Yo detwi lame Sanchérib la
710 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
8 Alò, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna; paske li te tande ke li te fin kite Lakis. 9 Lè l te tande sa pa Tirhaka, wa Ethiopie a, vwala, li vin parèt pou goumen kont ou, li te ankò voye mesaje yo kote Ézéchias e te di: 10 “Konsa ou va pale a Ézéchias, wa Juda a, ‘Pa kite Bondye ou a nan Sila ou mete konfyans ou an twonpe ou e di: “Jérusalem p ap antre nan men a wa Assyrie a.” 11 Gade byen, ou konn tande sa ke wa Assyrie a te fè a tout peyi yo, destriksyon konplèt. Èske se konsa ke ou va delivre a? 12 Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, Charan, Retseph, avèk fis a Éden ki te Telassar yo? 13 Kibò wa Hamath la ye, wa Arpad la, wa gran vil Sepharvaïm nan, Henna, avèk Ivva?’”
14 Alò, Ézéchias te pran lèt la soti nan men a mesaje yo e li te li li. Li te monte lakay SENYÈ a, e li te louvri li devan SENYÈ a. 15 Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a. 16 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an. 17 Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo, 18 epi yo te jete dye pa yo nan dife, paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo. 19 Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”
Yon Sòm Asaph
1 Anverite, Bondye bon a Israël,
a sila avèk kè ki san tach yo!
2 Men pou mwen, pye m te prèt pou glise tonbe,
Pa m yo te prèt pou chape.
3 Paske mwen te gen anvi awogan yo,
lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.
4 Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
5 Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,
ni yo pa toumante tankou limanite.
6 Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl kolye.
Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.
7 Zye yo anfle nan mitan grès yo.
Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.
8 Yo giyonnen moun.
Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.
Yo pale konsi se anwo sa soti.
9 Nan bouch yo rive nan syèl la,
pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.
10 Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,
e yo kontinye bwè gran sous yo nèt.
11 Yo di: “Kòman Bondye konnen?
Eske gen konesans kote Pi Wo a?”
12 Gade byen, sila yo se mechan yo ye.
Konsi, toujou alèz, yo te agrandi richès yo.
13 Anverite, se an ven mwen te kenbe kè m san tach,
ak lave men m nan inosans.
14 Paske mwen te twouble tout lajounen
e te resevwa chatiman chak maten.
15 Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,”
gade byen, mwen ta trayi jenerasyon pitit Ou yo.
16 Lè m te reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.
17 Men jis lè m te antre nan sanktyè Bondye a,
mwen te vin konprann jan yo ta fini.
18 Anverite, Ou te mete yo kote ki glise anpil.
Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.
19 Men kijan yo va detwi nan yon enstan!
Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
20 Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ,
lè Ou leve, Ou va meprize pwòp fòm yo.
Ou va rayi rèv de lespri yo.
21 Lè kè m te vin anmè,
e kè m te pike anndan m,
22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.
Mwen te tankou yon bèt devan Ou.
23 Sepandan, mwen avè W tout tan.
Ou te kenbe men dwat mwen.
24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,
e apre, resevwa mwen nan laglwa.
25 Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?
Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va peri.
Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.
28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.
Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen,
Pou m kab pale tout zèv Ou yo.
20 Epi Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te priye a Mwen pou Sanchérib, wa Assyrie a, Mwen te tande.”
21 Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an:
“Li te meprize ou e moke ou,
Fi vyèj a Sion an.
Li te souke tèt li dèyè do ou,
Fi a Jérusalem nan!
22 Se kilès ou te repwoche e blasfeme a?
Epi kont kilès ou te leve vwa ou a,
avèk ògèy, ou te leve zye ou?
Kont Sila ki Sen a Israël la?
23 Pa mesaje ou yo, ou te repwoche SENYÈ a.
Ou te di: “Avèk anpil cha mwen yo,
mwen te rive sou wotè a mòn yo.
Jis rive nan kote pi izole nan Liban an,
mwen va koupe gwo bwa sèd li yo,
avèk bwa pichpen pi chwazi li yo.
Epi mwen va antre jis nan lojman pi izole yo,
nan pi gran rakbwa ki te genyen yo.
24 Mwen te fouye pwi yo e te bwè dlo etranje li yo,
Epi avèk pla pye mwen, mwen te seche
tout rivyè Égypte yo.”
