Maladi Ézéchias (continued)
Maladi Ézéchias: entwodiksyon an.
713 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Rapwoche, O nasyon yo pou tande!
Koute, o pèp yo!
Kite latè ak tout sa ki ladann tande,
e lemonn ak tout sa ki ladann.
2 Paske gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo
e jijman Li brile kont tout lame yo.
Li te detwi yo nèt.
Li te donnen yo a yon gwo masak.
3 Konsa, mò yo va jete deyò.
Kadav yo va fè movèz odè,
e mòn yo va tranpe ak san yo.
4 Tout lame syèl la va vin efase.
Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv;
e tout lame li yo va vin fennen nèt,
tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an,
oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.
5 Paske nepe Mwen bwè ase nan syèl la.
Gade byen, li va desann pou jije Édom
ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
6 Nepe SENYÈ a plen ak san.
Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton,
ak bouk yo, ak grès a ren belye.
Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan Botsra,
ak yon gwo masak nan peyi Édom.
7 Anplis, bèf mawon va desann ak yo,
ak jenn towo, ak towo pwisan yo.
Konsa, peyi yo va tranpe ak san,
e pousyè yo va vin gra ak grès.
8 Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans,
yon ane vanjans pou koz a Sion an.
9 Sous dlo li yo va devni goudwon
e tè pousyè li kon souf.
Peyi li va tounen goudwon k ap brile.
10 Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit.
Lafimen li va monte jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole.
Okenn moun p ap pase ladann
pou tout tan e pou tout tan.
11 Men grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li
e ibou ak kònèy a va demere ladann.
Li va tann sou li lign latwoublay,
ak fil a plon vid la.
12 Yo va rele prens li yo a wayòm nan,
menp ap gen k ap parèt.
Tout prens li yo p ap anyen.
13 Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo,
chadwon ak gwo raje nan gwo vil ranfòse yo.
L ap devni yon kote frekante pa chen mawon.
Li va fè kay tribinal pou otrich la.
14 Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo;
kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li.
Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la;
l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
15 La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze;
li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li.
Menm bèt malfini yo va rankontre la,
yo chak ak pwòp parèy yo.
16 Chache nan liv SENYÈ a, epi li:
Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la;
okenn p ap manke parèy yo.
Paske bouch Mwen te pase lòd,
e Lespri Li te ranmase yo.
17 Li te tire osò pou yo,
e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a.
Yo va posede kote a jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.
35:1 Savann nan ak dezè a va kontan.
Tè dezole a va rejwi e fleri, tankou yon woz.
2 Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan,
e fè yon kri lajwa.
Glwa Liban an va bay a li menm;
majeste a Carmen ak Saron an.
Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.
3 Ankouraje men ki pèdi fòs,
e ranfòse jenou ki fèb la.
4 Pale a sila ki gen kè twouble yo,
“Pran kouraj!
Pa pè!
Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans.
Rekonpans Li an va rive.
Li va vini, e Li va sove nou.”
5 Konsa, zye avèg yo va louvri,
e zòrèy a soud yo debouche.
6 Moun bwate yo va vòltije tankou sèf,
e lang bèbè a va rele ak gwo jwa.
Paske dlo va pete nan tè sèch yo,
ak vwa dlo yo nan dezè a.
7 Peyi deseche a va vin tounen yon letan,
e tè swaf kòn sous k ap pete dlo.
Nan landwa chen mawon yo,
nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.
8 Yon gran chemen va la, yon gran ri.
Li va rele Chemen Sen an.
Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li,
men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an.
Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
9 Nanpwen lyon k ap la,
ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li.
Yo p ap twouve la.
Men rachte yo va mache la.
10 Rachte a SENYÈ yo va retounen.
Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion;
lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo.
Yo va twouve kè kontan ak lajwa;
tristès ak soupi va sove ale.
9 Men yon chanson ke Ézéchias te ekri apre li te malad e te vin refè a:
10 Mwen te di: “Nan mitan lavi m,
mwen gen pou antre nan pòtay Sejou mò yo.
Mwen gen pou pèdi tout rès ane mwen yo.”
11 Mwen te di: “Mwen p ap wè SENYÈ a;
SENYÈ nan peyi vivan yo.
Mwen p ap wè moun ankò pami sila ki viv nan mond yo.
12 Tankou tant a yon bèje, lakay mwen va rache retire sou mwen.
Tankou yon bòs twal, m ap woule fè monte lavi m.
L ap koupe m fè m sòti nan ankadreman bòs twal la.
Soti lajounen rive nan lannwit,
Ou va fè yon fen ak mwen.
13 Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten.
Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m,
soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen.
14 Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye.
Mwen plenyen kon yon toutrèl.
Zye m gade ak feblès vè wotè yo.
O Senyè, mwen oprime!
Fè m sekou!
15 Kisa mwen kapab di?
Non sèlman Li te pale ak mwen,
Men Li, Li menm, te fè l.
Mwen va mache an règ pandan tout ane m yo
akoz gou anmè kè m fin goute.
16 O Senyè, se pou bagay sa yo ke moun viv,
e nan sa yo, lespri m jwenn lavi.
Ou te fè m twouve lasante e te fè m viv!
17 Alò, mwen te manke gen lapè;
men Ou menm ki te kenbe nanm mwen,
pou l pa antre nan fòs gwo abim nan,
Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.
18 Paske Sejou mò yo p ap ka remèsye Ou.
Lanmò menm p ap ka bay Ou lwanj.
Sila ki desann nan fos yo
p ap ka gen espwa fidelite Ou.
19 Se vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman,
tankou mwen menm, mwen fè jodi a.
Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.
20 Anverite, SENYÈ a va sove mwen.
Konsa, nou va chante chanson mwen yo
sou enstriman kòd yo pou tout lavi nou lakay SENYÈ a.”