Maladi Ézéchias

Maladi Ézéchias: entwodiksyon an.

713 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Kwonik Yo 32:24–26

24 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive pre lanmò. Li te priye a SENYÈ a. SENYÈ a te pale avèk li e te ba li yon sign. 25 Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem. 26 Men Ézéchias te vin desann ògèy kè li a, ni li menm, ni pèp Jérusalem nan, jiskaske kòlè pa t rive sou yo pandan jou a Ézéchias yo.

II Wa Yo 20:1–11

1 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’”

2 Konsa, Ézéchias te vire figi li vè miray la pou te priye a SENYÈ a. Li te di: 3 “Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.

4 Avan Ésaïe te sòti nan mitan vil la, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di: 5 “Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: “Mwen te tande lapriyè pa w la. Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a. 6 Mwen va mete kenzan sou lavi ou e mwen va delivre ou avèk vil sa a soti nan men a wa Assyrie. Mwen va defann vil sa a pou koz pa Mwen ak pou koz David, sèvitè Mwen an.”’”

7 Konsa, Ésaïe te di: “Pran yon gato figye etranje.”

Yo te pran l e te mete li sou apse a, e li te vin refè.

8 Alò, Ézéchias te di a Ésaïe: “Ki sign ki va parèt ke SENYÈ a va geri mwen, e ke mwen va monte lakay SENYÈ a nan twazyèm jou a?”

9 Ésaïe te di: “Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa fè bak dis pa?”

10 Alò, Ézéchias te reponn: “Li tèlman fasil pou lonbraj la avanse dis pa. Men non, kite li fè bak dis pa.”

11 Ésaïe, pwofèt la, te kriye a SENYÈ a, e Li te fè lonbraj la fè bak dis pa sou eskalye a sou sila li te avanse nan eskalye Achaz la.

Ésaïe 32–33

1 Gade byen, yon wa va renye ak ladwati

e prens yo va renye ak jistis.

2 Yon nonm va tankou yon abri kont van

ak yon pwotèj kont tanpèt,

tankou sous dlo nan yon peyi sèch,

tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.

3 Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle;

zòrèy a sila ki tande yo, va koute.

4 Kè a sila ki aji san reflechi a va konprann verite,

e lang lan a sila ki bege a va pale klè.

5 Li p ap rive ankò ke yo rele moun fou, prens;

ni rele vakabon, moun bon kè.

6 Paske moun fou a pale foli,

e kè li apiye vè mechanste:

pou fè sa ki kont Bondye

e pale mal kont SENYÈ a,

pou kenbe moun grangou a san satisfè,

e pou anpeche moun swaf la bwè.

7 Pou vakabon an, zam li se mechanste.

Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang,

malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.

8 Men sila ki prens toujou fòme plan ki bèl;

epi pa bèl plan an, ap kanpe.

9 Leve ou menm, O fanm ki alèz e tande vwa mwen!

Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo.

10 Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble,

O fi ki san pridans yo;

paske, afè fwi diven an va fini,

ni rekòlt la p ap rive.

11 Tranble, fanm alèz yo;

twouble, nou menm ki san pridans!

Retire rad nou, dezabiye nou

e mete twal sak nan senti nou.

12 Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo,

pou chan ki plen ak fwi rezen yo.

13 Anplispou peyi a pèp mwen an,

kote pikan ak raje va pouse monte;

wi pou tout kay plen ak jwa yo

ak gran vil kè kontan yo.

14 Paske palè a vin vid,

e gran vil plen moun yo vin abandone.

Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan,

yon plezi pou bourik mawon,

yon patiraj pou bann mouton yo;

15 jiskaske Lespri a vide sou nou soti anwo,

epi savann nan vin fè yon chan fètil,

e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.

16 Nan lè sa a lajistis va demere nan dezè a

e ladwati nan chan fètil la.

17 Epi zèv ladwati a va lapè,

e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans

k ap dire jis pou tout tan.

18 Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè,

ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.

19 Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e gran vil la va vin devaste nèt.

20 A la beni nou va beni,

nou menm ki simen akote tout dlo yo,

ki lage pye bèf ak bourik la.

33:1 Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi;

epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w.

Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt.

Depi ou fin fè trèt, lòt moun va fè trèt kont ou.

2 O SENYÈ, fè nou gras. Nou t ap tann Ou.

Sèvi kon fòs pa nou chak maten,

delivrans pa nou nan tan gwo twoub.

3 Lè bri zen an vin leve, pèp yo sove ale.

Lè Ou fè leve Ou menm, nasyon yo gaye.

4 Piyaj pa W va ranmase tankou cheni ranmase.

Tankou krikèt volan konn vòltije, se konsa y ap vòltije sou li.

5 SENYÈ a leve wo, paske se anwo ke Li rete.

Li te ranpli Sion ak jistis ak ladwati.

6 Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans.

Lakrent SENYÈ a se trezò ou.

7 Gade byen, mesye pwisan pa yo, kriye nan lari,

anbasadè lapè yo kriye fò.

8 Gran chemen yo rete vid.

Moun ki vwayaje yo sispann.

Li te kraze akò a.

Li te meprize vil yo.

Li pa respekte pèsòn.

9 Peyi a kriye ak doulè, ak kè fennen.

Liban vin wont e tanmen disparèt.

Saron vin tankou yon dezè e Basan ak Carmel pèdi tout feyaj.

10 “Koulye a, Mwen va leve”, SENYÈ a di:

“Koulye a Mwen va egzalte.

Koulye a Mwen va leve wo.

11 Nou te ansent pay, e nou va akouche pay.

Souf Mwen va manje nou tankou dife.

12 Pèp yo va brile kon lacho,

tankou pikan koupe ki fin brile nan dife a.”

13 “Nou menm ki lwen yo, koute sa ke M te fè a;

epi nou menm ki toupre, rekonèt pwisans Mwen.”

14 Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz;

tranbleman fin sezi enkwayan yo.

Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay?

“Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tout tan an?”

15 Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a?

Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la,

e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo;

sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san,

e ki fèmen zye l pou l pa gade mal.

16 Li va demere nan wotè yo;

pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche.

Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.

17 Zye nou va wè Wa a nan tout bèlte Li.

Yo va wè yon peyi ki byen lwen.

18 Kè ou va medite sou gwo laperèz la.

“Kote sila ki te konte a?

Kote sila ki te peze a?

Kote sila ki te konte fò yo?”

19 Ou p ap ankò wè yon pèp fewòs,

yon pèp ak langaj dwòl ke ou pa konprann,

a lang bege ke pèsòn pa konprann.

20 Gade sou Sion, gran vil a gwo fèt dezinye yo.

Zye ou va wè Jérusalem, yon abitasyon san twoub,

yon tant ki p ap bezwen pliye.

Pikèt li p ap janm rache,

ni kòd li yo p ap chire.

21 Men la, SENYÈ va avèk nou nan majeste,

yon kote ak rivyè ak gwo kanal,

sou sila gwo kannòt ak anpil zaviwon p ap janm pase,

ni gwo bato p ap janm pase la.

22 Paske SENYÈ a se jij nou.

Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo.

Se SENYÈ a ki wa nou.

Se Li menm ki va sove nou.

23 Kòd vwal nou yo vin lach.

Yo pa t ka soutni baz ma bato a byen,

ni kenbe vwal la gran ouvri.

Alò, piyaj la a gwo boutin nan te divize.

Sila ki bwate a te pran piyaj la.

24 Pèp peyi a p ap di: “Mwen malad”.

Moun ki rete la yo va padone pou inikite yo.