Lanmò Ézéchias
710 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
27 Alò, Ézéchias te gen anpil richès avèk onè. Li te fè pou kont li trezò an ajan, lò, pyè presye, epis, boukliye defans ak tout kalite bagay ak gwo valè, 28 anplis, depo pou konsève sereyal, diven avèk lwil, pak pou tout kalite bèt, avèk pak pou bann mouton yo. 29 Li te fè vil pou li menm, e te vin genyen bann mouton avèk twoupo an gran kantite, paske Bondye te ba li anpil richès. 30 Se te Ézéchias ki te bouche sous piwo dlo Guihon yo, e te dirije yo rive nan pati lwès lavil David la. Ézéchias te byen reyisi nan tout sa li te fè.
31 Men nan afè mesaje ki sòti Babylone yo, ki te voye bò kote li pou aprann tout mèvèy ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite li, pou L ta ka pase l nan eprèv pou wè tout sa ki te nan kè l.
32 Alò, tout lòt zèv Ézéchias yo avèk zèv fidèl li yo, vwala, yo ekri nan vizyon Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, nan Liv A Wa Juda Avèk Israël Yo. 33 Konsa, Ézéchias te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan chemen an ki monte kote tonm fis a David yo. Tout Juda avèk pèp Jérusalem nan te onore li nan lanmò li. Fis li a, Manassé te devni wa nan plas li.
1 Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a. 2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè.
1 Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias la, Sanchérib, wa Assyrie a, te monte kont tout vil ranfòse Juda yo e te sezi yo. 2 Konsa, wa Assyrie a te voye Rabschaké sòti Lakis nan Jérusalem vè wa Ézéchias avèk yon gwo lame. Li te kanpe kote kanal la sou gran chemen a ki rele Chan Foule a. 3 Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay wa a, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, grefye achiv la, te sòti vin kote l.
4 Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias; ‘Se konsa gran wa a, wa Assyrie a pale: “Ki konfyans sa ou genyen an? 5 Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè nou fè rebelyon kont mwen an? 6 Gade byen, ou depann de baton a wozo kraze sila a. Égypte menm. Men si yon nonm apiye kote li, baton li an ap antre nan men l e frennen l nèt. Se konsa Farawon, wa Égypte la ye pou tout sila ki depann de li yo. 7 Men si ou di m: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, èske se pa wo plas ak lotèl a Li menm yo ke Ézéchias te retire e te di Juda ak Jérusalem: ‘Ou va adore isit la devan lotèl sila a’? 8 Alò, pou rezon sa a, vin fè yon antant ak mèt mwen an, wa Assyrie a, e mwen va bannou de-mil cheval, si nou ka jwenn chevalye kont pou mete sou yo. 9 Kijan, alò, nou ka refize menm youn nan pi piti ofisye a mèt mwen yo pou depann de Égypte pou cha ak chevalye? 10 Èske konsa, mwen te monte san pèmisyon SENYÈ a, kont peyi sa a pou detwi l? SENYÈ a te di mwen: “Ale monte kont peyi sa a pou detwi l.”’”
11 Epi Éliakim, Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Alò, pale ak sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale ak nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou miray yo.”
12 Men Rabschaké te di: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt nou ak nou menm pou pale pawòl sa yo, e pa a moun sila yo ki chita sou miray la, ki va oblije manje pwòp poupou yo e bwè dlo pipi yo ansanm avèk nou?” 13 Konsa Rabschaké te kanpe e te kriye ak yon gwo vwa an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl a gran wa a, wa Assyrie a. 14 Konsa pale wa a: ‘Pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, paske li p ap ka delivre nou! 15 Ni pa kite Ézéchias fè nou mete konfyans nan SENYÈ a, oswa di nou: “Anverite SENYÈ a va delivre nou, vil sa a p ap bay nan men a wa Assyrie a.”’ 16 Pa koute Ézéchias, paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè ak mwen, vin jwenn mwen, chak moun va manje nan pwòp chan rezen pa li, chak moun nan pwòp pye fig pa li, e chak moun va bwè dlo nan pwòp sitèn pa li, 17 jiskaske m vin mennen nou ale nan yon peyi tankou peyi pa nou an, yon peyi ak anpil sereyal ak diven nèf, yon peyi ak pen ak chan rezen. 18 Veye pou Ézéchias pa egare nou e di nou: “SENYÈ a va delivre nou”. Èske youn nan dye a nasyon yo te delivre tè li a anba men a wa Assyrie la? 19 Kote dye a Hamath ak Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo? Epi kilè yo te delivre Samarie nan men m?” 20 Se kilès pami tout dye peyi sila yo ki te delivre peyi pa yo nan men m, pou SENYÈ a ta delivre Jérusalem nan soti men m?’”
21 Men yo te pe la e pa t di l yon mo, paske lòd a wa a se te: “Pa reponn li”.
22 Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay la, Schebna, sekretè a ak Joach, fis a Asaph, achivist la, te rive kote Ézéchias ak rad yo chire, e te di li pawòl a Rabschaké yo.