Dezyèm envazyon Sanchérib la an detay

710 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Wa Yo 18:17–19:7

17 Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal soutèren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la. 18 Lè yo te rele wa a, Élikiam, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la ak Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te parèt kote yo. 19 Epi Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias: ‘Konsa pale gran wa a, wa Assyrie a: “Ki kalite konfyans sa ke ou genyen an? 20 Ou di nou (malgre se pawòl vid yo ye): ‘Mwen gen konsèy avèk pwisans pou fè lagè.’ Alò, sou kilès ou depann, pou ou vin fè rebèl kont mwen an? 21 Alò, veye byen, ou depann de baton a wozo kraze sa a, sou Égypte menm. Sou sila si yon nonm apiye, l ap fonse antre nan men l e pèse l nèt. Se konsa, Farawon va ye pou tout sila ki depann de li yo. 22 Men si ou di mwen: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, se pa li menm pou sila Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?’ 23 Pou sa, vini, fè yon antant avèk mèt mwen, wa a Assyrie a, e mwen va ba ou de mil cheval, si ou kab menm mete moun sou do yo. 24 Kijan ou kab reziste a menm youn nan pi piti a sèvitè mèt mwen yo e depann de Égypte pou cha ak chevalye? 25 Èske se san soutyen SENYÈ a ke m vin monte kont plas sa a pou detwi li? SENYÈ a te di m ‘Monte kont plas sa a pou detwi l.’”’”

26 Alò Éliakim, fis a Hilkija a, avèk Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Pale koulye a a sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale avèk nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou mi yo.”

27 Men Rabschaké te di yo: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt pa w la pou pale pawòl sila yo, pa pou mesye ki chita sou mi yo, ki va manje pwòp watè pa yo e bwè dlo pipi pa yo ansanm avè w?”

28 Epi Rabschaké te kanpe, li te kriye avèk yon vwa fò an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl gran wa a, wa Assyrie a! 29 Konsa pale wa a! ‘Pa kite Ézéchias twonpe nou, paske li p ap kab delivre nou pou sòti nan men m. 30 Ni pa kite Ézéchias mennen nou pou mete konfyans nan SENYÈ a, pou l di: “SENYÈ a va anverite delivre nou, e vil sa a p ap livre nan men a gran wa a Assyrie a.” 31 Pa koute Ézéchias.’ Paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè nou avèk mwen e sòti vin kote mwen. Manje nou chak nan pwòp chan rezen pa nou, nou chak pye fig mi etranje pa nou e nou chak nan pwòp dlo sitèn pa nou, 32 jiskaske mwen rive pou pran nou ale nan yon lòt peyi, yon peyi ak sereyal avèk diven nèf, yon peyi avèk bwa doliv ak siwo myèl, pou nou kapab viv e pa mouri.’ Men pa koute Ézéchias lè li mal dirije nou pou di: ‘SENYÈ a va delivre nou.’ 33 Èske okenn nan dye a peyi sila yo te delivre peyi pa yo a devan men wa a Assyrie a? 34  Kote dye a Hamath yo oswa Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo, oswa Héna avèk Ivva yo? Èske yo te delivre Samarie pou l sòti nan men m? 35 Kilès pami tout dye a peyi yo ki te delivre peyi pa yo devan men m, pou SENYÈ a ta dwe delivre Jérusalem soti nan men m?”

36 Men pèp la te rete an silans e pa t reponn menm yon mo; paske lòd a wa a se te “Pa reponn li”. 37 Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te vin kote Ézéchias avèk rad yo tou chire pou te pale li pawòl a Rabschaké yo.

19:1 Lè Ézéchias te tande sa, li te chire rad li. Li te kouvri kò li avèk twal sak e li te antre lakay SENYÈ a. 2 Epi li te voye Éliakim ki te sou tout kay avèk Schebna, grefye a ak ansyen pami prèt yo, kouvri avèk twal sak kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la. 3 Yo te di li: “Konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo twoub, chatiman, ak abandon; pwiske pitit yo vin parèt pou akouche, men pa gen fòs pou fè l. 4 Petèt SENYÈ a, Bondye ou a, va tande tout pawòl a Rabschaké yo ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye Vivan an e va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande a. Pou sa, ofri lapriyè pou retay ki toujou rete a.’”

5 Pou sa, sèvitè a wa Ézéchias yo te vin kote Ésaïe. 6 Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale a mèt nou an: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Pa krent akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme Mwen yo. 7 Veye byen, mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon fo nouvèl pou retounen nan pwòp peyi pa li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’”

Sòm Yo 44

Pou direktè koral la; Yon Sòm refleksyon pa fis a Koré yo

1 O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou.

Zansèt nou yo te pale nou

travay ke Ou te fè nan jou pa yo,

nan jou ansyen yo.

2 Ou menm, avèk pwòp men Ou,

Ou te chase mete nasyon yo deyò,

men Ou te plante yo.

Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo,

Ou te gaye yo toupatou.

3 Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a,

ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo,

men se men dwat Ou avèk bra Ou,

ak limyè prezans Ou an,

akoz Ou te bay yo favè.

4 Se Ou menm ki Wa m, O Bondye.

Òdone viktwa pou Jacob.

5 Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak;

Nan non Ou, nou va pile fè desann

sila ki leve kont nou yo.

6 Paske mwen p ap mete konfyans nan banza mwen,

ni se pa nepe m k ap sove mwen.

7 Men Ou te sove nou kont advèsè nou yo,

Epi Ou te fè tout sila ki rayi nou yo wont.

8 Nan Bondye, nou te louwe tout lajounen.

Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.

9 Alò, koulye a, Ou rejte nou,

e mennen nou nan gwo wont.

Ou pa sòti ankò avèk lame nou yo.

10 Ou fè nou vire fè bak devan advèsè a,

epi sila ki rayi nou yo fè piyaj pou kont yo.

11 Ou te fè nou kon mouton,

tankou mouton ki te livre pou manje,

epi te gaye nou pami nasyon yo.

12 Ou vann pèp Ou bon mache e Ou pa fè pwofi nan vant lan.

13 Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo,

yon objè ki moke e giyonnen pa sila ki antoure nou yo.

14 Ou fè nou tounen yon vye mò pami nasyon yo,

Yon rizib ki fè moun ri pami pèp yo.

15 Tout lajounen dezonè sa a rete la devan m,

epi imilyasyon mwen kraze m nèt.

16 Akoz vwa a sila ki fè m repwòch e ki meprize mwen,

akoz prezans lènmi an avèk vanjè a.

17 Tout sa gen tan rive sou nou,

men nou pa te bliye Ou,

ni nou pa t aji nan manti selon akò Ou a.

18 Kè nou pa t vire fè bak, ni pa nou yo

pa t varye soti nan chemen Ou.

19 Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo,

e te kouvri nou avèk lonbraj lanmò a.

20 Si nou te bliye non a Bondye nou an,

oswa lonje men nou vè yon lòt dye etranje,

21 èske Bondye pa ta dekouvri sa a?

Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.

22 Men pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen.

Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.

23 Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ?

Leve nan dòmi! Pa rejte nou nèt.

24 Poukisa Ou kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?

25 Paske nanm nou te neye jis rive nan pousyè.

Kò nou kole jis rive atè.

26 Leve monte! Bannou sekou!

Rachte nou pou koz

lanmou dous Ou a.