Pati 6: Dis flewo yo rive nan bout yo
Nevyèm flewo a: twa jou fènwa
1491 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
21 Alò SENYÈ a te di Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou kapab vin gen tenèb sou tout peyi Égypte la, menm yon tenèb tèlman lou ke yon moun ka santi l.”
22 Alò Moïse te lonje men l vè syèl la, e te vin gen yon pwofon tenèb nan tout peyi Égypte la pandan twa jou. 23 Yo pa t kapab wè youn lòt ni pèsòn pa t leve kite kote yo ye a pandan twa jou. Men tout fis Israël yo te gen limyè nan andwa pa yo a.
24 Alò Farawon te rele Moïse. Li te di: “Ale, sèvi SENYÈ a, men kite bann mouton avèk twoupo yo dèyè. Menm pitit nou yo kapab ale avèk nou.”
25 Men Moïse te di: “Ou oblije osi kite nou fè sakrifis e brile ofrann, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an. 26 Pou sa, bèt nou yo tou ap prale avèk nou. Pa menm yon zago p ap rete dèyè, paske nou va pran kèk nan yo pou sèvi SENYÈ a, Bondye nou an. Epi jiskaske nou rive la, nou menm pa konnen avèk kilès nan yo nou oblije sèvi SENYÈ a.”
27 Men SENYÈ a te fè kè a Farawon vin di, e li pa t dakò kite yo ale.
Dizyèm flewo a: yo touye premye pitit yo
Menas lanmò sou premye pitit yo
1 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Yon malè anplis Mwen va fè rive sou Farawon, ak sou Égypte; apre sa li va kite nou sòti isit la. Lè li kite nou ale, anverite li va pouse nou ale sòti isit la nèt. 2 Pale koulye a pou tout moun tande, ke chak gason mande vwazin li, e chak fanm vwazen pa li pou kèk bagay fèt an ajan ak bagay ki fèt an lò.”
3 SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo. Anplis nonm nan, Moïse te byen estime nan peyi Égypte la, ni nan zye sèvitè a Farawon yo, ni nan zye a moun yo.
4 Moïse te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Vè minwit M ap prale nan mitan Égypte la. 5 Epi tout nan premye ne nan peyi Égypte yo va mouri, soti nan premye ne Farawon ki chita sou twòn li an, jiska premye ne nan fi esklav ki dèyè wòch moulen yo; menm tout nan premye ne nan bèt yo tou. 6 Anplis de sa, va gen yon gran kri lamantasyon jan li pa t genyen avan, ak jan li p ap janm genyen ankò. 7 Men kont fis Israël yo, menm yon chen p ap jape, ni kont moun ni kont bèt, pou nou kapab konprann, jan SENYÈ a fè yon distenksyon antre Égypte avèk Israël.
8 “‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.
28 Alò, Farawon te di li: “Sòti sou mwen! Veye ou pou pa wè figi m ankò, paske nan jou ou wè figi m ou va mouri.”
29 Moïse te di: “Ou gen rezon; Mwen p ap janmen wè figi ou ankò!”
9 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Farawon p ap koute ou, pou mèvèy Mwen yo kapab vin miltipliye nan peyi Égypte la.”
10 Moïse avèk Aaron te fè tout mèvèy sa yo devan Farawon; malgre sa, SENYÈ a te fè kè l di, e li pa t kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.
Yo manje Pak la
21 Alò, Moïse te rele tout ansyen Israël yo e te di yo: “Ale pran pou nou menm jenn mouton yo selon fanmi nou, e touye jenn mouton Pak la. 22 Nou va pran yon pake izòp e fonse li nan san basen an, epi mete kèk nan san basen an sou de chanbrann yo avèk travès lento pòt yo. Pèsòn pa pou ale deyò pòt kay li jis rive nan maten. 23 Paske SENYÈ a va travèse pou frape Ejipsyen yo; epi lè Li wè san sou travès lento pòt yo, ak sou de chanbrann pòt yo, SENYÈ a va pase sou pòt la, e Li p ap kite destriktè a antre nan kay nou pou frape nou.
24 “Epi nou va obsève evènman sa a kòm yon règleman pou nou menm avèk pitit nou yo pou tout tan. 25 Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a va bannou an, jan Li te pwomèt nou an, nou va obsève sèvis sakre sila a.
26 “Epi lè pitit nou di nou: ‘Kisa sa vle di selon sèvis sila a?’ 27 Nou va di: ‘Sa se yon sakrifis Pak la pou SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’”
Konsa, pèp la te bese ba, e te adore. 28 Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè.
Yo touye premye pitit yo
29 Alò li te vin rive nan minwi, SENYÈ a te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, depi premye ne a Farawon ki te chita sou twòn li an, jis rive nan premye ne nan kaptif ki te nan prizon yo, e menm tout premye ne nan bèt yo.
30 Farawon te leve nan nwit lan, li ak sèvitè li yo avèk tout Ejipsyen yo. Yo te gen yon gwo lamantasyon nan tout Égypte la, paske pa t gen kay kote moun pa t mouri.