Lanmò Josias

610 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Kwonik Yo 35:20–24

20 Apre tout sa, lè Josias te mete tanp lan an lòd, Néco, wa Egypte la, te vin monte pou fè lagè Carkemisch, sou rivyè Euphrate la, e Josias te parèt deyò pou rankontre li. 21 Men Néco te voye mesaje yo kote li. Li te di: “Kisa nou gen pou fè youn avèk lòt, O Wa Juda a? Se pa kont ou ke m ap vini jodi a, men kont kay avèk sila mwen angaje nan lagè yo. Bondye te kòmande mwen fè prese. Byen avèti ke se Bondye ki avè m nan, pou Li pa detwi ou.”

22 Sepandan, Josias te refize vire kite li, men li te kache idantite li pou l ta kab fè lagè avèk li. Li pa t koute pawòl a Néco ki soti nan bouch Bondye a, men li te vin fè lagè sou plèn Méguiddo a. 23 Achè yo te tire Wa Josias, e wa a te di a sèvitè li yo: “Ale avè m, sòti, paske mwen blese byen grav.”

24 Pou sa, sèvitè li yo te retire li nan cha a, e yo te pote li nan dezyèm cha li te genyen an. Yo te mennen li Jérusalem kote li te mouri, e li te antere nan tonm a papa zansèt li yo. Tout Juda avèk Jérusalem te kriye pou Josias.

II Wa Yo 23:25–27

25 Avan li, pa t gen wa tankou li ki te vire vè SENYÈ a avèk tout kè li, avèk tout nanm li e avèk tout fòs li, selon lalwa Moïse la. Ni pa t gen okenn moun tankou li ki te leve apre li. 26 Malgre sa, SENYÈ a pa t kite chalè gran kòlè Li ki te brile kont Juda, akoz tout pwovokasyon avèk sila Manassé te pwovoke Li yo. 27 SENYÈ a te di: “Mwen va retire Juda tou devan zye Mwen, jan mwen te retire Israël la. Mwen va voye jete Jérusalem, vil sila ke M te chwazi a ak tanp sou sila Mwen te di: ‘Non Mwen va la a.’”

II Kwonik Yo 35:25–27

25 Konsa, Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo. 26 Alò, tout lòt zèv a Josias yo avèk zèv fidelite pa li yo, jan sa ki ekri nan lalwa SENYÈ yo, 27 ak zèv li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël Avèk Juda yo.

II Kwonik Yo 34:1–2

1 Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem. 2 Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. Li te mache nan chemen a David, papa zansèt pa li a e li pa t vire akote ni adwat ni agoch.

II Wa Yo 22:3–23:3

3 Alò, nan di-zuityèm ane Wa Josias la, wa a te voye Schaphan, fis a Atsalia a, fis a Meschullam nan, skrib la, lakay SENYÈ a. Li te di: 4 “Monte kote Hilkija, wo prèt la, pou li kapab kontwole lajan ki antre lakay SENYÈ a, lajan ke gadyen pòtay yo te ranmase soti nan pèp la. 5 Kite yo livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a e kite yo bay li a ouvriye ki lakay SENYÈ a pou repare donmaj nan kay la; 6 pou chapant yo, konstriktè yo avèk mason yo e pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou fè reparasyon kay la. 7 Sèlman, nou p ap fè kontabilite pou lajan ki livre nan men yo, paske yo aji an bòn fwa.”

8 Alò, Hilkija, wo prèt la, te di a Schaphan, skrib la: “Mwen te twouve liv lalwa a lakay SENYÈ a.” Konsa, Hilkija te bay liv la a Schaphan ki te li li. 9 Schaphan, skrib la, te rive kote wa a. Li te pote pawòl la kote wa a, e li te di: “Sèvitè ou yo te vide lajan ki te twouve nan kay la e yo te livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a.” 10 Anplis, Schaphan, skrib la, te pale wa a e te di: “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li li nan prezans a wa a.

11 Lè wa a te tande pawòl a liv lalwa a, li te chire rad li. 12 Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, Achikam fis a Schaphanb la, Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a: 13 “Ale mande a SENYÈ a pou mwen avèk pèp la ak tout Juda selon pawòl a liv sa a ki te twouve a. Paske gran se kòlè SENYÈ a ki brile kont nou, akoz zansèt papa nou yo pa t koute pawòl a liv sa a, pou fè selon tout sa ki ekri konsènan nou.”

14 Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan Katye Second lan). Yo te pale avèk li. 15 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Pale nonm ki te voye ou kote mwen an, 16 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va pote malè sou plas sa a ak sou sila ki rete ladann yo, menm tout pawòl a liv sa a ke wa Juda te di yo. 17 Akoz yo te abandone Mwen e te brile lansan a lòt dye yo pou yo ta kab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv men pa yo; pou sa, gran lakòlè Mwen va brile kont plas sa a, e li p ap etenn.”’ 18 Men pou wa Juda a, ki te voye ou pou mande a SENYÈ a, konsa ou va pale ak li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘selon pawòl ke ou te tande yo: 19 Akoz kè ou te vin mou e ou te imilye ou devan SENYÈ a lè ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,’ deklare SENYÈ a. 20 Pou sa, byen gade, Mwen va ranmase ou a zansèt pa ou yo e ou va ranmase rive nan tonm pa ou a anpè. Zye ou p ap wè tout mal ke Mwen va mennen sou plas sa a.”

Konsa, yo te mennen pote pawòl la bay wa a.

23:1 Alò wa a te voye rasanble vè li menm tout ansyen Juda ak Jérusalem yo. 2 Wa a te monte kote kay SENYÈ a ak tout mesye Juda yo, tout moun ki te rete Jérusalem avèk li yo, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la, ni gran, ni piti; epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl a liv akò a ki te twouve lakay SENYÈ a. 3 Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.

II Wa Yo 23:22–24

22 Anverite, yon Pak tankou sila a pa t selebre depi nan jou a jij ki te jije Israël yo, ni nan tout jou a wa Israël yo avèk wa Juda yo. 23 Men nan di-zuityèm ane a Wa Josias la, Pak sila a te obsève Jérusalem.

24 Anplis, Josias te retire moun ki te konn rele lespri mò yo, avèk bòkò avèk zidòl lakay yo ak tout lòt zidòl avèk tout abominasyon ki te konn wè nan tout peyi Juda a avèk Jérusalem, pou li ta kapab konfime pawòl lalwa ki te ekri nan liv ke Hilkija, prèt la, te twouve lakay SENYÈ a.

II Wa Yo 23:28–30

28 Alò, tout lòt zèv a Josias yo, avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 29 Nan jou pa li yo, Farawon Néco, wa Égypte la, te monte kont wa Assyrie a nan Rivyè Euphrate la e Wa Josias te ale rankontre li. Epi lè Néco te wè l, li te touye li Méguiddo. 30 Sèvitè li yo te kondwi kadav li a nan yon cha soti Méguiddo pou te mennen li rive Jérusalem, e yo te antere li nan pwòp tonm pa li. Konsa, pèp peyi a te pran Joachaz, fis a Josias la, yo te onksyone li, e yo te fè l wa nan plas papa li.