Paul ekri Korentyen yo

Paul ekri premye lèt li a bay Korentyen yo pou l afime otorite li kòm apot, pou l reprimande move pratik ak dezòd nan legliz la, epi pou l reponn kesyon moun ki te konvèti yo sou divès pwen doktrin ak disiplin.

57 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Paul salye Korentyen yo

Entwodiksyon Paul, kote li afime li se apot epi li afime inite moun ki kwè nan Kri Jésus yo.

I Korentyen Yo 1:1–3

1 Paul, aple kon apot Jésus Kri pa volonte Bondye a, ak Sosthène, frè nou, 2 A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou. 3 Gras pounou ak lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.

Paul rejwi pou konvèsyon yo ak don yo

Paul rejwi pou konvèsyon yo ak pou don espirityèl yo te resevwa kòm temwayaj pou verite Kri a.

I Korentyen Yo 1:4–9

4 Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a. 5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans, 6 menm pandan temwayaj konsènan Kris la te konfime nan nou, 7 jis pou nou pa manke nan okenn don, e tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri, 8 ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.

Paul ankouraje inite, pa faksyon

Paul ankouraje yo pou yo ini nan non Jésus Kri, nan li pa t gen okenn divizyon, olye yo suiv dirijan yo te mete tèt yo anba non yo.

I Korentyen Yo 1:10–17

10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman. 11 Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou. 12 Alò, men kisa m ap di. Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”. 13 Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin batize nan non Paul? 14 Mwen remèsye Bondye ke m pa t batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus, 15 pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen. 16 Alò, mwen te batize tout fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun. 17 Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.

Lakwa depase sajès lèzòm

Paul afime yo te voye l preche levanjil la san bèl diskou ki chaje ak konesans ak ladrès, pou pouvwa Bondye pa pase inapèsi. Li deklare sajès oswa konesans lèzòm pa ka dekouvri verite levanjil la. Menmsi predikasyon lakwa a sanble yon foli pou moun ki pa kwè yo, li depase sajès lèzòm, epi li se pouvwa Bondye pou sove ni Jwif ni Grèk ki konvèti. Bondye chwazi moun yo meprize plis yo pou l fè filozòf save yo ak gran mesye pami Jwif yo wont, yo menm ki te kanpe kont sajès levanjil la. Pa konparezon, li montre jan tout reyalizasyon lèzòm yo enferyè, pou pèsonn pa vante tèt li eksepte nan Senyè a.

I Korentyen Yo 1:18–31

18 Paske pawòl lakwa a se foli pou sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye. 19 Paske sa ekri:

“Mwen va detwi sajès a saj yo,

e entèlijans moun save yo,

mwen va mete sou kote.”

20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.

26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”

Paul te preche san bèl diskou lèzòm

Paul deklare lè li te preche yo levanjil la, li pa t dekore l ak konesans oswa bèl diskou lèzòm, kontrèman ak fo anseyan yo. Agiman li yo te soti nan temwayaj revelasyon Bondye a, pouvwa mirak yo te konfime. Konsa, lafwa yo pa dwe chita sou sajès oswa filozofi lèzòm.

I Korentyen Yo 2:1–5

1 Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a. 2 Paske mwen te detèmine pou m pa konnen anyen pami nou, sof Jésus Kri, e Sila krisifye a. 3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.

Lespri a revele sajès Bondye ki te kache a

Apre sa, Paul montre menmsi li pa sèvi ak sajès lemonn, Korentyen yo pa gen rezon pou yo vante tèt yo pou fo anseyan yo. Paske li pale sou mistè Bondye ki te kache a, Lespri a te revele l la, yon mistè okenn efò oswa etid lèzòm pa t ka rive jwenn. Atravè predikasyon Lespri Sen an, li fè yo konnen bagay pwofon Bondye yo, se sèlman Lespri Bondye a ki ka revele yo. Moun natirèl la, ki pa espirityèl, pa menm ka resevwa yo, paske li pa gen lòt èd pase kapasite li kòm moun.

I Korentyen Yo 2:6–16

6 Malgre sa, nou konn pale sajès pami sila ki gen tanfin grandi. Se yon sajès ki pa sòti ni nan tan sila a, ni nan chèf a tan sila yo, k ap pase. 7 Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou; 8 sajès ke okenn nan chèf a tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a. 9 Men jan sa ekri a:

“Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,

ki pa janm antre nan kè a lòm;

tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”

10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a. 11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. 12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye. 15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun. 16 “Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.