25 Èske ou pa t tande?
Depi lontan Mwen te fè l;
Depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye l.
Koulye a, Mwen gen tan fè l vin rive,
ke ou ta fè vil fòtifye yo vin pil ranblè.
26 Pou sa, abitan pa yo te manke fòs.
Yo te deranje e te vin wont nèt.
Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt,
tankou zèb sou twati kay ki vin brile avan li kab grandi.
27 Men M konnen chita ou, sòti avèk antre pa ou,
ak laraj ke ou konn fè kont Mwen.
28 Epi akoz laraj ou kont Mwen,
akoz awogans ou vin monte nan zòrèy Mwen,
pou sa, mwen va mete zen Mwen nan nen ou,
ak brid Mwen, pou antre nan lèv ou,
epi Mwen va vire ou fè ou fè bak
pa menm chemen ke ou te antre a.”
29 “Epi sa va sign lan pou ou: Ou va manje nan lane sila a sa ki grandi pou kont li, nan dezyèm ane a, sa ki sòti menm jan an konsa e nan twazyèm ane a, ou va simen, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi pa yo. 30 Retay ki chape lakay Juda a va ankò pran rasin k ap pouse pa anba pou bay fwi pa anlè. 31 Paske depi Jérusalem, va vin sòti yon retay e sòti nan Mòn Sion, sila ki chape yo. Zèl SENYÈ a va acheve sa.”
32 “Pou sa, pale SENYÈ a selon wa Assyrie a: ‘Li p ap rive nan vil sila a, ni tire yon flèch la. Li p ap rive devan li avèk yon boukliye, ni monte yon ran syèj kont li. 33 Pa menm chemen ke li te antre a, pa li menm, li va retounen e li p ap rive nan vil sila a’, deklare SENYÈ a. 34 ‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’”
35 Epi li te vin rive menm nwit sa a ke zanj SENYÈ a te sòti e te frape san-katre-ven-senk-mil moun nan kan Asiryen yo. Lè moun yo te leve granmmaten, men vwala, yo tout te mouri.
Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi”
Yon Sòm Asaph, yon Chanson
1 Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye,
Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre.
Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo.
2 “Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente,
Mwen va jije avèk jistis.
3 Latè avèk tout sa ki ladann souke.
Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.” Tan
4 Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!”
A mechan an: “Pa leve kòn nan.
5 Pa leve kòn ou anwo.
Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”
6 Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès,
ni bò kote dezè a,
kab gen fòs pou leve moun anwo;
7 Men Bondye se jij la.
Li fè yon moun desann,
e li leve yon lòt fè l wo.
8 Paske gen yon tas nan men SENYÈ a,
e diven an ap kimen.
Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann.
Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
9 Men pou mwen, mwen va deklare sa, jis pou tout tan.
Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.
10 Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt.
Men kòn a moun ladwati yo va leve wo.
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd
Yon Sòm Asaph, yon Chanson
76:1 Bondye byen rekonèt nan Juda.
Non Li gran an Israël.
2 Tabènak Li a nan Salem.
Abitasyon Li an osi nan Sion.
3 La, Li te kase flèch dife yo,
boukliye ak nepe ak zam lagè yo.
4 Ou manyifik, pi majeste pase mòn
ak bèt lachas yo.
5 Sila ak gran kouraj yo te piyaje,
yo te fonse tonbe nan dòmi mò a.
Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.
6 Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob,
ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.
7 Ou menm, Ou merite lakrent.
Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?
8 Ou te fè jijman tande soti nan syèl la.
Latè te krent, e te kanpe rete an plas
9 lè Bondye te leve nan jijman an,
pou sove tout enb sou latè yo. Tan
10 Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa.
Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.
11 Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo.
Kite tout sila ki antoure Li yo
mennen don a Sila ki merite lakrent lan.
12 Li va koupe retire nanm a prens yo.
Wa latè yo gen lakrent Li.
36 Pou sa, Sanchérib, wa Assyrie a, te sòti e te retounen lakay li pou te rete Ninive. 37 Konsa, li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc la, dye pa li a, ke Adrammélec avèk Scharetser te touye li avèk nepe, epi yo te chape nan peyi Ararat. Epi Ésar-Haddon, fis li a, te devni wa nan plas li.