Yon Apèl pou Sentete ak Pite
Paul montre moun nan pèp etranje ki konvèti yo yo dwe sen epi pwòp, epi li avèti yo kont vis yo te konn lage kò yo ladan yo, sa payen yo te toujou ap pratike. Li ankouraje yo pou yo gen lanmou fratènèl epi pou yo travay avèk dilijans.
51 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe mache pou fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou. 2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.
3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, 4 ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
7 Paske Bondye pa t rele nou pou fè salte, men nan sanktifikasyon. 8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.
9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.
Paul Dekri Jan Mò yo Pral Leve
Paul avèti yo kont Jwif zele yo ki ta vle wete espwa bonè alavni yo genyen an. Yo resevwa konsèy pou yo pa lage kò yo, jan payen yo te fè a, nan twòp lapenn pou mò yo, moun yo te kwè ki pa t ap leve ankò. Kòm yon lòt prèv gwo verite rezirèksyon an, Paul dekri jan sa pral fèt, jan Kris li menm te anseye l la.
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
Se pou Nou Pare pou Kris Vini Sanzatann
Paul montre nesesite pou viv nan sentete akoz aparisyon Kris la ki pral fèt sanzatann e ki pral terib, ansanm ak destriksyon ki sèten pou mechan yo ak moun ki pa pare pou jou li vini an. Moun ki rete fèm nan lafwa ak nan pratik levanjil la jwenn konsolasyon nan asirans jou sa a pral yon jou delivrans pou yo grasa Jésus Kris.
1 Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
9 Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
Dènye Apèl Paul yo bay Tesalonisyen yo
Paul ankouraje yo pou yo bay moun k ap anseye yo nan domèn espirityèl la respè yo merite, ansanm ak divès lòt apèl ensistan. Li fini ak priyè ak salitasyon.
12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.
Viv nan lapè avèk youn lòt.
14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. 15 Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
19 Pa etenn Lespri Sen an. 20 Pa meprize pawòl pwofetik yo. 21 Men byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22 e evite tout kalite mal.
23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
24 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
25 Frè m yo priye pou nou.
26 Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen. 27 Mwen bannou lòd nan non Senyè a pou fè lèt sa a li bay tout frè yo.
28 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.
Paul rete Corinthe, l ap preche etranje yo (moun ki pa Jwif yo)
Jwif yo rejte Paul, men li kontinye rete Corinthe, l ap preche etranje yo (moun ki pa Jwif yo).
6 Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a mwen va ale kote pèp etranje yo.”
7 Answit li te kite la pou ale lakay a yon sèten nonm ki te rele Titius Justus, yon adoratè Bondye, ki te gen kay li toupre sinagòg la.
8 Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.
9 Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans; 10 paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.” 11 Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.