Yo anonse kaptivite a ak destriksyon Babylon
Yon pwofesi sou kaptivite nan Babylon ak sou destriksyon Babylon.
710 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Bèl vin pwostène,
Nebo koube nèt.
Imaj pa yo konn pote sou bèt;
menm sou tout kalite bèt domestik.
Bagay ke nou pote yo se chaj lou;
yon fado ki peze sa yo ki fatige.
2 Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm.
Yo pa t ka delivre chaj lou a,
men yo menm vin prizonye yo.
3 Koute Mwen, O lakay Jacob
ak tout retay lakay Israël la;
nou menm ki te pote menm depi nan nesans,
ki te pote depi nan vant.
4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,
e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.
Mwen te fè, e Mwen va pote.
Mwen va pote, e Mwen va delivre.
5 A kilès nou ta fè Mwen sanble,
fè Mwen vin egal e konpare Mwen,
konsi nou te menm bagay?
6 Kèk konn vide lò ki sòti nan bous,
oswa peze ajan sou balans.
Anplwaye yon òfèv,
e l ap fè l vin tounen yon dye.
Yo pwostène—
e anverite, yo adore l.
7 Yo fè l monte sou zepòl pou pote l;
yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la.
Li p ap ka deplase nan plas li.
Malgre yon moun ta kriye anvè li, li p ap ka reponn;
li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.
8 Sonje sa e kanpe fèm kon gason;
kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.
9 Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo,
paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.
Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,
10 ki deklare lafen depi nan kòmansman
e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.
Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”
11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,
yon nonm volonte Mwen an,
k ap soti nan yon peyi lwen.
Anverite, Mwen te pale.
Anverite, Mwen va fè sa rive.
Mwen ki te fè plan an;
Mwen k ap fè l rive.
12 Koute Mwen, nou menm, moun tèt di,
ki lwen ladwati yo!
13 Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre.
Li pa lwen,
epi sali Mwen p ap fè reta.
Mwen va bay sali nan Sion
e glwa Mwen a Israël.
47:1 “Vin desann chita nan pousyè a, O fi vyèj Babylone nan;
Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo!
Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.
2 Pran yon wòch moulen pou moulen farin.
Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo.
Travèse rivyè yo.
3 Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt.
Mwen va pran vanjans
e Mwen p ap bliye pèsòn.”
4 Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li,
Sila Ki Sen an Israël la.
5 Chita an silans e antre nan fènwa a,
O fi a Kaldeyen yo,
paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.
6 Mwen te fache ak pèp Mwen an;
Mwen te pwofane eritaj Mwen an,
e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou.
Ou pa t montre yo gras,
men menm ak granmoun nan vyeyès yo,
ou te fè jouk ou byen lou.
7 Malgre, ou te di: ‘Se rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’
Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.
8 “Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo,
ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt.
Mwen p ap janm chita tankou yon vèv,
ni konnen pèt timoun.’
9 Men de bagay sa yo va rive sou nou sibitman
nan yon jou:
pèt a pitit ak afè vin vèv la.
Yo va rive an mezi plen nèt;
malgre tout maji nou ak gwo pouvwa
wanga nou konn fè yo.
10 Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou
e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’.
Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;
paske nan kè ou, ou te di:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
11 Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen
maji pou detounen.
Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.
Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk
va rive sou ou sibitman.
12 Kanpe fèm nan tout maji ak wanga
ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.
Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
13 Ou vin fatige ak tout konseye yo.
Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,
k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,
vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
14 Gade byen, yo tankou pay.
Dife ap brile yo.
Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.
P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,
ni flanm dife pou yo chita devan l!
15 Men kijan tout travay lavi w ap tèmine:
Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo
va mache egare nan chemen pa yo;
nanpwen moun ki pou ta sove ou.