Divizyon poutèt sèvitè legliz yo detwi espirityalite
Paul montre divizyon nan yon legliz, ki soti nan opinyon moun yo sou diferan don sèvitè legliz yo genyen, detwi lavi espirityèl la.
57 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo. 2 Mwen te bannou lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab, 3 pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl? 4 Paske lè youn di: “Mwen se moun Paul”, epi yon lòt: “Mwen se moun Appollos”, èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?
5 Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak. 6 Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi. 7 Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men Bondye ki fè l grandi a. 8 Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li. 9 Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.
10 Selon gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a.
Kri, sèl fondasyon an
Jésus Kri se sèl fondasyon krisyanis la. Yo avèti moun ki bati sou fondasyon sa a pou yo pran prekosyon, paske yo dwe pase anba yon eprèv ki rèd. Anseyan ki fè fo doktrin antre a pral wè moun li konvèti yo abandone lafwa nan tan pèsekisyon, tankou bwa, zèb chèch ak pay nan dife, epi li menm ap chape ak anpil difikilte. Okontrè, moun ki bati doktrin ki solid e ki bon sou fondasyon sa a pral wè moun yo konvèti yo pase anba eprèv dife a tankou ajan ak lò, epi anseyan an li menm pral resevwa rekonpans pou travay li.
11 Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri. 12 Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk lò, ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay, 13 zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va fè l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va fè prèv valè zèv chak moun. 14 Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va resevwa yon rekonpans. 15 Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove kòmsi, se pa dife.
Sajès monn sa a se foli
Paul deklare yo pral detwi anseyan ki fè espre fè fo doktrin antre nan legliz la, kèlkeswa siksè li genyen. Sajès monn sa a se foli nan je Bondye. Se poutèt sa, yo pa dwe vante tèt yo pou anseyan yo oswa pou filozofi yo fè grandizè avè l la, pou yo lakòz divizyon nan legliz la. Vrè glwa yon Kretyen se nan Kri li ye, li menm ki pou Bondye. Se sèlman grasa Kri nou resevwa pwomès delivrans yo, bagay predikatè levanjil yo pa ka bay.
16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou? 17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.
18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.
19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.” 20 Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.” 21 Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm, 22 sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen a nou menm. 23 Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.
Se Bondye sèl ki jije sèvitè l yo
Antanke sèvitè Kri, apot yo gen devwa pou yo fè moun yo konnen mistè levanjil la selon jan yo pare pou resevwa yo. Pou reponn fo anseyan yo ki kritike l paske li pa anseye Korentyen yo doktrin krisyanis ki pi pwofon yo, Paul deklare sa pa gen anpil enpòtans si jijman lèzòm kondane l, paske se Bondye sèl ki ka jije kòrèkteman, e se li menm sèl ki konnen sekrè kè a. Se poutèt sa, li ankouraje yo pou yo pa jije anseyan espirityèl yo.
1 Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e jeran a mistè ki pou Kris yo.
2 Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl. 3 Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen. 4 Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a. 5 Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
Yo meprize apot yo, yo onore fo anseyan yo
Paul deklare li sèvi ak pwòp non l ansanm ak non Apollos pou yo aprann pa bay chak chèf pa yo twòp enpòtans, pou sa pa fè yo gonfle ak lògèy, fache youn kont lòt epi meprize youn lòt. Paul ak Apollos te sèlman sèvitè Kri; se grasa ministè yo Kretyen yo te vin kwè. Yo te refize tout tit ak distenksyon nan mitan yo, pou egzanp yo te ka aprann Korentyen yo pa bay anseyan yo plis valè pase sa li te ekri a. Apre sa, Paul vire sou fo anseyan yo. Yo rele apot yo inyoran ak moun fou paske yo preche premye atik nan lafwa Kretyen an, tandiske yo konsidere fo anseyan yo kòm moun saj ak filozòf poutèt espekilasyon yo ak tradisyon yo. Yo meprize apot yo; yo onore fo anseyan yo. Apot yo ekspoze devan tout kalite danje, tandiske fo anseyan yo jwi richès ak tout konfò.
6 Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt. 7 Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.
8 Nou deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou. 9 Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki kondane a lanmò, paske nou te gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun. 10 Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè. 11 Jiska moman sa a nou grangou ak swaf, mal abiye, maltrete, e san kote pou nou rete. 12 Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa. 13 Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.
Paul avèti yo kòm papa yo
Paul deklare li pa ekri bagay sa yo pou fè yo wont, men pou anseye yo epi avèti yo kont fo anseyan yo, ki pap pou yo sa li menm te ye a: papa espirityèl yo. Se poutèt sa, li ankouraje yo imite l, epi li voye Timothée bò kote yo pou fè yo sonje ansèyman li.
14 Mwen pa ekri bagay sa yo pou fè nou wont, men pou avèti nou kòm pitit byeneme mwen. 15 Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen te devni papa nou akoz bòn nouvèl la. 16 Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin imitatè a mwen menm. 17 Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo.
Paul pral vini, pou pini oswa avèk lanmou
Fo anseyan an te pretann Paul te pè fè fas ak advèsè save sa yo ki te konn pale byen konsa. Paul deklare li gen entansyon vizite yo talè konsa; lè sa a, se pa pawòl advèsè l yo li pral egzamine, men pouvwa sinatirèl yo, paske se pa sajès predikatè levanjil yo vante tèt yo pou li a ki tabli levanjil la, men se pouvwa pou fè mirak yo resevwa pou konfime l. Apre sa, li mande yo si li dwe sèvi ak pwòp pouvwa sinatirèl li kont yo pou pini yo, oswa si li dwe vini bò kote yo nan yon lespri lapè ak lanmou paske yo korije erè yo.
18 Alò, kèk nan nou vin awogan, kòmsi mwen pa t ap vin kote nou. 19 Men mwen va vini kote nou byento si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo. 20 Paske wayòm Bondye a pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans. 21 Kisa nou dezire? Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?