Mete nonm k ap fè ensès la deyò

Paul bay lòd pou yo mete nonm k ap fè ensès la deyò nan legliz la devan tout moun. Li kondane yo paske y ap vante konesans fo anseyan pa yo a, ki tolere zak wont sa a, epi li konpare peche ak ledven pou montre jan li kontamine moun. Yo entèdi yo frekante Kretyen k ap mennen yon lavi derespektan anvè Bondye aklè; moun sa yo dwe sibi disiplin legliz la. Men, payen mechan yo, ki pa nan legliz la, dwe rete anba jijman Bondye.

57 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

I Korentyen Yo 5

1 Anverite gen rapò ki gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.

2 Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.

3 Paske mwen menm, bò kote pa m, malgre mwen absan nan kò men mwen prezan nan lespri. Mwen deja jije mesye ki fè zak sila a, tankou mwen te prezan. 4 Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,

5 nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.

6 Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?

7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.

8 Konsa, annou selebre fèt la pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.

9 Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;

10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.

11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.

12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?

13 Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.

Pwosè devan tribinal payen yo

Yo reprimande Kretyen yo paske yo pote diskisyon yo devan tribinal payen yo, sa ki dezonore lafwa Kretyen yo deklare yo genyen an, olye yo pote yo devan anseyan enspire yo, ki te bay lwa pou dirije monn prezan an. Yo reprimande yo tou paske yo chèche fè frè Kretyen yo enjistis epi twonpe yo.

I Korentyen Yo 6:1–8

1 Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo? 2 Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? 3 Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a? 4 Donk, si konsa, nou sèvi ak tribinal pou regle pwoblèm nan lavi sa, èske nou chwazi kon jij sila ki pa kab reprezante anyen nan legliz yo? 5 Mwen di nou sa pou wont nou. Si se konsa, ke pa gen yon moun saj pami nou ki kapab deside antre frè li yo? 6 Men frè ale devan lalwa avèk frè, e tout sa devan enkwayan yo. 7 Alò konsa, sa se deja yon defèt pou nou, pou n ap fè pwosè avèk youn lòt. Poukisa nou pa pito soufri lenjistis? Poukisa nou pa pito aksepte sibi fwod? 8 Okontrè, nou menm, nou fè lenjistis ak fwod la. Nou fè sa menm kont frè nou yo.

Paul demanti agiman ki defann imoralite yo

Isit la, Paul demanti agiman fo anseyan an, ki sanble te apwouve lavi nan liks ak imoralite seksyèl, epi li deklare okenn moun ki pa pwòp pa ka eritye benediksyon levanjil la. Lè Kretyen yo lage kò yo san mezi nan bagay ki pa entèdi nan yo menm, se peche yo fè, paske yo pou Bondye ni poutèt li kreye yo ni poutèt li rachte yo.

I Korentyen Yo 6:9–20

9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.

12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen. 13 Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a. 14 Alò, Bondye non sèlman leve Senyè a, men va osi leve nou selon pouvwa Li. 15 Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! 16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”. 17 Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li. 18 Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

Règ pou moun marye ak moun ki pa marye

Paul kontinye pou l reponn kesyon Korentyen yo. Li bay moun marye ak moun ki pa marye règ pou konduit yo, selon diferan tanperaman yo ak sitiyasyon legliz la nan epòk pèsekisyon sa a.

I Korentyen Yo 7:1–17

1 Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. 2 Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. 3 Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. 4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.

6 Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd. 7 Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan. 8 Alò mwen di a sila ki poko marye yo, e ak vèv yo, ke li ta bon pou yo si yo rete menm jan ak mwen menm. 9 Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon. 10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.

12 Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li. 13 Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale. 14 Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.

16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.

17 Sèlman jan Senyè a bay a chak moun nan, jan Bondye rele chak moun nan konsa, kite l mache. Epi se konsa ke m bay lòd nan tout legliz yo.