Yo pwomèt pèp Bondye a konsolasyon

Yon pwomès konsolasyon pou pèp Bondye a. Yo anonse retablisman final Jwif yo.

710 rive 699 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ésaïe 40–41

1 “Konsole, O konsole pèp Mwen an,”

pale Bondye ou an.

2 “Pale ak dousè ak Jérusalem.

Rele a li menm, ke konfli li fini an,

ke inikite li retire a,

ke li te resevwa nan men SENYÈ a

doub pou tout peche li yo.”

3 Yon vwa k ap rele fò,

“Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a!

Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.

4 Kite tout vale yo vin leve wo,

e tout mòn ak kolin yo vin ba.

Kite move tèren an vin pla,

e tèren difisil yo vin yon vale ki swa.

5 Glwa a SENYÈ a va vin parèt,

e tout chè va wè sa ansanm;

paske bouch a SENYÈ a fin pale.”

6 Yon vwa pale: “Rele fò.”

Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?”

“Tout chè se zèb,

e tout bèlte li se tankou flè nan chan.

7 Zèb la fennen,

flè a pèdi koulè l,

depi souf SENYÈ a soufle sou li.

Anverite, pèp la se zèb.

8 Zèb la fennen,

flè a pèdi koulè l,

men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”

9 Mete ou menm sou yon mòn ki wo,

O Sion, ki pote bòn nouvèl.

Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa,

O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la!

Leve wo! Pa pè anyen!

Di a vil Juda yo: Men Bondye nou an!

10 Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini ak pwisans.

Se bra L k ap kòmande pou Li.

Gade byen salè Li avè L,

e rekonpans li devan L.

11 Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li.

Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo,

e pote yo sou lestonmak Li.

Ak dousè, Li va mennen manma a

ak ti mouton piti yo.

12 Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L?

Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;

ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi,

ki te peze mòn yo nan gwo balans,

e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?

13 Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,

oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?

14 Ak kilès Li te konsilte,

e se kilès ki te bay Li bon konprann?

Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la,

ki te enstwi Li nan konesans,

e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?

15 Gade byen, nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit;

yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la.

Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.

16 Menm Liban pa kont pou brile, ni bèt li yo

pa kont pou fè ofrann brile.

17 Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L,

Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.

18  A kilès, alò, nou ta konpare Bondye?

Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?

19 Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l,

ak òfèv ki kouvri l ak lò

e fè chenn li an ajan,

20 Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a,

pran yon pyebwa ki pa konn pouri;

li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare

yon zidòl ki p ap deplase.

21  Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande?

Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman?

Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?

22 Se Li menm ki chita anwo wonn tè a

ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan;

ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido

e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.

23 Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen,

ki fè jij latè yo vin san sans.

24 Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen,

apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a,

Li sèlman soufle sou yo,

e yo fennen poutanpèt la pote yo ale tankou pay.

25 “Alò, ak kilès ou va konpare Mwen,

pou M ta kapab vin egal avè l?”

pale Sila Ki Sen an.

26 Leve zye nou anlè,

e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo;

Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo.

Li rele yo tout pa non yo.

Akoz grandè a pwisans Li

ak fòs pouvwa Li,

nanpwen youn nan yo ki manke.

27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:

“Chemen Mwen an kache de SENYÈ a

e jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?

28 Èske nou pa konnen?

Èske nou pa tande?

Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

Kreyatè a dènye pwent latè a,

pa konn fatige, ni bouke.

Konprann pa Li depase tout bon konprann.

29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

yo va monte anwo ak zèl kon èg.

Yo va kouri, e yo p ap bouke;

yo va mache, e yo p ap fatige.

41:1 “Peyi kot lanmè yo, koute Mwen an silans

e kite pèp yo renouvle fòs yo.

Kite yo vin parèt pa devan,

konsa, kite yo pale.

Annou reyini ansanm pou fè jijman.

2 Kilès ki te fè leve youn k ap soti nan lès?

Kilès ki te rele li vin kanpe a pye nan ladwati a?

Li livre nasyon yo devan li e Li fè wa yo soumèt;

li fè yo tankou pousyè ak nepe li,

tankou pay k ap chase pa van devan banza li.

3 Li kouri dèyè yo, e Li pase san danje,

menm nan yon chemen kote li pa t konn pase ak pye li.

