Pati 8: Monte desann nan dezè a
Premye vwayaj la: soti Ramsès rive Succoth
1491 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Sa se vwayaj a fis Israël yo sou sila yo te sòti nan peyi Égypte la pa lame pa yo, anba direksyon Moïse avèk Aaron. 2 Moïse te ekri yon rapò pou montre pwent kòmansman nan vwayaj yo selon kòmand SENYÈ a, e sa yo se vwayaj selon pwent kòmansman sila yo.
3 Yo te vwayaje soti nan Ramsès nan premye mwa a, sou kenzyèm jou a. Nan jou apre Pak la, fis Israël yo te soti avèk gwo kouraj devan zye a tout Ejipsyen yo, 4 pandan tout Ejipsyen yo t ap antere tout premye ne ke SENYÈ a te frape detwi pami yo. SENYÈ a te osi egzekite jijman sou dye ki te pou yo.
5 Alò, fis a Israël yo te vwayaje soti Ramsès pou te fè kan nan Succoth.
37 Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun. 38 Yon gran foul byen mele osi te monte avèk yo, menm avèk bann mouton ak twoupo, yon trè gran kantite bèt.
39 Yo te kwit pat farin ke yo te fè sòti an Égypte yo, e yo te fè gato ak pen san ledven yo. Li pa t leve, akòz ke yo te chase sòti an Égypte, e yo pa t kab pran reta, ni yo pa t prepare okenn manje pou yo menm.
Yo renouvle kòmandman pou selebre Pak la
43 SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans Pak la. Okenn etranje pa pou manje li; 44 men esklav a chak moun, achte avèk lajan, lè nou fin sikonsi li, alò, li kapab manje nan li. 45 Yon etranje ki rete pami nou, oswa yon sèvitè ki anplwaye, pa pou manje l.
46 “Li oblije manje nan yon sèl kay. Nou pa pou mennen okenn nan chè a andeyò kay la, ni nou pa pou kase okenn nan zo li. 47 Tout asanble Israël la dwe obsève fèt sa a.
48 “Men si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li. 49 Menm règ sa a va aplike a natif la tankou etranje ki demere pami nou yo.”
50 Alò, tout fis Israël yo te fè sa. Yo te fè sa jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an. 51 Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la selon lòd lame pa yo.
13:1 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: 2 “Konsakre pou Mwen chak premye ne; premye ne pami fis Israël yo, ni lòm, ni bèt, se pou Mwen.”
3 Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje. 4 Nan jou sa a, nan mwa Abib la, nou prepare pou nou soti. 5 Li va fèt ke lè SENYÈ a fè nou antre nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo, Evityen yo, ak Jebizyen yo, peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou, yon peyi k ap koule avèk lèt ak myèl, pou nou kab obsève sèvis sakre sa a nan mwa sa a.
6 “Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, e nan setyèm jou a va fè yon gwo fèt a SENYÈ a. 7 “Pen san ledven an va manje pandan tout sèt jou yo; epi anyen avèk ledven p ap menm parèt pami nou. Ni nou p ap wè li pami nou nan tout fwontyè nou yo. 8 Ou va pale fis ou a nan jou sa, e ou va di: ‘Se akoz sa ke SENYÈ a te fè pou mwen lè m te sòti an Égypte la.’ 9 Epi sa va sèvi kòm yon sign pou ou sou men ou, e kòm yon souvni nan fon ou, pou lalwa SENYÈ a kapab nan bouch ou; paske se te avèk yon men pwisan ke SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte. 10 Pou sa nou va kenbe òdonans sa a nan tan ki chwazi chak ane a.
11 “Alò li va rive lè SENYÈ a mennen ou nan peyi pèp Kanaran yo, jan Li te sèmante bannou avèk zansèt nou yo, e bay ou li, 12 ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye. 13 Men chak premye pòtre a yon bourik, ou va bay li kòm ranson avèk yon jenn mouton. Men si ou pa bay li kòm ranson, alò, ou va kase kou li, epi chak premye ne nan lòm pami fis ou yo ou va bay li kòm ranson.
14 “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la. 15 Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’ 16 Alò li va sèvi kòm yon sign sou men ou e kòm yon bando bwat kwi komemoratif ki mare sou fwon tèt ou; paske avèk yon men pwisan, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.”
17 Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”
18 Pou sa, Bondye te mennen pèp la bò wout dezè a vè lanmè wouj la; epi fis Israël yo te monte byen prepare tankou yon lame pou kite peyi Égypte la.
19 Moïse te pran zo Joseph yo avèk li, paske li te fè fis Israël yo sèmante solanèlman e te di: “Bondye va anverite pran swen nou, e nou va pote zo mwen yo soti isit la avèk nou.”