki manje chè kochon, bagay abominab, ak sourit la, va sispann nèt”, deklare SENYÈ a. 18 “Paske Mwen konnen zèv yo ak panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen. 19 Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va deklare glwa Mwen pami nasyon yo. 20 Yo va mennen tout frè nou yo soti nan tout nasyon yo kon yon ofrann sereyal a SENYÈ a. Yo va vini sou cheval, nan cha, sou kabwèt kouvri, sou milèt ak chamo pou rive sou mòn sen Mwen an, Jérusalem”, di SENYÈ a. “Jis konsa, fis Israël yo pote ofrann sereyal nan yon veso pwòp a lakay SENYÈ a. 21 Anplis, Mwen va pran kèk nan yo kon prèt ak Levit”, SENYÈ a di.

22 “Paske menm jan ke syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt. 23 Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène devan Mwen,” SENYÈ a di. 24 “Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”