Paul ekri Tite
Paul te kite Corinthe pou l ale Crète, epi sou wout retou li, li oblije pase sezon fredi a Nicopolis. Se la li ekri lèt li a bay Tite, moun li te kite nan Crète avèk pouvwa pou òdone anseyan epi dirije legliz la sou zile sa a.
53 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Paul salye Tite
Salitasyon Paul la.
1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak konesans verite ki an akò avèk vi sentete a, 2 nan espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo. 3 Men nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a Bondye a, Sovè nou an, 4 a Tite vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.
Moun Tite dwe òdone yo
Paul bay lis kalite moun Tite te resevwa misyon pou l òdone yo dwe genyen, sitou paske anseyan sa yo te aple pou yo opoze ak Kretyen ki t ap chèche fè moun suiv pratik jwif yo epi demanti yo, paske Kretyen sa yo t ap eseye enfliyanse moun ki te konvèti nan mitan pèp etranje yo.
5 Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.
6 Kidonk, si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.
7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li, 9 ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.
Karaktè moun Crète yo
Paul dekri karaktè moun Crète yo, sitou karaktè anseyan ki t ap chèche fè moun suiv pratik jwif yo.
10 Paske gen anpil moun rebèl moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo, 11 ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse tout kay yo nèt, nan enstwi bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.
12 Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: “Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”. 13 Temwayaj sa a vrè. Pou rezon sa a repwoche yo sevèman pou yo kapab vin solid nan lafwa, 14 pa nan prete atansyon a vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.
15 Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye. 16 Yo di yo konnen Bondye, men ak zèv pa yo, yo nye Li. Konsa, yo vin detestab, dezobeyisan, e san valè pou okenn bon zèv.
Tite dwe anseye bèl kalite Kretyen yo
Paul mande Tite pou l ensiste sou bèl kalite Kretyen yo, kont vis moun Crète yo ak rit ak seremoni yo te vle fè antre yo. Tite resevwa lòd tou pou l montre ansèyman li an pi grasa pwòp egzanp li.
1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
6 Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
Yon sèl lafwa ki obligatwa pou tout ran sosyal
Yo mande Tite pou l ankouraje sèvitè yo pou yo fidèl, dapre prensip Kretyen yo. Yo fè l sonje relijyon Kretyen an mete menm obligasyon sou tout ran ak tout kalite moun, li ofri yo menm esperans lan epi li mande menm sentete nan men tout moun.
9 Ankouraje esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, 10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.
11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
15 Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.
Soumèt devan dirijan yo epi aji byen ak tout moun
Pou kontrekare Kretyen ki t ap chèche fè moun suiv pratik jwif yo, yo mande Tite pou l fè moun li te konvèti yo byen konprann devwa yo pou yo soumèt devan otorite sivil yo, kèlkeswa nasyon oswa relijyon otorite sa yo. Tite dwe pran gwo lanmou ak mizèrikòd Kris te montre anvè yo menm kòm baz pou l anseye devwa pou yo gen lanmou fratènèl epi aji byen ak tout moun.
1 Raple yo pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, eprè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
4 Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin eritye selon esperans a lavi etènèl la.
8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
Evite kesyon initil
Paul bay moun k ap anseye lafwa kretyen an lòd pou yo evite diskite sou kesyon ak espekilasyon initil.
9 Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
Kijan pou aji ak eretik yo
Paul esplike Tite kijan li dwe aji ak eretik yo.
10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
Tite dwe vini Nicopolis
Yo mande Tite pou l ale Nicopolis lè Artémas ak Tychique rive, epi pou l bay Zénas ak Apollos sa yo bezwen si yo pase sou zile a.
12 Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.
13 Byen vit, voye avoka a, Zénas ak Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.
14 Moun pa nou yo dwe osi aprann angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke bay fwi.
Dènye salitasyon Paul bay Tite
Salitasyon ak konklizyon Paul.
15 Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou nan lafwa yo. Ke lagras avèk nou tout.
Soti Cenchrées pou rive Éphèse 54 apre Christ
Soti Cenchrées pou rive Éphèse, kote li rezone ak Jwif yo.
19 Yo te rive Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo.
Paul fini dezyèm vwayaj li Antioche
Paul soti Éphèse epi li kontinye ale Césarée. Apre li fin salye legliz Jérusalem nan, li fini dezyèm vwayaj misyonè li a lè li retounen Antioche nan Syrie.
20 Lè yo te mande li pou rete avèk yo pou plis tan, li pa t dakò, 21 men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.
22 Lè l te rive Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann Antioche.