Paul defann dwa li kòm apot
Isit la, Paul defann ministè li kòm apot lè li pran kòm prèv pwòp konvèsyon yo, lè yo te kite relijyon payen an, ansanm ak don espirityèl li te ba yo. Li reponn objeksyon ènmi l yo te leve kont pozisyon li kòm apot, yo menm ki te gen opinyon ak konduit ki te opoze nèt ak pa l yo. Li deklare, byenke li te refize resevwa sipò nan men Korentyen yo, li te gen tout dwa mande sa, ni pou tèt li ni pou sè li, oswa madanm li, menm jan ak lòt apot yo. Li defann dwa li pou resevwa sipò a sou baz abitid lèzòm genyen an jeneral, Lalwa Moïse la, ak kòmandman Kri te bay klèman an.
57 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Èske mwen pa lib? Èske mwen pa yon apòt? Èske mwen pa wè Jésus, Senyè nou an? Èske nou se pa zèv mwen nan Senyè a?
2 Si pou lòt yo mwen pa yon apòt, omwen mwen se yon apòt pou nou. Paske nou se so a ki fè m apòt nan Senyè a.
3 Defans mwen a sila ki jije m yo se sa:
4 Èske nou pa gen dwa pou nou manje ak bwè?
5 Èske nou pa gen dwa pou pran avèk nou yon madanm fidèl nan lafwa, menm jan ak rès apòt yo, frè a Senyè yo ak Céphas?
6 Oubyen èske se sèlman Barnabas ak mwen menm ki pa gen dwa sispann travay?
7 Kilès ki nan nenpòt tan ki sèvi kòm yon sòlda ak pwòp depans pa l? Kilès ki plante yon chan rezen e ki pa manje fwi li? Oubyen kilès ki bèje yon bann mouton e ki pa itilize lèt bann mouton an?
8 Èske mwen pale bagay sa yo jan moun reflechi? Oubyen èske lalwa pa di menm bagay sa yo tou.
9 Paske sa ekri nan Lalwa Moïse la: “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap bat rekòlt la.” Èske nou kwè ke se sou zafè bèf ke Bondye ap pale a?
10 Oswa èske l ap pale espre pou nou? Wi, se pou enterè nou sa te ekri a, paske moun ki laboure tè a dwe laboure avèk espwa, e sila k ap bat rekòlt la dwe bat li avèk espwa ke l ap pataje nan rekòlt la.
11 Si nou te simen bagay ki apatyen a Lespri ki nan nou an, èske se twòp si nou rekòlte bagay materyèl ki soti nan nou yo?
12 Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis?
Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.
13 Èske nou pa konnen ke sila ki fè sèvis adorasyon yo manje manje tanp lan, e sila ki toujou okipe lotèl la gen pòsyon pa yo sou lotèl la?
14 Menm jan an tou Senyè a te dirije sila ki pwokame levanjil yo pou twouve mwayen lavi yo nan levanjil la.
Paul renonse ak dwa li pou l resevwa sipò
Paul bay rezon ki fè li pa reklame dwa li pou legliz Kretyen nan Corinthe lan soutni li: li te pè pou chay li ta mete sou yo a pa fè levanjil la gen mwens siksè. Li deklare jan li anvi fè trè byen nan ministè li. Li satisfè ak devwa li pa ka neglije a, preche, epi li montre jan li mete tèt li nan nivo feblès ak prejije tout kalite moun, pou li ka mennen yo jwenn Kri. Apati vèsè 24, Paul montre li gen rezon ekspoze tèt li devan difikilte ak travay li pa oblije fè, lè li montre yon abitid moun nan pwòp peyi yo genyen, yo menm ki espere genyen sèlman yon kouwòn ki ka peri. Li envite tout moun ki konvèti yo suiv egzanp li, avèk ankourajman esperans sèten pou yo jwenn yon kouwòn ki pa ka peri. Li ankouraje yo mennen yon lavi kote yo toujou renonse ak tèt yo epi kontwole tèt yo.
15 Men mwen pa t itilize okenn nan bagay sa yo. E mwen p ap ekri bagay sa yo pou sa kab fèt nan ka pa m nan; paske li ta pi bon pou m mouri, pase pou m kite okenn moun retire fyète m nan men m.
16 Paske si m preche levanjil la, mwen pa gen anyen pou m ta vante tèt mwen, pwiske mwen anba obligasyon; paske malè a mwen menm si mwen pa preche levanjil la.
17 Paske si mwen fè sa volontèman, mwen deja gen yon rekonpans. Men si se kont volonte m, mwen vin gen yon jerans ki plase sou mwen menm.
18 Konsa, kisa ki rekonpans mwen an? Sa, lè m preche levanjil la, mwen kapab ofri levanjil la san frè, pou m pa sèvi tout dwa ke m gen nan levanjil la.
19 Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.
20 Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.
21 Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.
22 Pou fèb yo mwen te vin fèb, pou m te kapab konvenk fèb yo. Mwen te vini tout bagay pou tout moun pou m ta kapab pa tout mwayen sove kèk.
23 Mwen fè tout bagay pou koz a levanjil la, pou m kapab vin gen dwa patisipe ladann.
24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.
25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.
26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.
27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.
Egzanp Israël la sèvi avètisman pou Korentyen yo
Apati konduit fis Israël yo nan tan lontan, Paul vle konvenk Korentyen yo, menm jan pèp Bondye te favorize a te resevwa gwo pinisyon pou dezòd li ak adorasyon zidòl li, se menm jan an tou Kretyen ki anba levanjil la e ki lage kò yo nan menm peche ak plezi sa yo pral pini san mank, menm jan ak fis Israël yo ki te anba Lalwa. Avèk egzanp sa yo, li avèti yo pou yo evite menm fot yo. Li avèti yo pou yo pa mete twòp konfyans nan tèt yo poutèt yo se manm legliz Kretyen an, men pou yo veye pou yo menm tou yo pa tonbe nan peche.
1 Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a. 2 Epi yo tout te batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a; 3 e yo tout te manje menm manje lespri a. 4 Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la. 5 Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa yo te mouri nan dezè a.
6 Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan yo menm te gen move lanvi a. 7 Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.” 8 Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou. 9 Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo. 10 Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a. 11 Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt. 12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.
Korentyen yo dwe evite adorasyon zidòl
Yo ankouraje Korentyen yo, ki pa fè fas ak okenn tantasyon lòt moun pa konnen, pou yo rete lwen adorasyon zidòl ak manje yo te ofri bay zidòl. Paul sèvi ak pwòp kominyon nou ak lwa seremoni yo pou pwouve yon aksyon konsa se te yon adorasyon vizib pou demon yo: yo te manje nan sakrifis yo ofri bay demon sa yo epi yo te mete tèt yo ansanm ak yo. Adorasyon vrè Bondye a ak adorasyon zidòl pa ka mache ansanm, e sa dezonore Kri.
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
14 Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri. 15 Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a. 16 Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la? 17 Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen. 18 Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?
19 Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay? 20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.
21 Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo. 22 Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?