Pati 5: Twazyèm vwayaj misyonè Paul

Paul vizite Galatie ak Phrygie ankò

Paul kite Antioche ankò pou l vizite legliz Galatie ak Phrygie yo.

55 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 18:23

23 Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo.

Apollos preche Éphèse

Istwa Apollos, ki t ap preche lè sa a nan legliz Éphèse a, legliz Paul te fonde a.

Travay 18:24–28

24 Alò, yon sèten Jwif ki te rele Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse. 25 Mesye sa te enstwi nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman batèm a Jean an. 26 Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.

27 Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo. 28 Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre atravè Ekriti Sen yo ke Jésus se te Kris la.

Soti Phrygie pou rive Éphèse

Paul soti Phrygie, li kontinye ale Éphèse epi li rezone ak Jwif yo la.

Travay 19:1–10

1 Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip. 2 Li te mande yo: “Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?”

Yo te reponn li: “Non, nou pa menm konn tande si gen yon Lespri Sen.”

3 Li te di: “Ebyen, nan kisa konsa nou te batize?”

Yo te reponn: “Nan batèm a Jean an”.

4 Konsa, Paul te di: “Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.” 5 Lè yo te tande sa, yo te batize nan non Senyè a Jésus Kri. 6 Pandan Paul te poze men l sou yo, Lespri Sen an te vini sou yo, e yo te kòmanse pale avèk lang ak pwofetize. 7 Te gen an tou, anviwon douz mesye.

8 Paul te antre nan sinagòg la, e te kontinye pale avèk gran kouraj pandan anviwon twa mwa. Li t ap rezone pou fè yo kwè selon wayòm Bondye a.

9 Men lè kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la. 10 Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif.

Yo boule liv maji Éphèse 56 apre Christ

Paul rete dezan Éphèse. Moun yo boule liv maji yo.

Travay 19:11–20

11 Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul 12 jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.

13 Men osi kèk nan Jwif ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.” 14 Sèt fis a Scéva yo, yon chèf prèt Jwif, t ap fè sa a.

15 Epi move lespri yo te reponn e te di yo: “Mwen rekonèt Jésus, e mwen konnen Paul, men ki moun nou ye?”

16 Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese.

17 Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.

18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo. 19 Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan. 20 Konsa pawòl Senyè a t ap grandi ak pwisans, e t ap renye.

Paul voye Timothée ak Érastre Macédoine ak Achaïe

Travay 19:21–22

21 Alò apre bagay sa yo te fini, Paul te pwopoze nan Lespri a, pou lè l te fin travèse Macédoine ak Achaïe, pou ale Jérusalem. Li te di: “Apre mwen fin rive la mwen dwe wè Rome tou.” 22 Li te rete an Asie pandan yon tan, men te voye Timothée ak Érastre, de moun ki te konn sèvi li yo, pou yo antre Macédoine.