4 Se kilès ki te fè sa a e ki te acheve li;

ki te rele fè parèt tout jenerasyon yo soti nan kòmansman?

Mwen, SENYÈ a, se premye a ak dènye a. Mwen se Li.”

5 Peyi kot yo te wè e yo gen lakrent;

dènye pwent latè yo tranble.

Yo rapwoche; yo rive.

6 Chak moun ap ede vwazen li.

Yo di a frè yo: “Pran kouraj!”

7 Konsa, bòs atizan an ankouraje bòs fonn metal la.

Sila ki fè metal vin poli ak mato a

ankouraje sila k ap bat fè a.

Li di a sila k ap soude a: “Li bon”.

Li kloure li ak klou pou l rete nan plas li.

8 Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an,

Jacob ke M te chwazi a,

desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;

9 ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo,

e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou:

‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou

e Mwen pa t rejte ou.’

10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

Mwen va fòtifye ou.

Anverite Mwen va bay ou sekou.

Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

men dwat Mwen.

11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo

va vin wont e dezonore.

Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi

se pa anyen e yo va peri.

12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,

men ou p ap jwenn yo.

Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi

se pa anyen e yo p ap egziste ankò.

13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

ki soutni men dwat Ou,

ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.

14 “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la,

nou menm mesye Israël yo.

Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a.

“Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.

15 Gade byen, Mwen te fè ou vin yon zouti tounèf,

byen file tou de bò, pou kraze vannen rekòlt la.

Ou va vannen mòn yo, kraze yo fen,

e fè kolin yo vin tankou pay.

16 Ou va vannen yo;

van an va pote yo ale e tanpèt va gaye yo.

Men ou va rejwi nan SENYÈ a;

ou va fè lwanj Sila Ki Sen an Israël la.

17 Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen;

lang yo sèch ak swaf la.

Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo.

Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.

18 Mwen va ouvri rivyè yo sou wotè ki vid yo

ak sous nan mitan vale yo.

Mwen va fè dezè a vin yon letan dlo,

e tè sèch la yon fontèn dlo.

19 Mwen va plase pye sèd nan dezè a,

pye akasya, ak pye jasmen ak pye doliv.

Mwen va mete pye pichpen nan dezè a ansanm ak pye bwadòm;

20 pou yo ka wè, vin rekonèt,

reflechi e ranmase bon konprann ansanm,

ke men SENYÈ a te fè sa,

ke Sila Ki Sen an Israël te kreye li a.

21 “Prezante ka nou yo”, pale SENYÈ a.

“Pote gwo diskou nou yo”, pale Wa a Jacob la.

22 Mennen fè yo vin parèt

e deklare a nou menm sa ki va rive!

Epi pou evenman lontan yo, deklare kisa

yo te ye, pou nou ka konsidere yo,

e konnen kijan y ap sòti.

Oswa, anonse a nou menm sa k ap vini an.

23 Deklare bagay ki va vin rive apre yo,

pou nou ka konnen ke se dye nou ye.

Anverite, fè byen, oswa fè mal, pou nou ka

gade toupatou ansanm ak kè twouble.

24 Gade byen, nou pou ryen e zèv nou yo pa pou anyen.

Sila ki pito nou an se yon abominnasyon.

25 Mwen te fè leve yon moun soti nan nò e li vin parèt;

depi nan solèy leve a, li va rele non Mwen;

li va vini sou chèf yo, kon sou mòtye,

tankou bòs kanari mache sou ajil.

26 Se kilès ki te deklare sa depi nan kòmansman an,

pou nou ta ka konnen?

Oswa depi tan ansyen yo, pou nou ta kapab di: “Li se vrè”?

San dout, pa t gen moun ki te deklare sa;

san dout, pa t gen moun ki te pwoklame sa;

san dout, pa t gen moun ki te tande pawòl sila yo.

27 Mwen se premye pou di a Sion:

‘Men vwala, men yo la;’

epi a Jérusalem: ‘Mwen va voye yon mesaje bòn nouvèl’.

28 Men lè M gade, nanpwen pèsòn e pa gen konseye pami yo,

ki, si M te mande, ta kapab bay yon repons.

29 Gade byen, yo tout fo. Zèv yo san valè.

Imaj fonn yo se van ak konfizyon.