Soti Philippes pou ale Thessalonique

Soti Philippes, pase nan Amphipolis ak Apollonie pou rive Thessalonique, kote Jason opoze ak yo.

50 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 17:1–9

1 Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.

2 Selon abitid Paul, li te ale kote yo. Pandan twa Saba li te rezone avèk yo sou Ekriti Sen yo. 3 Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la te oblije soufri e leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”

4 Kèk nan yo te vin kwè, e te vin jwenn avèk Paul ak Silas, ansanm avèk yon gran kantite Grèk ki te krent Bondye, ak yon kantite fanm enpòtan.

5 Men Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la.

6 Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout mond lan rive isit la tou. 7 Se Jason ki resevwa yo. Yo tout aji kont dekrè César a. Y ap di gen yon lòt wa, Jésus!” 8 Foul la ak chèf yo te byen twouble lè yo tande bagay sa yo.

9 Lè yo te resevwa yon bon garanti nan men Jason ak lòt yo, yo te lage yo.

Paul ekri moun Galatie yo 51 apre Christ

Paul ekri lèt li a bay moun Galatie yo pou pwouve, kont anseyan k ap pouse moun suiv koutim Jwif yo, se lafwa nan Kris la ki te lakòz yo sove, se pa obeyisans enpafè yo anvè lalwa seremoni yo.

Paul salye moun Galatie yo

Paul defann otorite li kòm apot epi li salye frè yo.

Galat Yo 1:1–5

1 Mwen, Paul, yon apot ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò— 2 ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout legliz nan Galatie yo: 3 Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, 4 ki te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte Bondye ak Papa nou an. 5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen.

Yo reprimande moun Galatie yo paske yo abandone levanjil li a

Paul reprimande moun Galatie yo paske yo vire do bay levanjil li a.

Galat Yo 1:6–10

6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil; 7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. 8 Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. 9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.

10 Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon sèvitè a Kris la.

Se nan Bondye otorite Paul kòm apot te soti

Pou reponn fo anseyan yo, Paul deklare se nan men Bondye li te resevwa otorite li kòm apot, epi li rakonte konvèsyon li, misyon yo te konfye l la ak dewoulman lavi li an jeneral.

Galat Yo 1:11–2:10

11 Paske mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm. 12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon revelasyon a Jésus Kri. 13 Paske, nou konn tande listwa a fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li. 14 Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou tradisyon zansèt mwen yo. 15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e te rele mwen selon gras Li a, te kontan 16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san. 17 Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.

18 Answit twaz an pita, mwen te monte Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou. 19 Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte Jacques, frè a Senyè a. 20 (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans devan Bondye ke mwen p ap bay manti.) 21 Konsa mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie. 22 Mwen te toujou enkoni devan zye a legliz Judée ki te an Kris yo, 23 men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te eseye detwi a.” 24 Konsa, yo t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.

2:1 Answit, apre yon espas katòz ane mwen te monte ankò Jérusalem avèk Barnabas, e mwen te pran Tite osi. 2 Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven. 3 Men pa menm Tite ki te avèk mwen an, malgre li te yon Grèk, pa t oblije sikonsi. 4 Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj. 5 Men nou pa t soumèt a yo menm pandan menm yon moman, pou verite levanjil la ta kapab rete avèk nou tout. 6 Men de sila ki te gen gwo repitasyon yo—sa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; Bondye pa nan patipri—byen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen. 7 Men okontrè, yo te wè ke levanjil la te konfye a mwen menm pou ensikonsi yo, menm jan ke li te konfye a Pierre pou sikonsi yo. 8 Paske Sila ki te an reyalite travay atravè Pierre kòm apot pou sikonsi yo, te an reyalite travay atravè mwen menm tou anvè pèp etranje yo. 9 Konsa, ak rekonesans gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo. 10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.

Paul reprimande Pierre paske l ap pouse moun suiv koutim Jwif yo

Paul reprimande Pierre paske l ap pouse moun suiv koutim Jwif yo. Li defann doktrin ki fè konnen se grasa lafwa moun jwenn jistifikasyon. Li fè konnen si Jwif yo ki te adopte lafwa kretyen an te sèten lalwa sou seremoni yo pa t kapab bay delivrans, li te enposib pou yo atann etranje ki pa Jwif yo obeyi l, oswa pou lalwa sa a te yon obligasyon pou yo.

Galat Yo 2:11–21

11 Men lè Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane. 12 Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz lakrent pati sikonsizyon an. 13 Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a. 14 Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?

15 Nou menm ki se Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo, 16 sepandan, nou konnen ke yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye. 17 Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt! 18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè. 19 Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”