Wa Babylone nan felisite Ézéchias
Wa Babylone nan felisite Ézéchias paske li geri.
713 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
12 Nan tan sa a, Berodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt avèk yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke Ézéchias te konn malad. 13 Ézéchias te koute yo e montre yo tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.
14 Alò, pwofèt la, Ésaïe, te vin kote Ézéchias. Li te mande li: “Kisa mesye sila yo te di e depi kibò yo sòti pou rive kote ou a?”
Epi Ézéchias te di: “Yo sòti nan yon peyi lwen, nan Babylone.”
15 Li te di: “Kisa yo te wè lakay ou a?”
Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke m pa t montre yo.”
16 Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande pawòl SENYÈ a. 17 ‘Veye byen, jou yo ap vini lè tout sa ki lakay ou avèk tout sa ke zansèt ou yo te mete an depo jis rive jou sa a va pote ale Babylone. Anyen p ap rete, pale SENYÈ a. 18 Kèk nan fis ou yo ki va sòti nan ou menm, ke ou va fè, va retire ale; epi yo va devni ofisye nan palè a wa Babylone nan.’”
19 Alò Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ a ke ou te bay la bon.” Paske li te reflechi: “Èske se pa sa, ap gen lapè avèk verite nan jou mwen yo?”
Dezyèm envazyon Sanchérib la an brèf 710 anvan Christ
Yon entwodiksyon sou dezyèm envazyon Sanchérib la, oswa yon rezime sou envazyon sa a.
9 Apre sa Sanchérib, wa Assyrie a, te voye sèvitè li yo Jérusalem pandan li t ap fè syèj Lakis avèk tout lame li a avèk li kont Ézéchias, wa Juda a, e kont tout Juda ki Jérusalem yo. Li te di: 10 Konsa pale Sanchérib, wa Assyrie a: “Sou kilès n ap mete konfyans pou nou ta retire Jérusalem anba syèj? 11 Èske Ézéchias p ap egare nou pou fè nou vin mouri avèk grangou ak swaf, pandan l ap di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, va delivre nou soti nan men a wa Assyrie a?’ 12 Èske menm Ézéchias sa a pa t retire wo plas Li yo avèk lotèl Li yo, e te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan yon sèl lotèl e sou li, nou va brile lansan?’ 13 Èske nou pa konnen sa mwen avèk zansèt mwen yo te fè a tout pèp nan lòt peyi yo? Èske dye nan nasyon yo te gen kapasite menm pou delivre peyi yo anba men mwen? 14 Kilès ki te gen pami tout dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo pa t detwi nèt, ki ta kapab delivre pèp li a sòti nan men m pou Dye pa w la ta kapab delivre ou soti nan men m? 15 Alò, pou sa, pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, ni egare nou konsa. Ni pa kwè li, paske pa t gen dye nan okenn nasyon oswa wayòm ki te konn delivre pèp li nan men m ni soti nan men a zansèt mwen yo. Konbyen an mwens Dye pa nou an va delivre nou soti nan men m?”
16 Sèvitè li yo te pale plis kont SENYÈ a, Bondye a, e kont sèvitè li a, Ézéchias. 17 Anplis, li te ekri lèt yo pou meprize SENYÈ a, Bondye Israël la, e pou pale kont Li, epi li te di: “Jan dye nasyon yo ak peyi yo pa t delivre pèp pa yo soti nan men m, konsa Bondye Ézéchias la p ap delivre pèp Li a soti nan men m.” 18 Yo te kriye sa byen fò ak gwo vwa nan langaj a Juda, vè pèp Jérusalem ki te sou miray la, pou fè yo pè e teworize yo, pou yo ta kab pran vil la. 19 Yo te pale sou Bondye Jérusalem nan kòmsi se youn nan dye a pèp lemond yo, zèv a men de lòm yo.
20 Men Wa Ézéchias avèk pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te fè lapriyè sou sa a, e te kriye fò anvè syèl la.
21 Konsa, SENYÈ a te voye yon zanj ki te detwi tout gwo gèrye, kòmandan ak chèf nan kan wa Assyrie a. Pou sa, li te retounen nan wont li ale nan pwòp peyi li. Epi lè li te antre nan tanp dye pa li a, kèk nan pwòp pitit pa li yo te touye li la avèk nepe. 22 Konsa, SENYÈ a te sove Ézéchias avèk moun Jérusalem yo soti nan men a Sanchérib, wa Assyrie a, soti nan men a tout ènmi li yo, e te gide yo tout kote. 23 Epi anpil moun t ap pote don bay SENYÈ a Jérusalem ak kado byen chwazi a Ézéchias, wa Juda a, jis apre, li te fin egzalte nan men a tout nasyon yo.