Pati 5: Yo tabli Pak la

1491 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Egzòd 12:1–20

1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron nan peyi Égypte la: 2  “Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou.

3 “Pale a tout asanble Israël la, e di: ‘Nan dizyèm mwa sa a, yo chak va pran yon jenn mouton pou yo menm, selon kay pa yo, yon mouton pou chak kay. 4 Alò, si kay la twò piti pou yon jenn mouton, li menm avèk vwazen li ap pran youn pou kont yo, selon kantite moun ki nan yo selon sa ke chak moun ta kab manje, nou va divize jenn mouton an.

5 “‘Jenn mouton nou an va yon jenn mal, ak laj yon lane, san defo. Nou ka pran li pami mouton yo, oswa kabrit yo. 6 Nou va kenbe li jis rive nan katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè. 7 Anplis, yo va pran kèk nan san an, e mete li sou de chanbrann pòt kay la, ak sou de travès lento pòt kay la kote yo va manje li a.

8 “‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife, e yo va manje li avèk pen san ledven, ak zèb anmè. 9 Pa manje anyen nan li ki pa kwit, ni ki bouyi avèk okenn dlo, men pito ki boukannen nan dife, ni tèt li, ni janm li yo ansanm avèk zantray li yo. 10 Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife. 11 Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se Pak SENYÈ a.

12 “‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a. 13 San an va yon sign pou nou sou kay kote nou rete yo. Lè Mwen wè san an, Mwen va pase sou nou, e nanpwen touman k ap rive nou, ni detwi nou lè Mwen frape peyi Égypte la.

14 “‘Alò, jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”

15 “Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël.

16 “Nan premye jou a nou va fè yon konvokasyon sen, e yon lòt konvokasyon sen nan setyèm jou a. P ap gen travay k ap fèt nan yo, sof sa ki oblije fèt pou manje a chak moun; se sa sèl nou kapab prepare.

17 “Nou va osi obsève fèt Pen San Ledven an, paske nan jou sa a menm, Mwen te fè lame nou yo sòti nan peyi Égypte la. Pou sa, nou va obsève jou sa pandan jenerasyon nou yo kòm yon règleman k ap la pou tout tan.

18 “Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, nan aswè, nou va manje pen san ledven an, jiska vente-yen jou nan mwa a, lè l rive nan aswè. 19 Pandan sèt jou yo nou pa pou twouve ledven lakay nou paske nenpòt moun ki manje sa ki leve, moun sa a va vin koupe retire nèt de asanble Israël la, menm si se yon etranje, oswa yon natif peyi a. 20 Nou pa pou manje anyen avèk ledven. Nan tout abitasyon nou yo nou va manje pen san ledven.”