Jérémie mande pou pèp la repanti epi li plenn (continued)

Jérémie ankouraje pèp la pou l repanti, epi li plenn sou mizè yo pandan kaptivite a ap pwoche.

612 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jérémie 9–10

1 O ke tèt mwen te dlo,

e ke zye m yo te yon fontèn dlo,

pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit

pou lanmò a fi a pèp mwen an!

2 O ke m ta gen nan dezè a,

yon plas pou moun k ap vwayaje rete,

pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an.

Pou m kite yo nèt!

Paske yo tout se adiltè, yon bann moun trèt.

3 “Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip.

Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a.

Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt,

e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.

4 “Fòk chak byen veye kont vwazen li,

pou l pa mete konfyans nan okenn frè;

akoz tout frè yo aji nan koken,

e tout vwazen yo ap voye kout lang.

5 Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib.

Yo refize pale verite.

Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;

yo vin fatige nèt nan fè inikite.

6 Abitasyon ou se nan mitan desepsyon.

Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.

7 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo:

“Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv;

paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?

8 Lang pa yo se yon flèch mòtèl;

li pale manti.

Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li,

men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.

9 Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a.

“Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?

10 Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri

ak dèy pou patiraj dezè a,

gwo plent, akoz yo vin brile nèt,

jiskaske pèsòn pa pase ladann.

Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò;

ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale;

yo ale nèt.

11 “Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi,

yon kote abandone pou chen mawon.

Mwen va fè vil Juda yo yon kote ki kraze nèt,

san pèsòn pou rete ladann.”

12 Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?

13 SENYÈ a di: “Akoz yo te abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li, 14 men te mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.” 15 Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè. 16 Mwen va gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”

17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:

“Konsidere e rele fanm pou fè dèy, pou yo ka vini.

Voye fanm enstwi sa yo, pou yo ka vini!

18 Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou,

pou zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka

fè dlo kouri desann.

19 Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion:

‘A la detwi nou vin detwi nèt!

Nou te vin mete nan gwo wont,

paske nou te kite peyi la,

akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’”

20 Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O fanm yo.

Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li.

Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy.

Chak moun montre vwazen li yon chan lamante.

21 Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt.

Li te antre nan palè nou yo

pou fèmen timoun yo andedan

ak jenn gason yo nan lari.

22 Pale, “Konsa di SENYÈ a,

“‘Kadav moun yo va tonbe tankou fimye bèt nan chan,

tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la.

Pèsòn p ap ranmase yo.’”

23 Konsa pale SENYÈ a:

“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.

Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,

ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.

24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;

ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,

ke Mwen se SENYÈ a,

ki aji nan lanmou dous, jistis,

ak ladwati sou latè a;

paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.

25 Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo pa sikonsi— 26 Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se ensikonsi nan kè.”

10:1 Tande pawòl la ke SENYÈ a ap pale ak ou, O lakay Israël. 2 Konsa pale SENYÈ a:

“Pa aprann abitid a nasyon yo,

ni pa vin krent sign nan syèl yo,

malgre nasyon yo krent yo anpil.

3 Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun;

konsi se bwa ki koupe nan forè,

zèv men atizan ki koupe ak zouti.

4 Yo dekore l ak ajan ak lò;

yo tache li ak klou ak mato, pou l pa deplase.

5 Yo tankou yon bwa palmis

ki fòme pa men moun,

men yo pa ka pale.

Fòk yo pote yo,

paske yo pa ka mache!

Pa krent yo;

paske yo p ap ka fè okenn mal,

ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”

6 Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ.

Ou gran!

Gran se non Ou an pwisans!

7 Se kilès ki pa ta krent Ou,

O Wa a nasyon yo?

Anverite, se sa Ou merite!

Paske pami tout moun saj nan nasyon yo,

ak nan tout wayòm yo,

nanpwen okenn tankou Ou.

8 Men yo tout ansanm se ensanse e plen ak foli;

enstwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!

9 Ajan byen bat pote soti Tarsis ak lò ki sòti Uphaz,

travay a yon atizan e men a yon òfèv.

Vètman yo an vyolèt e mov;

tout se zèv a ouvriye byen fò.

10 Men SENYÈ a se vrè Bondye a;

Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la.

Devan kòlè Li, tout latè tranble

e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.

11 Konsa ou va di yo: “dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”

12 Bondye te fè tè a pa pouvwa Li.

Li te etabli lemonn ak sajès Li;

ak konprann Li, Li te etann syèl yo.

13 Lè Li fè vwa L sone,

dlo yo mele nan syèl yo.

Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a.

Li fè loray pou lapli,

e Li fè van sòti nan depo Li yo.

14 Tout moun se ensanse, san konesans.

Tout òfèv yo vin wont akoz zidòl li;

paske imaj fonn li se desepsyon.

Nanpwen souf nan yo.

15 Yo san valè, yon zèv k ap twonpe.

Nan lè règleman pa yo, yo va peri.

16 Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa;

paske Kreyatè a tout bagay se Li menm;

e Israël se tribi eritaj Li.

SENYÈ dèzame yo se non Li.

17 Leve pakèt ou atè a, nou menm ki anba syèj!

18 Paske konsa pale SENYÈ a:

“Gade byen, M ap voye pèp peyi sa a deyò nan moman sa a.

Mwen va fè yo pase anpil doulè, jis yo byen santi li.”

19 Malè a mwen, akoz blesi m nan!

Blesi m nan byen grav.

Men mwen te di:

“Anverite, sa se gwo doulè m;

fòk mwen pote l.”

20 Tant mwen an fin detwi.

Tout kòd mwen yo fin chire.

Fis mwen yo te kite mwen.

Yo pa la ankò.

Nanpwen moun ki pou laji tant mwen an ankò,

ni pou monte rido mwen yo.

21 Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse;

yo pa t chache SENYÈ a.

Akoz sa, yo pa reyisi;

tout bann mouton yo fin gaye.

22 Bri rapò a rive!

Gade byen, l ap vini— yon gwo zen k ap sòti nan peyi nò a!

K ap fè vil a Juda yo vin yon dezolasyon,

yon andwa pou chen mawon.

23 Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm,

ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.

24 Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis;

pa nan kòlè Ou,

sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.

25 Vide gwo kòlè Ou a sou nasyon ki pa konnen Ou yo

ak sou fanmi ki pa rekonèt non Ou yo;

paske yo te devore Jacob.

Yo te devore li, manje l nèt e te devaste tout abitasyon li an.