Krisyanis pa chanje relasyon nan lavi a

Paul anseye krisyanis pa chanje anyen nan relasyon òdinè ak obligasyon natirèl lavi a.

57 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

I Korentyen Yo 7:18–24

18 Èske yon moun ki te rele pa Bondye te deja sikonsi? Li pa dwe vin ensikonsi. Èske yon moun lè l rele pa Bondye tou ensikonsi? Li pa dwe vin sikonsi. 19 Sikonsizyon pa anyen, e ensikonsizyon pa anyen, men sa ki enpòtan an se kenbe kòmandman Bondye a. 20 Chak moun dwe rete nan menm kondisyon ke li te resevwa apèl la. 21 Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l. 22 Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se esklav a Kris la.

23 Nou te achte a yon pri; pa devni esklav a lèzòm. 24 Frè m yo chak moun dwe rete avèk Bondye nan menm eta ke li te resevwa apèl la.

Konsèy pou vyèj ak vèv yo rete san marye

Paul konseye ni vyèj ni vèv yo rete san marye nan tan pèsekisyon. Pou yo bay tèt yo mwens traka pou sousi ak plezi lavi prezan an, li fè yo sonje jan lavi sa a kout e li pa gen anpil enpòtans.

I Korentyen Yo 7:25–40

25 Alò konsènan vyèj yo, mwen pa gen okenn lòd Senyè a, men mwen bay yon refleksyon kòm yon moun ki pa mizerikòd Senyè a dign de konfyans. 26 Mwen kwè ke li bon nan sikonstans boulvès nan tan kounye a pou yon nonm ta rete jan li ye a. 27 Èske ou mare ak yon madanm? Pa chache vin lib. Èske ou lib de yon madanm? Pa chache yon madanm. 28 Men si nou marye, nou pa peche. E si yon vyèj marye, li pa peche. Men deja moun sa yo va gen pwoblèm nan vi sa a, e m ap eseye epagne nou. 29 Men mwen di sa, frè m yo, tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen; 30 epi sila ki kriye yo, tankou yo pa t kriye; sila ki rejwi yo, tankou yo pa t rejwi, e sila ki achte yo, tankou yo pa t posede anyen; 31 epi sila ki itilize mond lan, tankou yo pa t itilize li anpil. Paske fòm mond sa a ap disparèt.

32 Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan, 33 men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi. 34 Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi. 35 Mwen di sa pou pwòp benefis pa nou; se pa pou jennen nou, men pou ankouraje sa ki bon, e pou vin gen yon angajman san distraksyon anvè Senyè a.

36 Men si yon moun panse ke l ap aji yon jan ki pa dign anvè pitit fi vyèj li, si li vin gen laj ase, e si sa dwe fèt, kite li fè sa li pito. Li pa peche. Kite li marye. 37 Men sila a ki kanpe fèm nan kè li, san ke li pa anba kontrent, men gen otorite sou pwòp volonte l, e ki deside sa nan pwòp kè l, pou konsève pwòp pitit fi vyèj pa li a, li va fè byen. 38 Konsa, sila ki bay pwòp pitit fi li a nan maryaj ap fè byen, e sila ki pa bay li nan maryaj la ap fè mye.

39 Yon madanm mare selon lalwa a, ak mari li toutotan ke li vivan. Men si mari li mouri, li lib pou marye avèk sila ke li pito, men sèlman nan Senyè a. 40 Men nan refleksyon pa m, l ap pi kontan si li rete jan li ye a. E mwen panse osi ke m gen Lespri Bondye a avè m.

Manje yo ofri bay zidòl ak moun ki fèb yo

Pandan l ap reponn moun ki konvèti yo, Paul anseye, byenke manje bagay yo ofri bay zidòl pa ni bon ni mal an li menm, yo dwe evite abitid sa a, paske egzanp yo ka mennen frè ki pi fèb yo nan peche lè li ankouraje yo panse zidòl yo a se yon vrè dye.

I Korentyen Yo 8

1 Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann. 2 Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko konnen jan li dwe konnen an. 3 Men si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen li.

4 Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye. 5 Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, 6 malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.

7 Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye. 8 Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.