Paul Ekri Tesalonisyen yo
Paul ekri premye lèt li bay Tesalonisyen yo pou fè yo vin fèm nan lafwa, pandan yo t ap sibi atak Jwif ki pa t kwè yo, lè li ensiste sou prèv ki soutni krisyanis la pou fè yo byen konprann yo.
51 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Paul Salye Tesalonisyen yo
Entwodiksyon an ak salitasyon an.
1 Paul, Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.
2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou. 4 Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa Li menm de nou an.
Premye Agiman Paul la: Don Mirak
Paul tire premye agiman li pou montre krisyanis la se laverite nan don mirak Lespri Sen yo. Li kontan pou jan yo rete fidèl san febli nan lafwa Kretyen an, epi li felisite yo pou sa.
5 Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.
6 Nou osi te devni imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk lajwa Lespri Sen an. 7 Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan Macédoine ak nan Achaïe yo. 8 Paske pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen.
9 Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè, 10 epi pou tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki delivre nou anba kòlè k ap vini an.
Lavi Predikatè yo Pwouve Levanjil la se Laverite
Paul sèvi ak karaktè, konduit ak soufrans moun k ap preche levanjil la pou pwouve li se laverite. Li remèsye Bondye paske Tesalonisyen yo te resevwa l pa tankou yon sistèm filozofi, men tankou pawòl Bondye, jan enfliyans li sou konduit yo te montre sa.
1 Paske nou menm konnen, frè m yo, ke aparans nou pami nou menm nan pa t anven. 2 Men apre nou te deja soufri e maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.
3 Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan salte, ni nan fason pou twonpe moun. 4 Men jis jan nou te vin apwouve pa Bondye a pou vin konfye nou levanjil la; alò nou pale, pa pou fè lòm plezi, men pou Bondye ki egzamine kè nou yo.
5 Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen) 6 ni nou pa t chache glwa ki sòti nan lòm, ni nan nou menm, ni nan lòt yo, menmsi kòm apot a Kris, nou ta dwe montre otorite nou. 7 Men nou te pwouve nou plen dousè pami nou, tankou yon manman nouris ki byen pran swen pwòp pitit li.
8 Avèk bon jan afeksyon ke nou te gen pou nou an, nou te byen kontan pataje non sèlman levanjil a Bondye a, men osi pwòp lavi nou, paske nou te devni trè chè a nou menm.
9 Paske nou sonje, frè yo travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a. 10 Nou se temwen, e Bondye osi de jan nou te konpòte ak devwe nou an, dwat e san fot anvè nou menm, kwayan yo.
11 Jis kon nou konnen jan nou t ap egzòte, ankouraje e plede ak nou chak, tankou yon papa ta dwe fè pwòp pitit li, 12 pou nou ta kab mache nan yon fason ki dign pou Bondye kap rele nou antre nan pwòp wayòm ak laglwa Li a.
13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.
Lespri Pèsekisyon Jwif yo
Paul montre lespri pèsekisyon Jwif yo, ki mete pouvwa levanjil la ak lafwa moun ki konvèti yo aleprèv. Li montre jan yo opoze ak predikasyon levanjil la bay etranje yo ki pa Jwif, ansanm ak mechanste yo ak destriksyon yo. Li deklare lanmou li pou Tesalonisyen yo ak dezi li genyen pou l wè yo; se sèlman enfliyans Satan sou kè moun ki opoze avè l yo ki anpeche l fè sa.
14 Paske nou menm, frè m yo, nou te devni imitatè a legliz Bondye nan Kris Jésus ki an Judée yo. Konsa, nou te andire menm soufrans sa yo nan men a pwòp moun peyi parèy a nou yo, jan yo menm te andire l nan men a Jwif yo.
15 Sila ki te touye Senyè a Jésus ak pwofèt yo, e ki te fòse nou sòti yo. Yo p ap fè Bondye plezi, men yo se lènmi a tout moun. 16 Yo anpeche nou pale avèk etranje yo pou yo kapab sove. Kon rezilta yo toujou ranpli mezi peche pa yo. Men lakòlè gen tan vini sou yo pi rèd.
17 Men nou menm, frè yo, akoz ke nou te separe de nou pou yon ti tan—kòmsi an pèsòn, men pa an espri—nou tout te pi enpasyan ak lanvi pou wè figi nou. 18 Paske nou tout te vle vin kote nou—mwen menm, Paul, plis ke yon sèl fwa—e malgre sa, Satan te anpeche nou.
19 Paske kilès ki esperans nou, oubyen lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan moman retou Li a. 20 Paske nou se laglwa ak lajwa nou.
Paul Voye Timothée Fòtifye yo
Paul deklare jan li enkyè pou Tesalonisyen yo, epi li fè yo sonje li te voye Timothée fòtifye lafwa yo epi konsole yo nan anpil tribilasyon tout Kretyen gen pou yo sibi, jan yo te avèti yo anvan sa.
1 Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan Athènes sèl. 2 Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou, 3 pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke nou te destine pou sa. 4 Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an.
5 Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou travay nou an ta anven.
Rapò Timothée a Konsole Paul
Paul deklare rapò Timothée fè sou yo a konsole l. Li swaf jwenn yon lòt okazyon pou l wè yo ankò, epi li priye pou yo pèsevere nan sentete jouk Kris vini.
6 Men koulye a, ke Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a. 7 Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou. 8 Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou kanpe fèm nan Senyè a.
9 Paske ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz nou menm? 10 Antretan lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab konplete sa ki manke nan konesans lafwa nou.
11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.