Yo Fè Pèp la Sonje Alyans Josias la

610 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jérémie 11–12

1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, t ap di: 2 “Koute pawòl akò sila a e pale avèk mesye Juda yo ak sila ki rete Jérusalem yo. 3 Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Modi se nonm ki pa okipe pawòl akò sila a, 4 ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’ 5 pou m ka etabli sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.”’”

Mwen te reponn: “Amen O SENYÈ”. 6 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘Tande pawòl akò sa a pou fè yo. 7 ‘Paske Mwen te avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”. 8 Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen. Men yo te mache chak selon tèt di a kè mechan yo. Akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout pawòl akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’”

9 Konsa, SENYÈ a te di m: “Gen yon konplo vin k ap fèt pami mesye Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo. 10 Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.” 11 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo. 12 Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo. 13 Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl kote nou te plase gwo wont sa yo, menm pou brile lansan bay Baal yo.

14 “Akoz sa, pa priye pou pèp sa a. Ni pa leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo.

15 Ki dwa byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an

konsi li fin fè zak lèd ak anpil gason,

epi chè sen an fin kite ou?

Lè ou te fè mal sa a,

konsa, ou te rejwi.”

16 SENYÈ a te bay ou non:

“Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”.

Ak gwo bri, li te limen dife sou non sa a,

e branch li yo te kase.

17 SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.

18 Anplis, SENYÈ a te fè m konprann, e mwen te konnen li. Konsa, Ou te montre m zak yo. 19 Men mwen te tankou yon jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di,

“Annou detwi bwa a ak fwi li.

Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo,

pou non li pa sonje ankò.”

20 Men O SENYÈ dèzame yo, ki fè jijman ki dwat yo,

ki sonde santiman ak kè yo,

kite mwen wè vanjans Ou sou yo;

paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.

21 Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”— 22 Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou. 23 Menm yon retay p ap rete pou yo. Paske Mwen ap mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo, jis li rive ane règleman pa yo.”

12:1 Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ,

lè m plede ka m avèk Ou.

Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou.

Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa?

Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?

2 Ou te plante yo. Wi, konsa yo fin pran rasin.

Yo grandi. Wi, yo fè fwi.

Ou toupre nan lèv yo, men lespri yo lwen W.

3 Men Ou konnen mwen, O SENYÈ.

Ou wè mwen.

Ou fè egzamen pou wè kè m vè Ou menm.

Rale yo akote, tankou mouton k ap prale labatwa;

mete yo apa pou jou gwo masak la.

4 Depi kilè peyi a va gen dèy konsa,

e vèdi chan an vin sèch konsa?

Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo,

ni bèt ni zwazo detwi nèt;

akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”

5 Si ou te kouri ak moun apye yo,

e yo fè ou bouke,

kijan ou ka fè kous ak cheval?

Malgre, nan yon peyi lapè, ou gen sekirite,

men kijan ou va reyisi nan vye rakbwa Jourdain an?

6 Paske menm frè ou yo ak lakay papa ou a;

menm yo menm, te fè trèt avèk ou!

Menm yo menm, te rele dèyè ou.

Pa kwè yo, malgre bèl pawòl dous.

7 “Mwen te abandone lakay Mwen an,

Mwen te abandone eritaj Mwen an;

Mwen fin bay fi byeneme a nanm Mwen an

pou antre nan men lènmi li yo.

8 Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon

k ap gwonde nan forè a.

Li te gwonde kont Mwen.

Akoz sa, Mwen te vin rayi li.

9 Èske eritaj Mwen an gen tan vin tankou yon zwazo takte nan lachas?

Èske gen zwazo voras kont li tout kote?

Ale, rasanble tout bèt sovaj nan chan yo.

Mennen yo pou yo ka devore!

10 Anpil bèje fin gate chan rezen Mwen yo.

Yo te foule chan Mwen an anba pye;

yo te fè bèl chan Mwen an vin yon savann dezole.

11 Li te vin yon dezè.

Abandonen, li plenyen devan M.

Tout latè vin dezole,

akoz pèsòn pa pran sa an kè.

12 Sou tout do mòn sèch nan dezè yo, destriktè yo vin parèt,

paske yon nepe SENYÈ a ap devore

soti nan yon pwent peyi a jis rive nan lòt la.

Nanpwen lapè pou pèsòn.

13 Se ble yo te simen e yo rekòlte pikan.

Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen.

Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”

14 Konsa pale SENYÈ a de tout vwazen mechan k ap atake eritaj ke Mwen te bay a pèp Mwen an, Israël: “Gade byen, Mwen prèt pou dechouke yo depi nan peyi pa yo. Anplis, Mwen va dechouke lakay Juda soti nan mitan yo. 15 Epi li va vin rive ke apre Mwen dechouke yo, Mwen va ankò gen konpasyon pou yo. Mwen va mennen yo retounen, yo chak a eritaj pa yo, e yo chak nan pwòp peyi pa yo. 16 Epi si, anverite, yo va aprann chemen a pèp Mwen an, pou sèmante pa non Mwen: ‘Kon SENYÈ a viv la’, menm jan ke yo menm te enstwi pèp Mwen an pou sèmante pa Baal yo, yo va vin etabli nan mitan pèp Mwen an. 17 Men si yo pa koute, alò, Mwen va dechouke nasyon sa a, dechouke e detwi li,” deklare SENYÈ a.