Yo anonse Kris ap vini

Yon pwofesi sou Kris k ap vini ak sou retablisman Jwif yo.

710 rive 699 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ésaïe 42–43

1 “Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an;

sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a.

Mwen te mete Lespri M sou Li.

Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.

2 Li p ap kriye menm,

ni leve vwa l,

ni fè vwa l tande nan lari.

3 Yon wozo ki brize, Li p ap kase,

e yon fisèl bouji ki brile fèb,

Li p ap etenn.

Ak fidelite, Li va mennen lajistis

e fè l vin parèt.

4 Li p ap dekouraje oswa vin kraze

jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè,

epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”

5 Konsa pale Bondye SENYÈ a

ki te kreye syèl yo e ki tann yo,

ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann,

ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li,

e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,

6 Mwen menm se SENYÈ a.

Mwen te rele Ou nan ladwati.

Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men.

Mwen va pran swen Ou.

Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la,

kon yon limyè pou nasyon yo,

7 pou ouvri zye avèg yo,

pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a,

e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an.

8 “Mwen se SENYÈ a.

Sa se non Mwen.

Mwen p ap bay glwa Mwen a yon lòt,

ni lwanj Mwen a imaj taye.

9 Gade byen, ansyen bagay yo te fin akonpli;

koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo.

Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”

10 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè!

Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann,

nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.

11 Kite dezè a ak vil li yo leve vwa yo;

anplasman kote Kédar rete a.

Kite sila ki rete nan Sela a chante anlè;

kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.

12 Kite yo bay glwa a SENYÈ a

e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.

13 SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye,

li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè.

Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè.

Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.

14 Mwen te rete an silans depi lontan sa.

Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen.

Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen.

Mwen va rale gwo souf e respire fò.

15 Mwen va ravaje tout mòn yo ak kolin yo,

e zèb ak raje yo va vin fennen nèt.

Mwen va fè rivyè yo il, e seche letan.

16 Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen,

nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo.

Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo

e move kote yo va vin plat.

Se bagay sa yo Mwen va fè

e Mwen p ap kite yo pa fèt.

17 “Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo

e ki di a imaj fonn yo:

‘Se nou menm ki dye pa nou’,

va voye tounen pa dèyè e va vin wont nèt.

18 “Tande, nou menm ki soud!

Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè.

19 Se kilès ki avèg sof ke sèvitè Mwen an,

oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a?

Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M,

oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a?

20 Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo;

zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.

21 SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li;

pou fè lalwa a gran e plen respè.

22 Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje.

Yo tout kole nan kav yo oswa

kache nan prizon yo.

Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo;

yon piyaj san okenn moun ki pou di:

“Restore yo!”

23 Se kilès pami nou k ap prete zòrèy a sa a?

Kilès k ap okipe sa e kòmanse koute depi koulye a?

24 Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye

e Israël a piyajè yo?

Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a?

Paske yo te refize mache nan chemen Li yo;

ni yo pa t swiv lalwa Li.

25 Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li

ak fòs kouraj batay la.

Sa te fè l pran flanm toupatou,

men li pa t rekonèt sa a.

Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.”

43:1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,

e Sila ki te fòme ou a, O Israël:

“Pa pè, paske Mwen te rachte ou.

Mwen te rele ou pa non ou.

Se pa M ou ye!

2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

Mwen va la avèk ou;

epi nan rivyè yo,

yo p ap debòde sou ou.

Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

ni flanm nan p ap brile ou.

3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

Mwen te bay Égypte kon ranson ou

Cush ak Saba nan plas ou.

4 Akoz ou presye nan zye M,

akoz ou gen gran valè

e Mwen renmen ou,

Mwen va bay lòt moun nan plas ou

e lòt pèp an echanj pou lavi ou.

5 Pa pè, paske Mwen avèk ou;

Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès

e ranmase ou nan lwès.

6 Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’

Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’

Mennen fis Mwen yo soti lwen

e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—

7 tout moun ki rele pa non Mwen

e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen,

ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”

8 Mennen fè parèt pèp ki avèg la, malgre yo gen zye

e soud la, malgre yo gen zòrèy.

9 Kite tout nasyon yo reyini ansanm

e tout pèp yo rasanble.

Kilès pami yo ki kapab deklare sa

e pwoklame a nou menm bagay a tan ansyen yo?

Kite yo prezante temwen pa yo pou yo ka jistifye,

oswa kite yo tande e di: “Sa se vrè”.

10 “Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a,

“Ak sèvitè ke M te chwazi;

pou nou ka konnen, kwè nan Mwen

e konprann ke Mwen se Li menm nan.

Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme

e apre Mwen, p ap gen menm.

11 Mwen menm, Mwen se SENYÈ a e nanpwen sovè

apa de Mwen menm.

12 Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame

e pat genyen dye etranje pami nou.

Konsa, nou se temwen M”,

deklare SENYÈ a:

“Epi Mwen se Bondye.

13 Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm

e pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M;

Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”

14 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo. 15 Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, Kreyatè Israël la, Wa nou an.”

16 Konsa pale SENYÈ a, ki fè yon wout sou lanmè a,

e yon chemen nan dlo pwisan yo,

17 Ki mennen fè parèt cha avèk cheval la,

lame ak mesye pwisan an,

(Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò;

yo te etenn tankou yon fisèl bouji):

18 Pa kite ansyen bagay yo antre nan tèt nou,

ni reflechi sou bagay ki fin pase.

19 Gade byen, Mwen va fè yon bagay tounèf;

koulye a, li va pete vin parèt.

Èske nou p ap rekonèt li?

Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè,

ak rivyè yo nan dezè a.

20 Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm,

chen mawon nan chan yo ak otrich yo,

akoz Mwen te bay dlo nan savann nan

e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.

21 Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen.

22 Men ou pa t rele Mwen, O Jacob;

men ou tevin fatige ak Mwen, O Israël.

23 Ou pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo,

ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo,

ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo.

Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo,

ni fè ou fatige ak lansan.

24 Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan,

ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo.

Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo.

Ou te fatige M ak inikite ou yo.

25 Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo,

pou koz Mwen;

e Mwen p ap sonje peche ou yo.

26 Mete M nan memwa ou.

Annou diskite ka nou ansanm.

Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.

27 Premye zansèt ou yo te peche,

e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen.

28 Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp;

Mwen va fè Jacob yon malediksyon,

e Israël kon yon repwòch.