Foli adorasyon zidòl ak konvèsyon payen yo
710 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 “Men koulye a, koute, O Jacob, sèvitè Mwen an;
Israël ke M te chwazi a.
2 Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a,
ki te fòme ou soti nan vant lan,
ki va bay ou soutyen,
k ap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an;
ak ou menm Israël ke M te chwazi a.
3 Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf
e vwa dlo sou tè ki sèch.
Mwen va vide Lespri M sou ras ou
e benediksyon sou desandan ou yo;
4 konsa, yo va vin vòltije pami zèb
kon bwa akote sous dlo.’
5 Sila a va di: ‘Mwen pou SENYÈ a;’
epi lòt la va rele sou non Jacob;
epi yon lòt va ekri sou men l:
‘Apatyen a SENYÈ a’,
epi va nonmen non Israël ak respè.
6 Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la,
ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo:
Mwen se premye a e Mwen se dènye a;
nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.
7 Se kilès ki tankou Mwen? Kite li pwoklame e deklare sa;
Wi, kite li pale M sa an lòd.
Depi lè ke M te etabli ansyen nasyon an.
Epi kite yo deklare a yo menm bagay
k ap vini yo ak evenman ki va rive yo.
8 Pa tranble, pa pè.
Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm
e te demontre nou sa?
Konsa, nou se temwen M.
Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm?
Anverite, nanpwen!
Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”
9 Sila ki fè yon imaj taye yo, tout se pou ryen.
Sa ke yo bay enpòtans yo, pa gen benefis.
Menm pwòp temwen pa yo pa wè ni konnen.
Yo pa ka menm vin wont.
10 Se kilès ki te fòme yon dye,
oswa te fè yon zidòl fonn ki san benefis?
11 Gade byen, tout zanmi l yo va vin wont,
paske bòs atizan yo menm se sèlman lòm.
Kite yo rasanble yo menm,
kite yo kanpe,
kite yo tranble,
kite yo tout ansanm vin wont.
12 Moun nan fòme bout fè a pou fè yon zouti pou koupe.
Yon travay ki fèt sou chabon limen.
Li fòme li ak mato,
e travay li ak bra li ki fò.
Anplis, li vin grangou e pèdi fòs;
li pa bwè dlo e li vin fatige.
13 Yon lòt taye bwa, li mezire li ak mèt mezi;
li trase sou li ak lakrè wouj.
Li travay li ak rif la, trase l ak konpa
e fè li sanble ak fòm a yon moun,
tankou bèlte a lòm,
pou l ka plase li anndan yon kay.
14 Anverite, li koupe bwa sèd yo pou kont li,
pran yon bwa pichpen oswa yon bwadchenn
e leve li pou kont li pami bwa forè yo.
Li plante yon bwa pen e lapli fè l grandi.
15 Epi li devni yon bagay pou moun ka brile.
Li pran kèk nan li pou l ka chofe
e anplis, fè dife pou kwit pen. Anplis li fè yon dye epi l adore l.
Li fè li yon imaj taye e li tonbe ba devan l.
16 Mwatye li, li brile nan dife;
sou mwatye sa a, li manje vyann
pandan li kwit yon gwo mòso e li satisfè.
Anplis, li chofè kò l epi di: “Aha, koulye a mwen fin chofe ase; mwen te wè dife a.”
17 Men rès la, li sèvi pou fòme yon dye, imaj taye pa li.
Li tonbe ba devan l pou adore l; anplis,
li priye a li menm e di: “Delivre m, paske se ou ki dye mwen.”
18 Yo pa konnen, ni yo pa konprann,
paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè
e kè yo pou yo pa konprann.
19 Nanpwen moun ki sonje, ni pa gen konesans
ni konprann pou l ta di:
“Mwen te brile mwatye li nan dife a
e anplis, mwen te kwit pen sou chabon li.
Mwen boukannen vyann, e mwen manje li.
Èske m ap fè rès la vin yon abominasyon?
Èske mwen va tonbe ba devan yon bout bwa!”
20 L ap manje sou sann yo.
Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote.
Li p ap kapab delivre nanm li menm.
Ni li pa mande:
“Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”
21 “Sonje bagay sa yo, O Jacob e Israël,
paske ou se sèvitè Mwen, O Israël.
Mwen p ap janm bliye ou.
22 Mwen te efase transgresyon ou yo
tankou yon nwaj byen pwès,
ak peche ou yo tankou yon nwaj.
Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”
23 Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa!
Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo!
Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo,
O forè ak tout pyebwa ki ladann yo;
paske SENYÈ a te rachte Jacob,
e an Israël,
Li va devwale glwa Li.
