Jérémie mande pou pèp la repanti epi li plenn
Jérémie ankouraje pèp la pou l repanti, epi li plenn sou mizè yo pandan kaptivite a ap pwoche.
612 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 2 “Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”
3 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e Mwen va kite nou rete nan plas sa a. 4 Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’ 5 Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li, 6 si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou, 7 alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan. 8 Gade byen, nou ap mete konfyans nan pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou. 9 Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen, 10 epi konsa,vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo? 11 Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.
12 “Men ale koulye a kote plas Mwen an Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la. 13 Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn. 14 Akoz sa a, Mwen va fè rive nan kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a. 15 Mwen va jete nou deyò pou zye m pa wè nou, tankou Mwen te jete tout frè nou yo deyò, tout desandan Éphraïm yo.
16 “Pou ou menm, pa priye pou pèp sila a. Pa leve yon kri pou yo, ni entèsede avè M, paske Mwen pa tande ou. 17 Èske ou pa wè ki sa y ap fè nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo? 18 Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka vekse M. 19 Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”
20 Pou sa, pale Senyè BONDYE a, “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”
21 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e manje chè. 22 Paske Mwen pa t pale ak papa zansèt nou yo, ni kòmande yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, pou ofrann brile, ni pou sakrifis. 23 Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’ 24 Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo te fè an aryè olye yo fè devan. 25 Depi nan jou ke papa zansèt nou yo te sòti nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sila a, Mwen te voye bannou tout sèvitè Mwen yo ak pwofèt yo. Chak jou Mwen te leve granmmaten pou voye yo. 26 Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di. Yo te fè plis mal pase papa yo.
27 “Ou va pale tout pawòl sa yo avèk yo, men yo p ap koute ou. Ou va rele kote yo, men yo p ap reponn ou. 28 Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo. 29 Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’
30 “Paske fis a Juda yo te fè mal nan zye M,” deklare SENYÈ a. “Yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li. 31 Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen. 32 Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò. 33 Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale. 34 Nan moman sa a, Mwen va fè sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kè kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske peyi a va devaste nèt.”
8:1 “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “yo va mennen fè vin parèt zo a wa a Juda yo, ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo, e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo. 2 Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè. 3 Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo. 4 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a,
“‘Èske moun konn tonbe pou l pa leve ankò?
Èske moun konn vire kite pou l pa retounen
5 Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te vire akote nan enfidelite san rete a?
Yo kenbe rèd a desepsyon.
Yo refize retounen.
6 Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat;
okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di:
‘Kisa mwen te fè la a?’
Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo,
tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.
7 Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li.
Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo;
men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.
8 “‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’,
epi lalwa SENYÈ a avèk nou?”
Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.
9 Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi.
Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ a.
Ki kalite sajès k ap rete nan yo?
10 Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun,
ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo.
Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an,
yo tout lanvi gen sa ki pou lòt.
Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.
11 Yo fè gerizon pèp Mwen an ak pansman lejè.
Y ap di: “Lapè, lapè,” men nanpwen lapè.
12 Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo?
Anverite, yo pa t wont.
Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont.
Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo.
Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.
13 “‘Anverite, Mwen va detwi yo nèt, “deklare SENYÈ a.
P ap gen rezen sou chan rezen an,
ni fig sou pye figye etranje a.
Fèy yo va fennen,
epi sa ke M te bay yo va disparèt.’”
14 “Poukisa nou chita an plas?
Rasanble nou!
Annou antre nan vil fòtifye yo,
epi la, annou rete an silans;
paske SENYÈ a, Bondye nou an,
te fè nou tonbe an silans.
Li te bannou dlo anpwazone pou nou bwè,
paske nou te peche kont SENYÈ a.
15 Nou te tann lapè, men anyen bon pa t vini;
yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz.
16 Soti nan Dan te tande gwo souf cheval.
Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke;
paske yo te vini devore peyi a ak tout sa ki ladann,
vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.
17 “Paske gade byen, Mwen ap voye sèpan yo kont nou,
vipè yo ki p ap ka chame;
e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a.
18 Tristès Mwen depase gerizon;
kè M fennen anndan m!
19 Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an
soti nan yon peyi byen lwen:
“Èske SENYÈ a pa nan Sion?
Èske wa li a pa nan li?”
“Poukisa yo pwovoke fache Mwen ak imaj taye yo;
ak zidòl etranje yo?”
20 “Rekòlt la fin pase.
Gran sezon an fini,
e nou poko sove.”
21 Akoz fi a pèp mwen an brize,
mwen menm brize tou;
mwen fè dèy konsi pou yon mò.
Mwen kraze ba nèt.
22 Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad?
Èske nanpwen doktè la?
Alò poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?