Lalwa a enferyè ak alyans levanjil la

Paul kontinye apèl li a avèk yon egzanp nan Ansyen Testaman an, ki montre lalwa a enferyè ak alyans levanjil la.

51 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Galat Yo 4:21–31

21 Di mwen, nou menm ki vle anba Lalwa a, èske nou pa tande Lalwa a? 22 Paske li ekri ke Abraham te gen de fis youn pa fanm ki te esklav la, e youn pa fanm ki te lib la. 23 Men fis pa fanm ki te esklav la te fèt selon lachè, e fis a fanm ki te lib la te fèt selon pwomès la. 24 Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va esklav yo; li menm se Agar. 25 Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo. 26 Men Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout. 27 Paske sa ekri:

“Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit;

eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa

nan doulè pou fè timoun nan:

paske pitit a sila ki aflije a plis an

kantite pase sila ki gen mari a.”

28 Epi nou menm, frè m yo, kòm Isaac, nou se pitit a pwomès la. 29 Men menm jan nan tan sa a, sila ki te fèt selon lachè a te pèsekite sila ki te fèt selon Lespri a, se menm jan an koulye a. 30 Men kisa Lekriti Sen an di?: “Mete fanm esklav la deyò, avèk fis li a. Paske fis a fanm esklav la pa dwe yon eritye avèk fis a fanm lib la.” 31 Alò konsa, frè m yo, nou pa pitit a yon fanm esklav, men a yon fanm lib.

Oblije obeyi tout lalwa a

Paul deklare tout moun ki konte sou lalwa Jwif la pou yo sove prive tèt yo de benediksyon nouvo lòd Kretyen an epi yo vin oblije obeyi tout lalwa a. Li ankouraje yo pratike bèl kalite ak vèti relijyon espirityèl levanjil la mande yo. Yo dwe veye pou yo evite fot moral lalwa Moïse la te kondane yo, epi pou yo reprime lespri vanite ak dezi pou yo distenge tèt yo, ki lakòz anpil pwovokasyon ak jalouzi nan mitan Kretyen yo.

Galat Yo 5

1 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.

2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. 3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou kenbe tout Lalwa a. 4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou tonbe kite lagras. 5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a. 6 Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.

7 Nou t ap kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a? 8 Enfliyans sa a pa t sòti nan Sila ki te fè apèl de nou an. 9 Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve. 10 Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.

11 Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli. 12 Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta menm chatre pwòp kò yo.

13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a. 26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

Paul ankouraje lanmou Kretyen an

Paul ankouraje yo gen lanmou Kretyen an. Li baze sa sou pwòp feblès yo, sou nesesite pou yo egzamine aksyon yo, paske tout moun pral rann kont pou yo, epi sou devwa pou yo kontribye nan soutni ministè a ak nan satisfè bezwen tout limanite, sitou lòt Kretyen parèy nou yo.

Galat Yo 6:1–10

1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3 Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5 Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.

6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.

7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

Paul Pote Mak Jésus yo

Paul fini lè li fè moun Galatie yo sonje moun ki zele pou relijyon Jwif la pa t obeyi Lalwa, epi yo te vle fè moun yo te konvèti yo sikonsi sèlman pou yo menm te ka chape anba pèsekisyon. Paul, bò kote pa l, deklare se pa rezon egoyis konsa ki ka pouse l aji, paske li pote sou kò l mak soufrans li te sibi pou Senyè Jésus. Li temwaye se viv nan sentete sèlman ki konte pou Bondye. Li priye pou yon benediksyon sou legliz la.

Galat Yo 6:11–18

11 Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou avèk pwòp men mwen. 12 Sila ki vle parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris. 13 Paske sila ki sikonsi yo pa menm kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou. 14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan. 15 Paske nan Kris Jésus, sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf. 16 Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou Israël Bondye a.

17 Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m mak a Jésus yo.

18 Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.