24 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a
e sila ki te fè ou soti nan vant lan:
“Mwen, SENYÈ a, se Kreyatè a tout bagay,
Mwen te lonje ouvri syèl yo pou kont Mwen,
e Mwen te lonje ouvri latè, Mwen sèl Mwen;
25 ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo;
ki te devwale divinò yo tankou moun fou,
ki te fè mesye saj yo rale fè bak,
pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;
26 ki te konfime pawòl a sèvitè Li a
e te acheve bi a mesaje Li yo.
Se Mwen menm ki di de Jérusalem:
Li va gen moun ladann!’ Epi a vil a Juda yo:
‘Yo va bati.’
Konsa, Mwen va fè leve mazi li yo ankò.
27 Se Mwen menm ki pale a fon lanmè a: ‘Vin sèch,’
e Mwen va fè rivyè ou yo vin sèk.
28 Se Mwen menm ki di de Cyrus:
‘Li se bèje Mwen, epi li va acheve tout volonte mwen.’
Li va deklare a Jérusalem: ‘Li va bati,’
e de tanp lan: ‘Fondasyon ou yo va poze.’”
45:1 Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen:
2 “Mwen va ale devan ou
pou fè move kote yo vin swa.
Mwen va kraze pòt an bwonz yo
e fin koupe nèt ba an fè li yo.
3 Mwen va bay ou trezò lannwit yo
ak richès k ap kache kote sekrè yo,
pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a,
Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.
4 Pou koz sèvitè Mwen an, Jacob ak Israël,
sila ke M te chwazi a,
Mwen te, anplis, rele ou pa non ou.
Mwen te bay ou yon tit k ap respekte,
malgre ou pa t rekonèt Mwen.
5 Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt.
Apa de Mwen menm, pa gen Bondye.
Mwen va fòtifye ou,
malgre ou pa t rekonèt Mwen;
6 ke lèzòm ka konnen depi solèy leve
jiskaske solèy kouche,
ke nanpwen lòt sof ke Mwen menm.
Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt;
7 Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a,
ki fè bonè e ki kreye malè.
Mwen se SENYÈ a,
ki fè tout sila yo.
8 Degoute depi anwo, O syèl yo,
e kite nwaj yo vide fè ladwati desann.
Kite latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi,
pou fè ladwati vòltije monte avè l.
Mwen, SENYÈ a te kreye l.
9 Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a—
yon veso fèt ak tè pami veso latè yo!
Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’
Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?
10 Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’
Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”
11 Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël
ak Kreyatè li a:
“Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo
e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!
12 Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li.
Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M
e mete tout lame selès pa yo an lòd.
13 Mwen te fè leve nan li ladwati
e Mwen va fè wout li yo swa.
Li va bati vil Mwen,
e va kite egzile Mwen yo vin libere,
pa pou pèyman oswa rekonpans,”
pale SENYÈ dèzame yo.
14 Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo
ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo,
mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou.
Yo va pou ou.
Yo va mache dèyè w.
Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou;
yo va fè siplikasyon a ou menm.
‘Anverite Bondye pami nou; e pa gen lòt.
Nanpwen lòt Bondye’”
15 Anverite, Ou se yon Dye ki kache tèt Li,
O Bondye Israël la, Sovè a!
16 Yo va desi, imilye menm, yo tout.
Sa yo ki fabrike zidòl yo va sòti ansanm ak gwo wont.
17 Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan.
Ou p ap vin wont, ni imilye jiska letènite.
18 Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a,
Dye a ki te fòme tè a e ki te fè l la;
Ki te etabli li, e Li pa t kreye li vid,
men te fòme l pou moun ka viv ladann di:
“Mwen se SENYÈ a.
Nanpwen lòt.
19 Mwen pa t pale an sekrè, nan yon peyi fènwa.
Mwen pa t di a desandan Jacob yo,
‘Chache M anven.’
Mwen, SENYÈ a, pale ladwati.
Mwen deklare sa ki dwat.”
20 “Rasanble nou e vini.
Rapwoche nou ansanm, nou menm,
refijye a nasyon yo.
Lòt yo pa gen konesans;
sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou,
e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.
21 Deklare e prezante ka nou an.
Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm.
Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo,
ki te deklare sa depi lontan?
Èske se pa Mwen, SENYÈ a?
Epi nanpwen lòt Dye sof ke Mwen,
yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen.
22 “Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo;
paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.
23 Mwen te sèmante pa Mwen menm,
pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati
e li p ap vire fè bak;
ke a Mwen menm, tout jenou va koube
e tout lang va sèmante fidelite.
24 Yo va di de Mwen:
‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’”
Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te
fè laraj kont Li va vin wont nèt.
25 Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin jistifye
e va rejwi!