Pati 7: Egzòd la

1491 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Egzòd 12:31–36

31 Epi li te rele Moïse avèk Aaron nan nwit lan. Li te di yo: “Leve e kite pèp mwen an, ni nou menm, ni fis Israël yo. Ale adore SENYÈ a, jan nou te di a. 32 Pran ni bann mouton nou yo, ni twoupo nou yo, jan nou te di a, epi ale. Konsa, beni mwen tou!”

33  Ejipsyen yo ak ijans menm, te ankouraje pèp la pou kite peyi a byen vit, paske yo te di: “Nou tout pral mouri.” 34 Alò pèp la te pran pat farin ki potko leve yo, ak bòl pou petri yo byen mare nan rad yo, sou zepòl yo.

35 Alò, fis Israël yo te fè selon pawòl a Moïse la, paske yo te mande nan men Ejipsyen yo, bagay ki fèt an ajan, bagay ki fèt avèk lò, avèk vètman. 36 Konsa, SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo, jiskaske yo te sede a demann sa a. Konsa, yo te vin piyaje Ejipsyen yo.

Egzòd 12:40–42

40 Alò tan ke fis Israël yo te pase an Égypte la te kat-san-trant ane. 41 Nan fen kat-san-trant ane yo, jis rive nan jou a menm, tout lame SENYÈ a te sòti an Égypte. 42  Se yon nwit pou nou obsève pou SENYÈ a, paske li fè yo sòti nan peyi Égypte la. Nwit sa a se pou SENYÈ a, pou obsève pa tout fis Israël yo selon tout jenerasyon pa yo.