Moun Bérée yo Pare pou Resevwa Levanjil la

Soti Thessalonique pou rive Bérée. Rezon ki fè moun Bérée yo byen dispoze pou resevwa levanjil la.

51 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 17:10–14

10 Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.

11 Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa. 12 Konsa, anpil nan yo te vin kwè, ansanm avèk plizyè mesye ak fanm Grèk enpòtan yo.

13 Men lè Jwif Thessalonique yo te vin konprann ke pawòl Bondye a te pwoklame pa Paul nan Bérée, yo te vini la osi pou yo ajite ak chofe foul la.

14 Alò, imedyatman frè yo te voye Paul deyò pou ale jis kote lanmè a, e Silas ak Timothée te rete la.

Paul Preche Filozòf yo nan Athènes

Paul kite Silas ak Timothée nan Bérée epi li kontinye ale Athènes, kote li preche filozòf yo ak etidyan yo.

Travay 17:15–34

15 Alò, sila ki t ap gide Paul yo te mennen li jiska Athènes. Yo te kite li la, epi lè yo fin resevwa lòd pou fè Silas ak Timothée vin kote l pi vit ke posib, yo te ale.

16 Pandan Paul t ap tann yo nan Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl.

17 Konsa, li t ap rezone nan sinagòg la avèk Jwif yo ak pèp etranje ki te krent Bondye yo, e nan mache a chak jou avèk sila ke li te konn rankontre yo.

18 Anplis, kèk nan filosòf Epikiryen ak Stoyik yo t ap diskite avè l. Kèk t ap di: “Kisa mesye ki renmen pale anpil sa a ta vle di?” Lòt yo t ap di: “Li sanble ke l ap pwoklame kèk lòt kalite dye etranje” —akoz ke li t ap preche Jésus ak rezirèksyon an.

19 Konsa, yo te pran li e te mennen li nan Aréopage la. Yo te di l: “Èske ou kapab eksplike nou nouvo ansèyman sila a, ke w ap pwoklame a. 20 Paske w ap pote kèk bagay byen dwòl nan zòrèy nou. Konsa, nou vle konnen kisa bagay sa yo vle di.” 21 (Alò, tout Atenyen yo ak lòt etranje ki t ap vizite la yo te konn pase tout tan yo nan pale, oswa nan tande kèk lide nèf.)

22 Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun ki renmen adore nan tout sans. 23 Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon lotèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.

24 “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. 25 Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.

26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.

28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.

30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”

32 Alò, lè yo te tande de rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”.

33 Konsa Paul te sòti nan mitan yo.

34 Men kèk moun te vin jwenn li e te kwè. Pami sila yo te gen osi Denys, moun Aréopage la, yon fanm ki te rele Damaris, e kèk lòt avèk yo.

Paul Travay pou l Viv nan Corinthe

Soti Athènes, Paul kontinye ale Corinthe, kote li oblije travay pou l viv. Silas ak Timothée vin jwenn li nan Corinthe.

Travay 18:1–5

1 Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale Corinthe.

2 Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo. 3 Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye. 4 Li t ap rezone nan sinagòg la chak Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè.

5 Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te Jésus ki te Kris la.