Manje ki pèmèt ak sa ki bon pou lòt moun

Paul afime ke, byenke anba levanjil la tout manje te legal, li deklare kont fo anseyan yo ke li pa rekòmande pou yo manje tout manje sa yo, paske bati lòt moun nan lafwa dwe pase an premye. Korentyen yo ka manje nenpòt sa yo vann nan mache vyann lan oswa sa yo mete sou tab yon payen, sof si lè yo fè sa yo blese konsyans frè ki pi fèb yo. Kretyen yo dwe chèche glwa Bondye ak byen lòt moun olye de pwòp dezi yo, menm nan aksyon ki pa ni bon ni mal nan yo menm. Yo rele yo pou yo suiv egzanp Paul ki pa t chèche pwòp enterè l, li menm ki te suiv Kri.

57 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

I Korentyen Yo 10:23–11:1

23 Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye. 24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou. 25 Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon. 26 “Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.” 27 Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon. 28 Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè a, ak tout sa ki ranpli l.” 29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt? 30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?

31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye. 32 Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.

33 Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.

11:1 Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.

Paul entèdi fanm yo parèt san vwal

Paul fè lwanj yo paske yo kenbe enstriksyon li yo. Li esplike nati enstriksyon sa yo lè li montre tout gason soumèt anba Kri, fanm nan anba gason an, epi Kri anba Bondye. Piske vwal la se yon siy enferyorite ak soumisyon, fanm yo pa gen dwa parèt san vwal.

I Korentyen Yo 11:2–16

2 Alò mwen fè nou konpliman akoz ke nou sonje mwen nan tout bagay, e nou kenbe fèm a tout sa ke m enstwi nou yo, jis jan ke m te livre yo bannou an. 3 Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la. 4 Tout gason ki gen yon bagay sou tèt li pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. 5 Men chak fanm ki kite tèt li dekouvri pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. Paske li vin menm jan avèk yon fanm ki pase razwa nan tèt li. 6 Paske si yon fanm pa kouvri tèt li, kite li koupe cheve l tou. Men si se yon dezonè pou yon fanm koupe cheve li, oswa pase razwa nan tèt li, kite li kouvri tèt li. 7 Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason. 8 Paske gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason. 9 Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men fanm nan pou koz a gason an. 10 Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.

11 Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan. 12 Paske menm jan ke fanm nan sòti nan gason an, osi gason an gen nesans li atravè fanm nan; men tout bagay sòti nan Bondye. 13 Jije nou menm: èske li bon pou yon fanm priye Bondye avèk tèt li dekouvri? 14 Èske menm lanati li menm pa enstwi nou ke si yon nonm gen cheve long, se yon dezonè pou li, 15 men si yon fanm gen cheve long, se yon glwa pou li? Paske cheve li te donnen kon yon kouvèti pou li. 16 Men si yon moun ta vle diskite kont sa, ni nou menm, ni legliz Bondye yo pa pou gen okenn lòt pratik.

Paul reprimande dezòd nan Soupe Senyè a

Paul reprimande yo poutèt divizyon yo ak gwoup separe yo fòme lè yo reyini pou selebre Soupe Senyè a. Yo pa dwe sèlman reyini nan menm kote, men yo dwe resevwa Soupe Senyè a kòm yon sèl kò, ansanm pou sonje lanmò Kri. Li kondane yo paske yo pote manje nan legliz la epi yo ajoute l nan Soupe Senyè a, sa ki pwofane òdonans sakre a. Pou korije dezòd sa yo, Paul rakonte kijan yo te etabli Lekaristi a, epi li bay enstriksyon pou yo obsève l kòmsadwa.

I Korentyen Yo 11:17–34

17 Men lè mwen bay nou kòmand sila a, mwen pa fè nou konpliman, paske nou pa reyini ansanm pou sa ki pi bon men pou sa ki pi mal. 18 Paske premyèman, lè nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite. 19 Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou. 20 Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a. 21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou. 22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.

23 Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an. 24 Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” 25 Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.” 26 Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a jiskaske Li vini.

27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va koupab de kò ak san Senyè a. 28 Men yon moun dwe egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la. 29 Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a. 30 Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk mouri. 31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije. 32 Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan. 33 Konsa, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, se pou nou tann youn lòt. 34 Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.