Yo kondane adorasyon zidòl
710 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “Tande sa, O lakay Jacob,
ki rele pa non Israël,
ki te sòti nan dlo Juda a.
Nou sèmante pa non SENYÈ a,
e envoke Bondye Israël la,
men san verite e san ladwati.
2 Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an
e yo depann sou Bondye Israël la;
SENYÈ dèzame se non Li.
3 Mwen te deklare ansyen bagay lontan yo,
yo te sòti nan bouch Mwen e Mwen te pwoklame yo.
Sibitman Mwen te fè yo, e yo te vin rive.
4 Akoz Mwen konnen ke tèt ou di,
kou ou tankou ba fè,
e fwontèn ou tankou bwonz;
5 pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa;
avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm,
pou ou pa ta di: ‘Se zidòl mwen an ki te fè l;
imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an
ki te kòmande yo.’
6 Ou te tande sa!
Gade tout sa!
Konsa, ou menm, èske ou p ap deklare li?
Mwen pwoklame bagay tounèf yo a ou menm soti kounye a,
tout bagay kache a ke ou pa t konnen yo.
7 Se koulye a yo fèt, e pa lontan sa.
Avan jou sa a, ou pa t tande yo.
Konsa, ou p ap di: “Gade byen, mwen te konnen yo”.
8 Anverite, Ou pa t konn tande yo,
ni ou pa t konnen yo.
Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri,
paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken.
Depi nan nesans ou, se rebèl ou te ye.
9 Pou koz a non Mwen, M ap fè kòlè Mwen pran ti reta;
pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou,
pou m pa koupe retire ou nèt.
10 Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan;
Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a.
11 Pou koz pa M,
pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji;
paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa?
Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.
12 Koute Mwen, O Jacob,
menm Israël ke M te rele a;
Mwen se Li menm nan.
Mwen se premye a.
E Mwen se osi dènye a.
13 Anverite, men M te etabli latè,
e men dwat Mwen te louvri syèl yo.
Lè M rele yo, yo kanpe ansanm.
14 Rasanble, nou tout pou koute!
Se kilès pami yo ki te deklare bagay sa yo?
Sila SENYÈ a renmen; li va akonpli sa li pito sou Babylone.
Men L va kont Kaldeyen yo.
15 Mwen menm, Mwen te pale.
Anverite, Mwen te rele li.
Mwen te mennen li,
e Li va fè chemen li yo vin reyisi.
16 Vin toupre Mwen, koute sa:
“Depi nan kòmansman, Mwen pa t pale an sekrè;
depi tan sa te rive a, Mwen te la.”
Epi koulye a Senyè BONDYE a te voye Mwen ak Lespri Li.
17 Konsa pale SENYÈ a,
Redanmtè ou a,
Sila Ki Sen an Israël la:
“Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi,
ki mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.
18 Si sèlman ou te okipe kòmandman Mwen yo!
Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè,
e ladwati ou tankou lam lanmè yo.
19 Desandan nou yo t ap tankou sab e pitit ou yo tankou grenn sab.
Non pa li pa ta janm vin disparèt ni detwi devan prezans Mwen.”
20 Ale kite Babylone!
Sove ale devan Kaldeyen yo!
Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa.
Voye li rive jis nan dènye pwent latè.
Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”
21 Yo pa t swaf lè Li te mennen yo travèse dezè yo.
Li te fè dlo sòti nan wòch pou yo;
Li te fann wòch la e dlo te vin pete.
22 “Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di.
Mesi a pale ak pèp li a
1 Koute Mwen, O lil yo
e tande byen, pèp ki sòti lwen yo.
SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant;
depi nan vant manman M, Li te rele M.
2 Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file;
nan lonbraj men L, Li te kache Mwen.
Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli,
e Li te kache Mwen nan fouwo Li.
3 Li te di Mwen: “Ou se sèvitè Mwen,
Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.”
4 Men Mwen te di: “Mwen te travay di an ven.
Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite;
sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a,
e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.”
5 Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant
pou m ta Sèvitè Li a:
Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a,
pou Israël ta ranmase vè Li
(paske mwen te resevwa lonè nan zye SENYÈ a
e Bondye Mwen an se fòs Mwen),
6 Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen,
pou leve fè monte tout tribi Jacob yo,
e restore retay Israël la.
Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo,
pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”
7 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an,
a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an,
a Sèvitè a chèf yo:
“Wa yo va wè e vin leve,
Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a,
Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”
8 Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab,
ke M te reponn Ou.
Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou.
Mwen va kenbe Ou e bay Ou kon yon akò pou pèp la,
pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo.
9 Pou pale a kaptif yo: ‘Vin parèt’!
Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’.
Akote chemen yo, yo va manje
e patiraj yo va sou tout wotè vid yo.
10 Yo p ap grangou, ni soufri swaf,
ni solèy ki brile p ap frape yo;
Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo
e va gide yo rive nan sous dlo yo.
11 Mwen va fè tout mòn Mwen yo vin yon chemen,
e gran chemen Mwen yo va vin leve wo.
12 Gade byen, sa yo va vini sòti lwen;
epi gade, sila yo va soti nan nò ak nan lwès la,
e sila yo va soti nan peyi Sinim yo.
13 Rele fò ak jwa, O syèl yo!
Rejwi, O latè!
Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!
Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.
Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.
14 Men Sion te di: “SENYÈ a te abandone mwen,
e Senyè a te bliye mwen.”
15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,
pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?
Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.
16 Gade byen, Mwen te enskri ou nan pla men Mwen.
Miray ou yo devan Mwen tout tan.
17 Fè pitit ou yo, fè vit.
Sila k ap detwi yo e k ap devaste yo va kite ou.
18 “Leve zye ou e gade toupatou;
yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou.
Kon Mwen viv la,” deklare SENYÈ a:
“Ou va, anverite abiye ak yo tout,
pou yo sèvi kon bijou ou,
e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye.”
19 Nan plas dezè e dezole ou yo,
nan peyi detwi nèt ou a,
anverite, koulye a, ou va manke kont espas pou sila ki vivan yo,
e sila ki te vale ou yo va ale byen lwen.
20 Pitit ke ou te pèdi yo va gen tan di nan zòrèy ou:
“Plas sa a twò piti pou mwen;
fè espas pou mwen pou m ka viv isit la.”
21 Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen,
paske mwen te pèdi pitit mwen yo,
e mwen rete sèl, yon egzile e yon vwayajè?
Konsa, se kilès ki te leve sila yo?
Gade byen, mwen te kite sèl. Ki kote sila yo te sòti?’”
22 Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, Mwen va leve men M vè nasyon yo
e Mwen va monte drapo Mwen a lòt pèp yo.
Yo va mennen fis ou yo nan sen yo,
e fi nou yo va pote sou zepòl yo.
23 Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo,
e fi yo kon manman nouris.
Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè,
pou niche pousyè nan pye ou.
Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a;
sila ki tann Mwen yo p ap vin wont.”
24 Èske piyaj la kapab rache nan men a nonm pwisan an?
Oswa èske kaptif lejitim yo kapab delivre?
25 Anverite, konsa pale SENYÈ a: “Menm kaptif a nonm pwisan an va soti,
e piyaj la va rache nan men nonm fò a;
paske Mwen va batay ak sila ki batay avèk ou
e Mwen va sove fis ou yo.
26 Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo;
yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous.
Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a,
se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.”