Paul Ekri Tesalonisyen yo Ankò
Paul ekri dezyèm lèt li bay Tesalonisyen yo pou korije yon erè yo te tonbe ladan l konsènan Jou Jijman an ki t ap vini sanzatann. Li pwofetize aparisyon, devlopman ak ranvèsman yon gwo apostazi nan legliz Kretyen an.
52 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Paul Salye Tesalonisyen yo Ankò
Salitasyon Paul la.
1 Paul, Silvain ak Timothée, a legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri: 2 Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri.
Paul Kontan pou Andirans yo
Paul kontan pou jan yo rete fèm anba pèsekisyon, epi li ba yo asirans andirans yo avèk pasyans se prèv gen yon jijman k ap vini, lè yo pral resevwa rekonpans yo.
3 Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. 5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.
6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo,
Kri pral vini pou jije
Paul anonse Kri pral vini pou fè jijman, epi tout moun ki te rejte levanjil li a pral sibi destriksyon etènèl.
7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.
9 Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.
11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12 pou non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.
Gwo Apostazi a Dwe Vini Anvan
Kounye a, Paul kòmanse korije erè yo sou Kri ki t ap vini talè pou fè jijman. Li avèti yo kont nenpòt swadizan revelasyon oswa fo lèt, epi li fè yo sonje sa li te deja di yo: yon gwo apostazi dwe fèt anvan. Li dekri tout karakteristik li yo an detay.
1 Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak reyinyon nou ansanm avèk Li a, 2 pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon lespri, ni yon mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e nonm peche a, fis a pèdisyon an, ta vin parèt. 4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.
5 Èske nou pa sonje lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?
6 Konsa, nou konnen kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. 7 Paske mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.
8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
11 Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.
Paul Ankouraje yo pou yo Rete Fèm
Paul kontan pou Tesalonisyen yo, epi li ankouraje yo pou yo rete fèm nan ansèyman yo te resevwa yo.
13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a. 14 Se te pou sa Li te rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.
15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.
16 Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17 rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.
Paul Mande yo Priye pou li
Paul mande yo priye pou li ak konpayon li yo, pou levanjil Bondye a jwenn menm glwa nan lòt nasyon pèp etranje yo ak nan mitan yo, epi pou yo delivre anba moun k ap pèsekite yo. Li repete priyè li pou lafwa yo ak pasyans yo.
1 Finalman, frè m yo priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an, 2 epi pou nou kapab delivre de moun pèvès e mechan yo, paske se pa tout ki gen lafwa.
3 Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an. 4 Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo. 5 Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.
Jan pou Trete Moun ki Parese ak Moun ki Dezòdone yo
Paul bay Tesalonisyen yo konsèy sou jan pou yo aji ak moun ki toujou ap mennen yon lavi dezòdone ak parese, malgre kòmandman klè yo te resevwa nan men l. Priyè li ak benediksyon li.
6 Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.
7 Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. 8 Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. 9 Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.
10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo. 13 Men pou nou, frè m yo pa fatige nan fè sa ki bon.
14 Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e pa asosye nou avè l pou li kab vin wont. 15 Malgre sa, pa gade l kòm yon lènmi, men egzòte li kòm yon frè.
16 Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!
17 Mwen, Paul ekri salitasyon sa a avèk pwòp men m, e sa se mak ki idantifye m nan chak lèt; se konsa ke m ekri.
18 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen.
Yo Mennen Paul Devan Gallion
Pandan Paul toujou nan Corinthe, yo mennen l devan tribinal Gallion, pwokonsil la, frè Senèk la.
12 Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an. 13 Yo t ap di: “Nonm sila ap fè moun kwè pou adore Bondye kont lalwa a.”
14 Men lè Paul te prèt pou louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen. 15 Men si gen kesyon konsènan pawòl, oswa non, oswa pwòp lwa pa nou, okipe sa nou menm. Mwen pa gen enterè nan jije bagay sa yo.” 16 Epi li te chase yo sòti devan chèz jijman an.
17 Konsa, yo tout te sezi Sosthène, mèt sinagòg la, e te kòmanse bat li devan chèz jijman an. Men Gallion pa t okipe bagay sa yo menm.
18 Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.