Pati 17: Rèy Joachaz

610 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Kwonik Yo 36:1–4

1 Alò, pèp peyi a te pran Joachaz, fis Josias la, e yo te fè li wa nan plas papa li Jérusalem. 2 Joachaz te gen venn-twazan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa Jérusalem. 3 Epi wa Egypte la te retire li sou pouvwa a Jérusalem, e li te egzije yon kontribisyon de san talan ajan ak yon talan lò sou peyi a. 4 Wa Egypte la te fè Éliakim, frè l la, wa sou Juda avèk Jérusalem, e li te chanje non li an Jojakim. Men Néco te pran frè li a, Joachaz e te mennen li an Égypte.

II Wa Yo 23:31–35

31 Joachaz te gen laj a venn-twazan lè l te devni wa a e li te renye twa mwa Jérusalem. Manman li te rele Hamuthal, fi a Jérémie an nan Libna. 32 Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo te fè. 33 Farawon Néco te fèmen li nan prizon nan Ribla nan peyi Hamath pou li pa renye Jérusalem, epi li te enpoze sou peyi a yon amann san talan ajan avèk yon talan lò. 34 Farawon Néco te fè Éliakim, fis a Josias la wa nan plas Josias, papa li e te chanje non li an Jojakim. Men li te mennen Joachaz sòti. Li te mennen li an Égypte e li te mouri la. 35 Konsa, Jojakim te bay ajan avèk lò a Farawon, men li te egzije kontribisyon sou peyi a pou l ta kab bay lajan lè Farawon te mande li. Li te egzije ajan avèk lò a soti nan pèp peyi a, chak moun selon kalkil valè pa li, pou vèse bay a Farawon Néco.