Moun Galatie yo abandone lafwa yo te genyen okòmansman an

Paul reprimande moun Galatie yo paske yo abandone premye prensip lafwa yo lè yo sipoze nouvo lòd Bondye tabli a pa t ase pou yo sove, malgre benediksyon ak don espirityèl yo pa t konnen anba lalwa Moïse la te konfime nouvo lòd sa a pou yo.

51 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Galat Yo 3:1–5

1 O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te piblikman prezante kòm krisifye a? 2 Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande avèk lafwa? 3 Èske nou si tèlman ensanse? Èske nou te kòmanse avèk Lespri a, epi koulye a nou ap vin pafè pa lachè? 4 Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—si vrèman se te anven? 5 Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande ak lafwa.

Abraham jistifye grasa lafwa

Paul pwouve ansèyman li an se verite avèk egzanp Abraham, ki te jistifye grasa lafwa li nan pwomès Bondye yo.

Galat Yo 3:6–18

6 Malgre sa “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou Li kòm ladwati.” 7 Konsa, se pou nou asire ke se sila ki nan lafwa yo ki se fis Abraham. 8 Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: “Tout nasyon yo va beni nan ou”. 9 Alò sila ki nan lafwa yo, beni pa Abraham, kwayan an.

10 Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.” 11 Alò, li klè ke pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske “Moun jis la va viv pa lafwa”. 12 Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: “Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.”

13 Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.” 14 Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.

15 Frè m yo mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann. 16 Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: “E a posterite ou”, sa se Kris. 17 Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la. 18 Paske si eritaj la baze sou lalwa, li pa baze sou yon pwomès ankò; men Bondye te bay li a Abraham pa mwayen de yon pwomès.

Poukisa yo te bay lalwa Moïse la

Paul deklare objektif lalwa Moïse la se te anpeche Jwif yo, pèp Kris la t ap soti ladan l pa nesans lan, suiv pratik ak rit adorasyon zidòl payen yo, epi fòme yo pou yo viv nan espwa ak nan tann Mesi a yo te pwomèt la.

Galat Yo 3:19–29

19 Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la. 20 Alò yon medyatè pa pou yon sèl pati, tandiske Bondye se yon sèl.

21 Konsa, èske Lalwa a vin kont pwomès a Bondye yo. Ke sa pa ta janm fèt! Paske si te gen yon lwa ki ta kapab bay lavi, alò, ladwati ta vrèman baze sou Lalwa. 22 Men Lekriti sen an anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.

23 Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, san aksè a lafwa ki t ap vin revele pita. 24 Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, pou nou ta kapab jistifye pa lafwa. 25 Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba yon pwofesè lekòl ankò. 26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.

Paul pè pou yo pa tounen nan esklavaj

Paul ajoute yon lòt egzanp ki montre objektif lalwa a, epi li reprimande moun ki te konvèti yo, ni sa ki soti nan mitan Jwif yo ni sa ki soti nan pèp etranje ki pa Jwif yo, paske yo vle mete tèt yo nan esklavaj ankò. Se poutèt sa li pè pou yo.

Galat Yo 4:1–11

1 Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay, 2 men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a. 3 Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an esklavaj anba prensip de baz a mond lan. 4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis. 6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” 7 Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.

8 Sepandan, nan lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm. 9 Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò? 10 Nou obsève jou yo, mwa yo, sezon ak lane yo. 11 Mwen gen lakrent pou nou pou petèt mwen te travay ak nou anven.

Paul fè apèl ak zèl yo te genyen anvan an

Paul fè apèl ak Jwif yo sou baz zèl yo te genyen anvan an ak afeksyon yo te genyen pou li.

Galat Yo 4:12–20

12 Mwen priye nou frè m yo, pou nou vin tankou mwen menm, paske mwen gen tan vin tankou nou. Nou pa t fè m okenn tò; 13 men nou konnen ke se te akoz yon maladi nan kò a ke m te preche levanjil la a nou menm nan premye fwa a. 14 Epi sa ki te yon traka pou nou nan kondisyon kò m nan, nou pa t ni meprize ni deteste nan mwen, men nou te resevwa mwen kòm yon zanj Bondye, kòm Kris Jésus Li menm.

15 Alò, kote sans benediksyon sa a gen tan ale la a? Paske mwen pran nou kòm temwen ke si te posib, nou t ap rache pwòp zye nou pou nou te ban mwen. 16 Èske konsa mwen vin lènmi nou akoz ke m di nou Verite a? 17 Yo chèche ou avèk zèl, pa pou bon rezon, men paske yo lanvi divize nou pou ou menm kapab al jwenn ak yo. 18 Men se toujou bon si nou gen zèl pou sa ki bon, e pa sèlman lè m la avè nou.

19 Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske Kris fòme nan nou— 20 Men mwen ta swete prezan avèk nou koulye a pou chanje jan mwen reflechi sou nou, paske mwen vin pa konprann nou.